Antre nan Konvèsasyon an.
Ki kote mwen kapab gade deba yo?
- Gade anrejistreman 2yèm Deba nan kad Eleksyon Jeneral la: Anglè | Español
- Gade anrejistreman 1ye Deba nan kad Eleksyon Jeneral la: Anglè | Español
- Ou te rate deba an dirèk Eleksyon Primè mwa Jen an? Gade yo kounye a sou chèn Youtube nou an.
Esponnsò ane 2025 yo
WNBC ak NY1 se patnè nou nan zafè difizyon pou deba nan tout vil la pou sezon vòt nan Eleksyon Jeneral 2025 lan.
![]() |
WNBC nan tèt kole avèk Telemundo 47 New York (WNJU), ak POLITICO |
![]() |
NY1 nan tèt kole avèk Spectrum Noticias, WNYC/Gothamist, THE CITY, New York Law School's Center for New York City and State Law, The Museum of the City of New York, Craig Newmark Graduate School of Journalism nan CUNY, ak John Jay College of Criminal Justice |
Kisa ki deba yo?
- Deba New York City yo fè chak ane ansanm ak eleksyon yo pou fonksyon ki pou tout vil la - Majistra (Mè), Kontwolè fiskal ak Defansè Piblik.
Poukisa deba yo enpòtan?
- Se yon opòtinite pou jwenn plis enfòmasyon sou pozisyon kandida yo sou pwoblèm ki enpòtan pou ou. Epi se yon opòtnite inik tou pou tande kandida yo nan konvèsasyon dirèkteman youn ak lòt.
Kiyès k ap patisipe nan deba yo?
- Kandida yo dwe satisfè sèten kritè pou yo ka elijib pou etap deba a, tankou fòk yo te ranmase ak depanse ase lajan pou montre yo gen sipò tout moun New York alawonnbadè.
Kisa ki koneksyon an ak Pwogram Fon an Kontrepati a?
- Patisipasyon nan deba Fonksyonè vil la obligatwa pou kandida k ap prezante pou fonksyon ki pou tout vil la patisipe nan Pwogram Fon an Kontrepati a.
- Ni pwogram fon an kontrepati ak deba yo bay opòtinite pou Nouyòkè yo patisipe nan eleksyon lokal yo, lè w montre sipò w oswa lè w jwenn plis enfòmasyon. Pwogram Fon an Kontrepati fè li pi fasil pou moun òdinè yo prezante pou fonksyon lè yo ranfòse don ti lajan ak fon piblik. Deba yo bay kandida yo opòtinite pou pataje plan yo ak pryorite yo ak elektè yo, yon fason pou elektè yo kapab wè ki kandida ki aliyen ak sa ki enpòtan pou yo.

