Kijan pou w ranpli bilten Vòt avèk Klasman Chwa ou a​​ 

Avèk Vòt pa Chwa Preferansyèl, ou ka klase jiska senk kandida nan lòd preferans olye pou w chwazi youn sèlman. Men ki jan pou w ranpli bilten vòt ou a:​​ 

  1. Chwazi 1ye kandida ou a epi ranpli oval ki bò kote non li a anba 1ye kolòn nan.​​ 
  2. Si ou gen yon 2zyèm kandida, ranpli oval ki bò kote non li a anba 2zyèm kolòn nan.​​ 
  3. Ou ka klase jiska senk kandida. Ou ka toujou vote pou yon sèl kandida si ou prefere. Men, chwazi klase lòt kandida pa nwi 1ye chwa ou a.​​ 

Pratike sou yon echantiyon bilten vòt!​​ 

Sèvi ak Echantiyon Bilten Vòt sa a pou pratike klasman chwa w yo! N ap fè w konnen si Bilten Vòt ou an byen ranpli oswa kijan pou w korije l si w fè yon erè.​​ 

Klase jiska 5 chwa.​​ 

Sèlman klase yon kandida nan chak kolòn
Pa klase okenn kandida plis pase yon fwa​​ 

Klase jiska 5 chwa.​​ 

Sèlman klase yon kandida nan chak kolòn
Pa klase okenn kandida plis pase yon fwa​​ 

1ye Chwa​​ 
2yèm Chwa​​ 
3yèm Chwa​​ 
4yèm Chwa​​ 
5yèm Chwa​​ 
Vyolèt​​ 
Ble​​ 
Vèt​​ 
Jòn​​ 
Oranj​​ 
Woz​​ 

FAQ ki pi kouran​​