Kisa ki sou bilten vòt la an 2026 pou Vil Nouyòk?​​ 

An 2026, moun Nouyòk yo ap vote nan eleksyon pou yo eli dirijan onivo federal, Eta, ak nan Vil. Pi ba a, w ap jwenn yon apèsi sou pwochen eleksyon yo ak fonksyon ki ka parèt sou bilten vòt ou a.​​ 

Eleksyon Primè Mwa Jen​​  

Eleksyon primè yo detèmine ki kandida nan chak pati politik ki prale nan eleksyon jeneral ki ap fèt nan fen ane a.​​   

  • Nan Eleksyon Primè 23 jen an, elektè yo ap wè fonksyon onivo minisipal, onivo Eta, ak onivo federal sou bilten vòt la. Fonksyon sa yo responsab pou yo elabore politik ak desizyon ki gen enpak sou moun Nouyòk nan senk awondisman yo.​​  

*Se sèlman elektè ki enskri nan yon pati politik ki òganize yon eleksyon ki kapab vote nan eleksyo sa a.​​ 

Sa ki Sou Bilten Vòt Ou a​​ 

Dekouvri distri w la ak kote pou w vote.​​ 

Nan eleksyon sa a, tout elektè ki enskri nan yon gwo pati politik kapab vote pou:​​  

  • Gouvènè ak Gouvènè Adjwen​​  
  • Pwokirè Jeneral Eta a​​  
  • Kontwolè Eta a​​  
  • Sena Eta a​​ 
  • Asanble Eta a​​  

Gen kèk elektè ki ka wè fonksyon sa yo tou sou bilten vòt yo a, selon kote yo rete a:​​  

  • Chanm Reprezantan Etazini an​​  
  • Konsèy Minisipal (Distri Konsèy 3 sèlman)​​ 

Eleksyon Jeneral Mwa Novanm​​  

Eleksyon Jeneral la fèt lè tout elektè ki elijib yo kapab vote pou kandida ki pral okipe fonksyon yo. Epitou, moun Nouyòk yo ka vote sou pwopozisyon ki sou bilten vòt yo ki atake pwoblèm ki afekte vil la oswa Eta a.​​ 

 

Prepare pou Vote​​ 

Asire w enfòmasyon ou yo ajou!​​ 

Rankontre Ansyen Kandida yo​​ 

Eksplore Achiv Gid Elektè nou an pou w jwenn enfòmasyon sou kandida yo ak pwoblèm ki te genyen sou bilten vòt la ane ki sot pase yo.​​ 

Vote pa Chwa Preferansyèl​​ 

Èske ap gen zafè Vote pa Chwa Preferansyèl nan Vil Nouyòk an 2026?​​ 

Gen kèk kous elektoral sou bilten vòt ou a ki pral itilize Vote pa Chwa Preferansyèl nan Eleksyon Primè Mwa Jen an ak Eleksyon Espesyal Mwa Avril la.​​  

Dat Kle yo​​ 

  • Change of Address Deadline (June Primary)​​ 

    Lendi, 8 jen 2026​​ 
  • Early Voting Period (June Primary)​​ 

    Samdi, 13 Jen 2026 - dimanch 21 Jen 2026​​ 
  • Dat Limit pou Mande Bilten Vòt pa Lapòs - An Pèsòn​​ 

    Lendi, 22 jen 2026​​ 
  • Mail Ballot Postmark Deadline​​ 

    Madi 23 Jen 2026​​