Èske m ap konnen ki moun ki te genyen nan Jou Eleksyon an?
Petèt, men pa etone si nou ta oblije rete tann kèk semèn. Konsèy Eleksyon (Board of Elections) an kapab resevwa bilten vòt pa korespondans yo jiska sèt (7) jou apre Jou Eleksyon an, kidonk yo ka poko konnen rezilta kèk kous jiskaske yo resevwa tout bilten vòt yo.
Èske Mwen ka vote pa korespondans?
Wi nan chak eleksyon, tout moun New York kapab vote pa lapòs kounye a, yo pa bezwen okenn eskiz.
Jwenn enfòmasyon sou fason pou vote pa lapòs.
Kibò mwen dwe vote?
Ou kapab vote an pèsòn nan biwo vòt yo deziyen pou ou nan Jou Eleksyon an, biwo Vòt Alavans yo deziyen pou ou a, oswa lakay ou avèk yon bilten vòt pou vote pa lapòs.
Aprann fason pou w vote.