Biwo ki sou bilten vòt ou a
Afiche rezilta pou
Lòt kous sou Bilten Vòt ou
Pou w jwenn lis konplè kous elektoral yo sou bilten vòt ou a, anplis de kandida yo, ou ka konsilte Lokalizatè Biwo Vòt Konsèy Elektoral (Board of Elections) la epi antre adrès ou a. Aprè ou fin antre adrès ou a, klike sou "Afiche Echantiyon Bilten Vòt" nan tèt paj la.
Konsènan Gid Elektè a
Sa a se vèsyon dijital Gid Elektè pou eleksyon espesyal fonksyonè NYC yo pou fevriye 2024 la. Se kandida yo ki te soumèt pwofil ak foto ki nan Gid sa a bay Konsèy Finansman Kanpay la (Campaign Finance Board), kote yo tout te deklare enfòmasyon yo bay yo se verite dapre sa yo konnen. Opinyon ki eksprime nan deklarasyon kandida yo se pa opinyon Konsèy Finansman kanpay la. Gid sa a bay lis tout kandida ki dwe parèt nan Bilten Vòt la nan moman piblikasyon an.