Kòman yo pral konte Bilten Vòt ou a

Tout 1ye chwa vòt yo konte. Si yon kandida resevwa plis pase 50% vòt, li genyen!

Men tou, si pa gen okenn kandida ki fè plis pase 50% nan 1ye chwa vòt la, lè sa a kontaj yo ap kontinye nan yon lòt tou.

Nan chak tou, kandida ki gen mwens vòt la ap elimine. Si yo elimine kandida ki pi wo nan klasman ou an, vòt ou a pase pou pwochen kandida ki vin pase pou pi wo a nan bilten vòt ou a.

Pwosesis sa a ap kontinye jiskaske gen sèlman 2 kandida ki rete. Kandida ki gen plis vòt la genyen!

Kijan pou w ranpli bilten Vòt avèk Klasman Chwa ou a

Aprann kijan pou w ranpli bilten Vòt avèk Klasman Chwa ou a kòrèkteman. Apre sa a, pratike klasman chwa ou yo!

Eseye yon bilten vòt pou fè pratik

Kisa k ap pase si yo elimine pi bon kandida mwen an?

Vòt ou a ap pase pou kandida ki vin aprè ki klase pi wo sou bilten w lan.

Ak Vòt avèk Klasman Chwa yo, ou kapab gen enpak sou moun ki genyen an si kandida premye chwa w la elimine.

esplikasyon sou tabilasyon bilten vòt fèmen yo

Kijan yo konte: Lè yon kandida elimine, bilten vòt sa yo ap pase nan pwochen chwa elektè a.

Tablo Rezilta Tabilasyon Bilten Vòt yo

Bilten vòt ou a: Pwochen vòt ou chwazi a konte. 

FAQ ki pi kouran

Èske klase 5 kandida vle di mwen gen 5 vòt?

Non. Vòt ou a konte sèlman pou pi wo kandida aktif sou Bilten Vòt ou a. Vòt ou a ap konte pou 2yèm chwa sèlman si 1ye chwa w la elimine, epi l ap kontinye konsa.

Kilè mwen ka atann rezilta yo nan kad Vòt avèk Klasman Chwa a?

Yo p ap bay rezilta final eleksyon ki gen Vòt avèk Klasman Chwa yo toutotan yo pa fin konte tout Bilten Vòt Moun ki Absan yo ak Bilten Vòt militè yo, sa ki ka pran plizyè semèn apre Jou Eleksyon an.

Ki kote mwen ka jwenn rezilta eleksyon ofisyèl yo?

Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la ap bay rezilta preliminè eleksyon yo aprè yo fin fèmen Biwo vòt yo nan Jou Eleksyon an. Men, pyès Bilten Vòt Moun ki Absan p ap antre nan rezilta sa yo. Aprè yo fin resevwa tout Bilten Vòt Moun ki Absan yo, y ap fin konte yo epi pibliye rezilta final sètifye yo. Ou ka jwenn rezilta eleksyon yo sou sit entènèt Konsèy Elektoral (Board of Elections) Nouyòk la. Vizite sit entènèt Konsèy Elektoral (Board of Elections) la.