Sa ou bezwen konnen​​ 

Lavni nou sou Bilten Vòt, NYC.​​ 

Gen twa fason pou w vote:​​ 

Vòt Antisipe​​ 

Pa tann Jou Eleksyon an! Ou kapab vote alavans an pèsòn epi nan kourye lapòs.​​ 

Aprann plis sou vòt alavans​​ 

Vòt pa Korespondans​​ 

Ou pa bezwen yon rezon pou w vote pa lapòs ankò! Dekouvri de fason pou w vote pa lapòs. 
Jwenn plis enfòmasyon sou fason pou vote pa lapòs​​ 

Jou Eleksyon​​ 

Biwo vòt yo louvri jou eleksyon an ant 6 a.m. pou 9 p.m.Jwenn plis enfòmasyon sou jou eleksyon an​​ 

Lyen ekstèn​​ 

Enskri pou ou vote​​ 

NYC Votes ap fè patenarya ak TurboVote pou ede w enskri pou vote ak konfyans nan mwens pase 5 minit.​​ 

Lyen ekstèn​​ 

Ki kote pou vote​​ 

Konsilte lokalizatè adrès biwo vòt Konsèy Elektoral (Board of Elections) la pou w konnen ki kote ou ka vote!​​ 

FAQ ki pi kouran​​ 

Kisa ki sou bilten vòt la?​​ 

Fonksyon espesifik ki sou bilten vòt ou depann de kote ou abite. Nan yon eleksyon primè, ou deside ki kandida k ap vin kandida pati ou a nan eleksyon jeneral la. Rankontre kandida yo.​​  

Kilès ki elijib pou vote nan eleksyon jeneral yo?​​ 

Ou dwe yon Elektè ki anrejistre pou w vote nan nenpòt Eleksyon. Enskri pou vote.​​ 

Ki sipò ki disponib pou elektè ki gen andikap yo?​​ 

Elektè ki gen andikap yo ka jwenn aksè ak bilten vòt la nan diferan fason, epi yo ka itilize Aparèy pou Make Bilten Vòt nan biwo vòt yo. Aparèy sa yo ofri kat fason pou make bilten vòt ou. Bilten vòt aksesib disponib tou nan Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la. Finalman, ou gen dwa mennen yon moun pou ede ou vote oswa mande yon travayè nan biwo vòt pou ede ou! Aprann plis sou aksesibilite.​​ 

Dat Kle yo​​ 

  • Dat Limit pou Chanje Adrès (Eleksyon Jeneral)​​ 

    Lendi, 19 Oktòb 2026​​ 
  • Dat limit Enskripsyon Elektè yo​​ 

    Samdi, 24 Oktòb 2026​​ 
  • Dat Limit pou Mande Bilten Vòt pa Lapòs - Anliy oswa Pa Lapòs​​ 

    Samdi, 24 Oktòb 2026​​ 
  • Peryòd Vòt Alavans​​ 

    Samdi 24 Oktòb 2026 - Dimanch 1 Novanm 2026​​