1. Edit event
If you would like to make changes to an event, select the Edit tab from the event's administrative page.
Nan onglè Modifye (Edit) a ou ka mete ajou detay evènman an epi fèmen, louvri, oswa efase evènman an. Efase yon evènman posib sèlman si pa t gen okenn kontribisyon ki te fèt pou evènman sa a. Aksyon sa a pa ka defèt.
W ap resevwa yon imèl pou nenpòt modifikasyon ki fèt nan evènman ou a. Si detay evènman yo modifye apre yo fin telechaje evènman an nan C-SMART, sèvi ak detay ki nan imèl sa a pou fè chanjman ki nesesè yo nan evènman an nan C-SMART.
Si ou fèmen aksidantèlman yon evènman anvan li te rive, evènman an ka relouvri. Kontakte ajan lyezon Sèvis Kandida ou a si w bezwen relouvri yon evènman.
Pou w pèsonalize montan kontribisyon yo sou paj evènman ou an, klike sou onglè Tools (Zouti) sou paj administratif evènman an epi mete montan yo ajou sou Custom Amount Tool (Zouti Pèsonalizasyon Montan). Asire w ou seleksyone Save New Defaults (anrejistre Nouvo Defo lè) w fini. Si w swete afiche pi piti pase senk montan kontribisyon, antre $0 nan youn nan domèn ki lye ak montan kontribisyon yo. Montan $0 p ap parèt sou paj evènman pou kolekte fon an.
2. Manage and view fundraising events
Retounen nan onglè Fundraising Events (Evènman pou Kolekte Lajan) pou gade evènman ou yo. Yo ka triye Evènman yo apati Dat ak Lè, Non Evènman an, Estati, ak Kontribisyon Total lè w klike sou chak antèt.
Click Preview to view the event page that will be shared with contributors. To return to the event’s administrative page, click the hyperlinked event name.
3. Review contributions received at a fundraising event
Nan onglè Kontribisyon nan paj administratif evènman an, yo ka triye kontribisyon endividyèl yo dapre Dat ak Lè yo te resevwa yo, Non kontribitè a, ak Kantite kontribisyon an. Nan paj sa a, ou kapab tou ekspòte lis kontribisyon yo te resevwa atravè paj evènman sa a kòm yon dosye CSV.
Menm jan ak nenpòt lòt kontribisyon yo te resevwa atravè Contribute, yo dwe rapòte kontribisyon ki te fèt nan evènman yo nan menm peryòd divilgasyon an kote yo te resevwa yo a epi yo te telechaje dirèkteman nan C-SMART. Yo dwe reklame kontribisyon yo te fè nan evènman yo tou pou konpansasyon tankou nenpòt lòt kontribisyon yo aksepte.
Remak: Menm jan ak lòt kontribisyon yo te resevwa nan Contribute, yo ap dedwi frè pwosesis Stripe yo nan kontribisyon yo te resevwa nan paj evènman pou kolekte lajan yo.