Vote se yon dwa tout Nouyòkè genyen, se pa yon privilèj.
Ki dwa mwen genyen antanke yon elektè?
Nou tout gen dwa pou nou fè tande vwa nou. Konnen dwa ou genyen yo anvan w vote pou w kapab defann enterè w yo ak enterè pa lòt moun.
Enskripsyon
Ou kalifye pou w vote si ou:
- Yon elektè ki enskri.
- Gen pou pi piti 18 lane.
- Yon sitwayen ameriken.
- Kanpe sou liy nan biwo vòt ou a anvan lè ki pwograme pou fèmen an rive.
Nan Biwo vòt ou a
Ou gen dwa pou w:
- Mande yon travayè nan biwo vòt ede w.
- Itilize yon entèprèt si w bezwen asistans nan lang.
- Mache ak tout materyèl vòt ou.
- Vote menm si machin vòt la an pàn.
- Vote ak bilten vòt sou sèman si non w pa nan lis elektè ki nan biwo vòt ou a.
- Pa montre yon pyès idantite si ou pa yon moun k ap vote pou premye fwa.
- Biwo vòt ki aksesib ak èd pou ede moun ki gen andikap yo vote.
Nan travay
- Ou gen dwa pran de (2) èdtan konje peye nan kòmansman oswa nan fen sèvis ou an si biwo vòt yo ouvri mwens pase 4 èdtan anvan kòmansman ak fen sèvis ou an.
- Sa vle di nan Jou Eleksyon an, ou kapab pran konje peye si w dwe kòmanse travay anvan 10 è nan maten epi fin travay apre 5 è nan apremidi. Ou dwe avèti patwon ou pou pi piti de jou anvan dat pou vote a.
Dwa pou moun ki te resevwa yon kondanasyon penal oswa kondinasyon pou yon zak kriminèl vote
Si pou kounye a ou nan pwobasyon oswa libète kondisyonèl, ou gen dwa pou ou vote.
- Kondanasyon pou deli ak vyolasyon p ap anpeche w vote, menmsi ou ta nan prizon.
- Si w fèmen nan prizon kounye a paske yo kondane w pou yon zak kriminèl, ou pa ka vote. Men, si yo kondane w pou yon krim epi yo sispann santans ou a, ou ka vote.
- Si yo te kondane w pou yon zak kriminèl epi yo lage w, ou ka vote. Men, ou dwe enskri ankò pou w ka vote Enskri pou w ka vote.
- Si yo kondane w pou yon krim federal oswa yo kondane w pou yon zak kriminèl nan yon lòt Eta, ou ka toujou enskri epi vote nan New York.
- Si pou kounye a ou nan pwobasyon oswa libète kondisyonèl, ou ka vote.
- Si pou kounye a ou nan prizon pou yon deli oswa si w ap tann jijman, ou ka vote.