Tout Nouyòkè gen dwa vote

Si w bezwen èd pou w ranpli Bilten Vòt ou a akoz yon andikap oswa akoz ou pa metrize anglè, genyen asistans ki disponib. Aprann plis sou dwa w antanke Moun k ap vote nan vil Nouyòk ak kikote pou w jwenn èd si w bezwen.

Aparèy pou make Bilten Vòt 

Dispozitif pou make bilten yo disponib nan tout biwo vòt yo pou ede elektè yo ranpli bilten vòt yo a pandan vòt antisipe a ak jou eleksyon an. Dispozitif sa yo ka itil pou elektè ki avèg, pa wè byen oswa ki genyenn yon andikap oswa yon eta oswa pwoblèm sante ki rann difisil oswa enposib posibilite pou yo make bilten vòt yo ak yon plim. Malgre sa, nenpòt elektè ka mande pou yo itilize yon Dispozitif pou Make Bilten.

Ou ka itilize yon aparèy pou make Bilten Vòt pou w ka wè Bilten Vòt ou a sou yon ekran afichaj, koute chwa w yo nan kas, oswa tradui Bilten Vòt ou a nan lòt lang. Si w ta renmen itilize yon aparèy pou make Bilten Vòt, jis mande yon mandatè!

Aparèy la bay kat fason pou make Bilten Vòt ou a:

  • Ekran tòtch
  • Aparèy Sip & soufle
  • Klavye (Bray)
  • Manèt a baskil

Aprann plis sou Aparèy pou make bilten vòt yo nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) la

Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la esplike kijan pou yo itilize diferan fonksyon Aparèy pou make Bilten Vòt yo

 

Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib

Si w gen pwoblèm vizyon oswa ou pa ka make yon bilten vòt an papye, ou ka toujou vote pa korespondans. Yon lektè ekran kapab li Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib la epi tou ranpli l pa mwayen yon òdinatè. Ou ka mande yon bilten ki aksesib nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la. 

Elektè ki mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib yo kapab itilize teknoloji adaptasyon pèsonèl yo pou make epi enprime Bilten Vòt Moun ki Absan yo lakay yo. Pou vote ak yon Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib, ou dwe enprime Bilten Vòt ou an anvan ou retounen li bay Konsèy Elektoral (Board of Elections) la.

Mande yon bilten vòt pa lapòs

Aksè ak Lang

Dapre lalwa, bilten vòt Vil Nouyòk ak lòt materyèl pou vote yo tradui an Bengali, Chinwa, Koreyen, ak Panyòl nan sèten sit biwo vòt ki baze sou Done Resansman lokal yo.

Men tou, genyen entèprèt ki disponib nan kèk biwo vòt pou bay yon asistans nan lang sa yo ak nan lòt, tankou arab, kreyòl ayisyen, ris, yiddish. Ou ka aprann ki sit vòt ki pwopoze tradiktè nan chak lang sou wèbsayt Komisyon Angajman Sivil (Civic Engagement Commission) a.

Si w bezwen asistans pou lang nan yon biwo vòt, ou gen dwa tou pou w vini ak pwòp entèprèt ou.

Aprann plis sou dwa w antanke elektè

Mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib

Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib

Ou ka mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) la

Mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib
Gade Biwo vòt yo

Asistans pou Lang

Komisyon pou Angajman Sivik Vil Nouyòk (NYC Civic Engagement Commission) la bay entèprèt nan kèk biwo vòt

Gade Biwo vòt yo

FAQ ki pi kouran

Èske mwen ka mennen yon moun pou ede m vote?

Wi! Depi se pa anplwaye w oswa yon reprezantan sendikal, ou ka mennen yon moun pou ede w vote. Ou ka toujou mande yon mandatè pou l ede w.

Èske mwen ka mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib?

Wi! Si w gen pwoblèm vizyon oswa si w gen yon andikap ki mande w pou w sèvi ak yon vèsyon aksesib Bilten Vòt Moun ki Absan yon lektè ekran kapab li epi make dijitalman, ou ka mande yon bilten aksesib nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la. Mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib.

Èske Biwo vòt yo aksesib?

Wi! Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la asire l tout biwo vòt nan vil la aksesib pou tout Moun k ap vote yo pandan peryòd Vòt Alavans yo ak nan Jou Eleksyon an. Si w gen nenpòt pwoblèm ak biwo vòt ou a, ou ka kontakte Konsèy Elektoral (Board of Elections) la nan 1-866-Vote-NYC (212-487-5496).