Sa ou bezwen konnen

Pou eleksyon primè 27 Jen an, ou ka vote alavans, pa lapòs, oswa Jou Eleksyon an.

Twa Fason Pou Vote

  Vote Alavans

Ou pa bezwen tann Jou Eleksyon an pou w vote an pèsòn! Vòt Alavans kòmanse nan 17 Jen epi li disponib chak jou jiska 25 Jen.

Sèl diferans ki genyen ant vote alavans ak vote nan Jou Eleksyon an se kote ak kilè ou vote a. Biwo vòt alavans ou a ka diferan pa rapò ak biwo vòt ou nan Jou Eleksyon an, epi lè yo varye. Aprann plis sou vòt alavans.

Jwenn plis enfòmasyon sou vòt antisipe yo

  Vòt pa Korespondans

Ou ka mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan si w gen yon rezon valab, tankou si w pa Nouyòk nan Jou Eleksyon an oswa si w gen yon maladi oswa yon andikap fizik. Aprann plis sou Vòt nan Kourye (Vòt pa korespondans).

Aprann plis sou vòt nan kourye

  Jou Eleksyon

Menm jan ak anvan, ou ka vote an pèsòn nan Jou Eleksyon an 27 jen. Biwo vòt yo louvri soti nan 6am-rive 9 pm.

Ou dwe vote nan biwo vòt yo make pou w an. Jwenn plis enfmasyon sou Jou Eleksyon an.

Jwenn plis enfòmasyon sou jou eleksyon an

Dat Kle yo

  • Dat limit demann bilten vòt moun ki absan yo (sou entènèt)

    Lendi, 12 jen 2023
  • Dat limit Enskripsyon Elektè yo

    Samdi, 17 Jen 2023
  • Dat limit pou mete adrès ou a ajou

    Samdi, 17 Jen 2023
  • Vòt Antisipe

    Samdi, 17 Jen 2023 - dimanch 25 Jen 2023
Jwenn Biwo vòt Mwen an

Ki kote pou vote

Vizite sit entènèt Konsèy Elektoral (Board of Elections) la pou w konnen ki kote w ka vote!

Jwenn Biwo vòt Mwen an
Mande kounye a

Mande Bilten Vòt Moun ki Absan

Ou ka mande Bilten Vòt Moun ki Absan pa w la nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la

Mande kounye a