Vòt ou a ka chanje Konstitisyon an.

Pwopozisyon nan Eleksyon sa a se pou Amannman nan Konstitisyon Eta a. Gen de pwopozisyon nan tout eta sou Bilten Vòt otòn sa a. Ou ka vote "Wi" oswa "Non" pou chak pwopozisyon sa yo. Pwopozisyon ki sou Bilten Vòt yo ap apwouve si yo resevwa majorite vòt yo.

 Lejislati Eta New York la pwopoze mezi Bilten Vòt nan tout eta a pou Nouyòkè yo vote.

Yo rezime de pwopozisyon sa yo anba a.

2023 Pwopozisyon ki sou Bilten Vòt yo pou Eleksyon Jeneral yo

Nou vle tande ou!

Nou mete kòmantè piblik ki ann akò oswa an opozisyon ak chak pwopozisyon nan Gid Elektè sou Entènèt la, ki pèmèt votè yo wè agiman sou tou de bò nan chak pwoblèm.