22 avril 2026
Anvan Nouyòkè yo te soti an kantite rekò ane pase a, yon gwoup rezidan Chinwa nan Brooklyn te koute avèk anpil atansyon yon seminè sou dwa pou vote nan yon Sant Kominotè nan Bensonhurst. Manm piblik la te reponn kesyon sou patisipasyon sivik an Kantonè. Ak je yo sou sak twal yo, epi men yo sou gid elektè ki tradui yo, moun nan zòn nan te fè konpetisyon pou genyen pri ki gen mak NYC Votes kòm rekonpans pou konesans sivik yo. Malgre anpil nan yo te deja enskri pou vote, manm kominote a te rasanble pou aprann plis sou resous lang ki disponib yo ak aksesiblite pou vote.
Kolaborasyon ant NYC Votes ak òganizasyon kominotè sa a bay yon ti apèsi sou yon vil ki chaje ak divèsite lengwistik, kote 3.8 milyon Nouyòkè, sou 8 milyon, pale yon lang ki pa anglè lakay yo, ak plis pase 700 lang yo pale chak jou. Epi chak grenn moun ladan yo merite opòtinite pou vote nan lang pa yo epi jwenn aksè ak enfòmasyon fyab sou vòt.
Kolaborasyon ant NYC Votes ak òganizasyon kominotè sa a bay yon ti apèsi sou yon vil ki chaje ak divèsite lengwistik, kote li genyen lakay li 3.8 milyon Nouyòkè, sou 8 milyon, ki pale yon lang ki pa anglè lakay yo, ak plis pase 700 lang yo pale chak jou. Epi chak grenn moun ladan yo merite opòtinite pou vote nan lang pa yo epi jwenn aksè ak enfòmasyon fyab sou vòt.
Ozetazini, pou kounye a pa gen okenn kondisyon lang pou vote, epi lang ou pale a pa afekte kalifikasyon elektè pami sitwayen ameriken yo. NYC Votes ap reponn ak bezwen sa a lè li mete devan inisyativ miltileng pou tout Nouyòkè. Lè aksè nan lang ouvri pòt elektoral la pou plis moun, vòt yo reprezante kominote yo avèk presizyon.
Lè aksè nan lang ouvri pòt elektoral la pou plis moun, vòt yo reprezante kominote yo avèk presizyon.
Ane sa a, pral gen yon eleksyon nan tout eta a pou Gouvènè, ki se menm biwo ki te kreye Biwo Aksè nan Lang Eta Nouyòk. Depi 2022, eta Nouyòk egzije entèprèt oral nan ajans ki jwenn finansman eta a epi li distribye tradiksyon dokiman enfòmasyon pou elektè yo. Pou ede plis Nouyòkè konprann kijan pou yo vote, ajans gouvènmantal vil yo dwe respekte règleman eta a ak règleman vil la.
Yon depliyan evènman NYC Votes 2024 ki tradui an koreyen pou eleksyon primè prezidansyèl la, ki bay enfòmasyon pou elektè yo ak detay sou eleksyon an.
Kòm yon pati nan konfòmite sa a, Konsèy Finansman Kanpay la (CFB, ajans ki dirije inisyativ NYC Votes la) suiv lòd ansanm lwa kle yo. Lwa sou Dwa pou Vote a ak Lwa Lokal 48 se lwa sou aksè nan lang ki gen enpak dirèk sou efò edikasyon elektè NYC Votes yo. Lwa Lokal 30 egzije ajans gouvènmantal Vil Nouyòk yo pou yo nonmen yon Kowòdonatè Aksè nan Lang, devlope yon Plan Aplikasyon Aksè nan Lang (LAIP), bay sèvis lengwistik (tradiksyon ak entèpretasyon), ofri sèvis entèpretasyon gratis nan lang yo deziyen pou piblik la, fòme anplwaye yo sou pwotokòl aksè nan lang yo, rapòte done, epi fè plent.
Santiago Torres, premye Direktè Aksè nan Lang ajans lan, te toujou pasyone pou egalite lang; pasyon sa a te kòmanse lè li t ap entèprete pou manman li depi li te piti. Tankou anpil Nouyòkè, entèprete enfòmasyon nesesè pou moun li renmen yo pa t travay li, men se te yon pati nan lavi chak jou li ak fason li te navige nan mond lan. Avèk eksperyans sa a nan tèt li, epi an konsiderasyon tout Nouyòkè ki gen yon koneksyon ak lang, Torres te devlope yon Plan Aplikasyon pou Aksè nan Lang an 2024 pou CFB a, ki dekri objektif ajans lan pou elaji aksè pou tout elektè, kanpay, ak kontribitè yo. Elektè imigran yo, tankou nouvo Ameriken yo ak moun ki gen kapasite limite nan lang angle, te reprezante 16.4% elektè nan Nouyòk an 2024. Nan plan piblik la, Torres eksplike ke kèk katye ki gen pi ba to patisipasyon elektè yo souvan gen Nouyòkè ki sitou pale yon lang ki pa anglè.
Yon egzanp yon grafik NYC Votes ki tradui an arab pa ekip CFB Aksè nan lang pou eksplike Vote pa Chwa Preferansyèl.
Pou adrese inegalite sistemik sa a, NYC Votes kowòdone ak patnè kominotè miltileng pou mennen tout Nouyòkè yo vote nan biwo vòt yo. Pou rive jwenn tout kominote yo, NYC Votes kolabore ak òganizasyon tankou Homecrest Community Services, òganizasyon patnè Bensonhurst ki mansyone pi wo a, ki sèvi kominote ki pale kantonè nan Sid Brooklyn. Plan Aplikasyon an fè objektif sa yo tounen reyalite lè li dekri etap pou adapte efò sansibilizasyon yo ak inisyativ k ap vini yo selon bezwen elektè yo.
Pandan Torres ap dirije chanjman estratejik yo atravè ajans lan, travay detaye Tenzin Yangkyi a bay vizyon li yo lavi. Tenzin pale twa lang byen, l ap aprann de lòt, epi li swete vin yon poliglòt, li di lanmou li pou lang yo soti nan pwòp eksperyans li te fè lè li t ap imigre pou ale ak soti ant anviwònman kote yo pale plizyè lang, lè li te adolesan.Li vize ede kreye materyèl tradui ki gen bon kalite, ki fèt ak anpil swen, epi ki adapte espesyalman pou kominote yo fèt pou yo a.Li kwè ke "viv nan yon vil kote yo pale plizyè lang se pa yon obstak, men se yon mwayen pou bati koneksyon ak yon pòtay pou antre nan diferan vizyon sou mond lan ak diferan pèspektiv.”
Viv nan yon vil miltileng se pa yon obstak, men se yon mwayen pou bati koneksyon ak yon pòtay pou diferan vizyon sou lemonn ak diferan pèspektiv.
Kòm Manadjè Sèvis Lang, Yangkyi konsantre sou tradui resous pou elektè yo epi elaji sèvis lang pou pataje bon jan enfòmasyon pou elektè yo ak materyèl angajman sivik ki touche moun yo epi ede bati konfyans ak kominote a.Avèk sipò espesyalis tankou Karla Matute Parini, lengwis panyòl entèn lan, ekip la suiv yon pwosesis byen reflechi pou tradui materyèl yo. Yo itilize yon bazdone tradiksyon moun te fè deja, zouti pwofesyonèl nan domèn nan, ak meyè pratik pou amelyore efikasite epi asire konsistans.Si w ap li sa a nan lang ou, se yon ekip moun ki tradui atik sa a, se pa entèlijans atifisyèl (IA).
Gras ak travay ekip Aksè nan Lang lan, gid elektè NYC Votes la disponib nan 13 lang, tankou arab, bengali, chinwa (senplifye ak tradisyonèl), fransè, kreyòl ayisyen, enndi, koreyen, polonè, panyòl, ris, oudou, ak pendjabi. Si w enterese kandida pou yon fonksyon nan Vil Nouyòk, ou ka konsilte Gid Sèvis Kandida Komisyon Finansman Kanpay Vil Nouyòk la, yon resous pou kanpay ki disponib nan 11 lang, pou asire alafwa kandida yo ak elektè yo gen yon chans jis pou patisipe nan demokrasi nou an.
Torres fè remake vil la menm enfliyanse fason nou pale lang nou yo. Lè nou pran konpleksite sa yo an konsiderasyon, li di: "Lang se pa sèlman kominikasyon, se yon echanj kiltirèl. Gen nyans nan lang, epi eksperyans yo soti ladan l."
Lang se pa sèlman kominikasyon, se yon echanj kiltirèl. Gen nyans nan lang, epi eksperyans yo soti ladan l.
Yangkyi fè remake tou kijan kominote lokal yo ka pale menm lang yo yon fason diferan, li obsève ke: “Nou ka wè sa nan panyòl yo pale espesyalman nan Vil Nouyòk, nan dyalèk chinwa yo, oswa nan yon kominote ris ki gen pwòp karakteristik pa li.”
Yon anons NYC Votes nan tren an chinwa yo te itilize an 2022 pou ankouraje enfòmasyon pou elektè yo ak angajman sivik.
Pou kontinye elan ekip la pou grandi, Torres vize double gwosè aktyèl ekip la epi mete evalyasyon konpetans nan lang pou nouvo anplwaye yo. Lè nou ankouraje divèsite lengwistik, plis nan nou ka kominike youn ak lòt. Epi kominikasyon sa a ap elaji: ajans lan ap ajoute 33 nouvo lang nan sèvis tradiksyon ekri li yo, sa ki bay aksè a 46 lang selon chak ka. Elektè yo kapab jwenn aksè tou ak sèvis entèpretasyon oral ak nan telefòn nan plis pase 100 lang, tankou Lang Siy Ameriken. Pou jwenn plis resous sou sèvis lang gratis nan ajans gouvènmantal Vil Nouyòk yo, al gade nan Biwo Majistra a nan Vil Nouyòk pou Zafè Imigran.
Ekip Aksè nan Lang lan gen objektif pou entegre konsyans lengwistik nan tout sa l ap fè, depi nan kòmansman rive nan fen chak pwojè, ni devan piblik la ni dèyè sèn nan. Pou lavni, Torres pataje: “objektif ideyal la se lè kontni sispann se kontni arab, oswa kontni bangla, oswa kontni panyòl; li vin jis kontni.”
Nou vle ogmante to patisipasyon elektè yo. Men an menm tan, nou vle tou pou [Nouyòkè yo] konprann gen yon plas pou yo.
Yon rapèl enpòtan ki gen rapò ak santiman sa a: nan nenpòt eleksyon, ou gen dwa pote gid elektè nan lang ou prefere a pou w vote nan biwo vòt la. Ou ka vini ak yon entèprèt tou, kit ou chwazi yon zanmi, yon manm fanmi, oswa yon travayè nan biwo vòt, pou asire ou vote avèk presizyon. Kòm yon elektè ki kalifye, ou gen dwa pou w an sekirite tou: pèsonn pa ka entimide w san yon manda.
Lè tout Nouyòkè yo ka vote san obstak, nou ka eli yon gouvènmantal ki reprezante nou epi ki satisfè bezwen kominote nou yo. Ak bilten vòt yo kòm twal nou, vwa miltileng nou yo ka bay vil dinamik nou tout rele lakay la koulè.