Vòt Alavans la! Vote alavans samdi mas 23 - samdi mas 30. Jou Eleksyon an se madi avril 2.

Si w pa ka vote an pèsòn nan NYC votes, vote nan kourye lapòs

Vote pa lapòs se yon opsyon ki san danje, ki fasil epi ki sekirize pou moun ki bezwen li!

Ou ka mande yon Bilten vòt moun ki absan si w gen yon rezon valab, tankou si w pa Nouyòk nan Jou Eleksyon an oswa si w gen yon maladi oswa yon andikap fizik. 

Èske w te konnen: Plis pase 33x plis elektè te mande Bilten Vòt moun ki absan nan eleksyon primè prezidansyèl jen 2020 an pase nan eleksyon primè prezidansyèl 2016 la.

Kijan pou w vote pa lapòs

Kesyon ki Poze Souvan

Ki rezon valab pou m genyen pou m ka mande yon bilten vòt moun ki absan?

Ou ka mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan si w pa nan Vil Nouyòk nan jou eleksyon an, si w gen yon maladi oswa yon andikap fizik, si w se yon founisè swen primè pou moun ki malad oswa ki andikape, si w se rezidan oswa pasyan nan yon Lopital nan Administrasyon Sante Veteran yo, oswa si w nan prizon oubyen si w ap tann jijman. Ou ka make rezon ou an sou fòmilè demann Bilten Vòt Moun ki Absan ou an. Mande Bilten Vòt Moun ki Absan ou an.

Èske mwen kapab toujou vote an pèsòn si mwen mande oswa soumèt yon Bilten Vòt Moun ki Absan?

Si w mande yon bilten vòt pa lapòs, ou dwe planifye pou w vote ak li. Ou ka depoze bilten vòt pa lapòs ou a nan nenpòt ki biwo vòt lè biwo vòt yo ouvè. Men, si ou chwazi vote an pèsòn apre ou fin mande yon bilte vòt pa lapòs, ou dwe vote ak yon bilten vòt pa afidavit nan biwo vòt ou a. Bilten sa ap parèt diferan. Mande yon moun k ap travay nan biwo vòt yo èd si ou bezwen sa.

Èske mwen ka vote kòm moun ki absan an pèsòn?

Sa ka parèt etranj, men se vre! Ou kapab vote ak yon Bilten Vòt Moun ki Absan an pèsòn nan biwo konsèy elektoral awondisman (Board of Elections) ou an.Biwo yo ouvri 9am-5pm lendi jiska vandredi, ak nan wikenn anvan Jou Eleksyon an.Opsyon sa a kapab itil ou si ou pa respekte dat limit pou w mande yon Bilten Vòt anliy oswa nan kourye lapòs. Jou Eleksyon an, biwo yo ap ouvri jiska 9 p.m. Jwenn biwo Konsèy Elektoral (Board of Elections) lokal ou a.

Èske mwen ka antre nan yon lis Bilten Vòt Moun ki Absan pèmanan?

Wi! Si w malad oswa andikape nan yon fason ki pèmanan epi w pa ka ale nan biwo vòt ou a, ou kapab antre nan lis Bilten Vòt Moun ki Absan pèmanan Konsèy Elektoral (Board of Elections) la. Pou w ka antre, koche ti kare ki make "maladi oswa andikap fizik pèmanan" sou demann Bilten Vòt Moun ki Absan an. Konsèy Elektoral (Board of Elections) la ap voye otomatikman pou ou yon fòm demann Bilten Vòt Moun ki Absan pou chak eleksyon ou kalifye pou w vote.

Mande Kounye a

Mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan

Ou ka mande Bilten Vòt Moun ki Absan pa w la nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la

Mande Kounye a
Swiv Bilten vòt mwen an

Swiv Bilten Vòt Moun ki Absan mwen an

Ou ka swiv Bilten Vòt sou an liy sou sit Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la

Swiv Bilten vòt mwen an

Dat Kle yo

  • Vòt Antisipe

    Samdi 23 mas 2024 - Sam, 30 mas 2024
  • Dat limit pou demann Bilten Vòt Alavans/Bilten Vòt Moun moun ki Absan nan kourye lapòs/korespondans (an pèsòn)

    Lendi 1ye avril 2024
  • Jou Eleksyon Primè Prezidansyèl

    Madi 2 avril, 2024
  • Dat limit pou w retounen Bilten Vòt Alavans yo/Bilten Vòt Moun ki Absan yo a nan kourye lapòs/korespondans

    Madi 2 avril, 2024