Vote se yon dwa tout Nouyòkè genyen, se pa yon privilèj.

Nou tout gen dwa pou fè tande vwa nou. Konnen dwa w yo anvan w vote w pou w kapab defann enterè ou yo ak pa lòt yo.

 

Ki dwa mwen genyen antanke yon elektè?

Enskripsyon

Ou kalifye pou w vote si ou:

  • Yon Moun k ap vote ki enskri
  • Gen pou pi piti 18 lane 
  • Yon sitwayen ameriken
  • Kanpe devan biwo vòt ou a anvan lè ki pwograme pou fèmen an rive

Nan Biwo vòt ou a

Ou gen dwa pou w:

  • Mande yon mandatè pou l ede w
  • Mande ak yon entèprèt si w bezwen asistans nan lang
  • Mache ak tout materyèl vòt ou 
  • Vote menm si machin pou vote a anpàn
  • Vote pa afimasyon sou sèman si non w pa nan lis elektè ki nan biwo vòt ou a
  • Pa montre yon pyès idantite si ou pa yon moun k ap vote pou premye fwa

Nan travay

  • Ou gen dwa pran de (2) èdtan konje peye nan kòmansman oswa nan fen sèvis ou an si biwo vòt yo ouvri mwens pase 4 èdtan anvan kòmansman ak fen sèvis ou an. 
    • Sa vle di nan Jou Eleksyon an, ou kapab pran konje peye si w dwe kòmanse travay anvan 10am epi fini travay apre 5pm. Ou dwe avèti patwon ou pou pi piti de jou anvan dat pou vote a.

Dwa pou moun ki te resevwa yon kondanasyon penal oswa kondinasyon pou yon zak kriminèl vote

Si pou kounye a ou nan pwobasyon oswa libète kondisyonèl, ou gen dwa pou ou vote. 

  • Kondanasyon pou deli ak vyolasyon p ap anpeche w vote, menmsi ou ta nan prizon.
  • Si w fèmen nan prizon kounye a paske yo kondane w pou yon zak kriminèl, ou pa ka vote. Men, si yo kondane w pou yon krim epi yo sispann santans ou a, ou ka vote.
  • Si yo te kondane w pou yon zak kriminèl epi yo lage w, ou ka vote. Men, ou dwe enskri ankò pou w ka vote Enskri pou w ka vote.
  • Si yo kondane w pou yon krim federal oswa yo kondane w pou yon zak kriminèl nan yon lòt Eta, ou ka toujou enskri epi vote nan New York.
  • Si pou kounye a ou nan pwobasyon oswa libète kondisyonèl, ou ka vote.
  • Si pou kounye a ou nan prizon pou yon deli oswa si w ap tann jijman, ou ka vote.

Aprann plis sou dwa moun ki te nan prizon deja yo.

FAQ ki pi kouran

Èske mwen dwe bay yon pyès idantite nan biwo vòt mwen an?

Ou pa bezwen bay yon pyès idantite si w te vote nan vil New-York deja. Men, yo ka mande w pou w bay yon pyès idantite si se premye fwa w ap vote epi si w pa t bay yon pyès idantite lè w t ap anrejistre pou w vote a oswa si Konsèy Eleksyon (Board of Elections) an ta pa kapab verifye idantite w. Si ou dwe bay yon pyès idantite, enskripsyon w nan lis elektoral la ap make idantite w pa ko verifye.

Verifye enskripsyon w nan lis elektoral la

Kilès mwen ta dwe rele si gen yon pwoblèm nan Biwo vòt mwen an?

Ou ka rele Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la pou siyale nenpòt pwoblèm ki pase nan Biwo vòt ou an. Rele 1-866-Vote-NYC (1-866-868-3692).

TTY-212-487-5496

Kimoun mwen ka kontakte si yo vyole dwa mwen yo, oswa dwa yon lòt moun?

Ou ka kontakte liy asistans telefonik pou Pwoteksyon Eleksyon an pou w pale ak yon volontè Pwoteksyon Eleksyon ki resevwa fòmasyon epi jwenn sipò legal gratis. Rele 866-OUR-VOTE (866-687-8683).