Ou pral vote pou avni katye w—soti Baychester rive Bed Stuy!
An reyalite, vòt ou nan eleksyon lokal yo ka gen yon pi gwo enpak sou lavi chak jou ou pase eleksyon nasyonal yo. Lwa vil nou an kòmanse ak yon lejislasyon Konsèy Minisipal la ekri epi vote. Dènyèman yo te vote sou pwoblèm tankou konje maladi peye, sèvis gadri, ak transparans salè.
Anplis pou Konsèy Minisipal la, w ap vote tou pou Pwokirè Distri, Jij Tribinal Sivil ak Delege nan Konvansyon Jidisyè a ki la pou nonmen kandida pou Kou Siprèm New York la.
Eleksyon lokal yo enpòtan. 27 jen, avni kominote w la ap nan men w!

"Mwen gen asirans fèm tout moun ka fè diferans nan monn sa a epi youn nan fason pou fè sa se vote." -@risaxu
Fonksyon ki sou bilten vòt la
Eleksyon Primè 27 jen an
- Konsèy Minisipal
- Pwokirè Jeneral Distri (Bronx, Queens, Staten Island)
- Tribinal Sivil
- Delege nan Konvansyon Jidisyè a
- Pozisyon pati yo