Fè tande vwa ou
Ou dwe enskri nan lis elektoral pou w ka vote. Dat limit pou enskri pou eleksyon prensipal 27 jen an se jen 17. Kidonk pa tann!
Enskri pou w ka vote nan vil Nouyòk
Men tout sa ou bezwen konnen sou enskripsyon pou w ka vote nan vil Nouyòk.
Elijiblite
Ou kalifye pou w enskri pou vote si ou se:
- yon sitwayen ameriken
- yon rezidan Vil Nouyòk depi pou pi piti 30 jou
- pou pi piti 16 lane (ou ka enskri davans pou vote a 16 oswa 17 lane, men ou dwe gen 18 lane pou w ka vote)
Kijan pou w Enskri pou vote
Enskri davans pou vote nan vil Nouyòk
Si ou genyen 16 oswa 17 lane, ou ka enskri davans pou vote! Apre ou fin enskri davans lan, w ap tou enskri otomatikman nan 18yèm anivèsè nesans ou. Kisa ki ka yon pi bon kado pase sa?
Pou enskri davans, jis swiv enstriksyon ki anwo yo sou enskripsyon pou vote nan vil Nouyòk.
Mete ajou enskripsyon ou
Ou ka mete ajou enskripsyon elektè w la lè w soumèt yon nouvo fòm enskripsyon elektè bay Konsèy Elektoral la. Rezon ki fè yo mete ajou enskripsyon ou:
- Ou chanje non ou
- Ou te deplase nan vil Nouyòk
- Ou vle mete ajou afilyasyon pati ou
Tradui Fòm Enskripsyon nan lis Elektoral yo
Biwo Majistra ki Responsab Afè Imigran (Mayor’s Office of Immigrant Affairs) an te bay lòt tradiksyon pou fòm enskripsyon nan lis elektoral yo nan lang sa yo. Fòm sa yo dwe ranpli ann anglè.
বাংলা | 繁體中文 | 한국어 | Español | العربية |
Polski | Kreyòl Ayisyen | Français | Русский язык | اردو |
Eλληνικά | Italiano | Tagalog | Shqip | אידיש |
Dat Kle yo
-
Dat limit pou mete adrès ou a ajou
Lendi, 12 jen 2023 -
Dat limit demann bilten vòt absan (sou entènèt oswa pa lapòs)
Lendi, 12 jen 2023 -
Dat limit Enskripsyon Elektè yo
Samdi, 17 Jen 2023 -
Vòt Antisipe
Samdi, 17 Jen 2023 - dimanch 25 Jen 2023