Montre rezilta pou
Distri vòt ou yo pati konsa:
- Distri Asanble Eta a
- Distri Sena Eta a
- Distri Chanm Reprezantan Ameriken an
Distri Kongrè a
Chanm Reprezantan yo se chanm bas nan Kongrè Ameriken an. Reprezantan yo elabore, debat, epi vote sou lejislasyon an, epi kontwole tout branch gouvènman an.
Rankontre kandida yo
Sena Ameriken
Sena Ameriken an se chanm wot Kongrè Ameriken an. Senatè yo elabore, debat, epi vote sou lejislasyon an, konfime nominasyon prezidansyèl yo tankou jij Kou Siprèm, epi kontwole tout branch gouvènman an.
Rankontre kandida yo
Manm Asanble
Asanble Eta a se chanm ki pi ba nan Lejislati Eta a. Manm Asanble yo ekri ak vote sou lejislasyon an, apwouve nivo depans Eta yo, epi kenbe oswa anile veto Gouvènè a.
Rankontre kandida yo
Senatè Eta
Sena Eta a se chanm wot Lejislati Eta a. Senatè Eta yo ekri ak vote sou lejislasyon an, apwouve nivo depans Eta yo, epi konfime nominasyon gouvènè fonksyonè Eta yo ak jij tribinal yo.
Rankontre kandida yo
Pa gen Eleksyon Primè nan Distri pou vote w lan pou Kongrè Etazini oswa Lejislati Eta a. Gen kèk Distri ki pa genyen okenn Fonksyon leta oswa federal sou Bilten Vòt yo pou Primè a, paske Kandida nan Distri sa yo ap prezante yo san kontestasyon anndan Pati politik yo. Sepandan, ka toujou genyen kous pou pòs nan majistrati ak pòs nan pati sou Bilten Vòt ou.
Lòt kous sou Bilten Vòt ou
Pou w jwenn lis konplè kous elektoral yo sou bilten vòt ou a, anplis de kandida yo, ou ka konsilte Lokalizatè Biwo Vòt Konsèy Elektoral (Board of Elections) la epi antre adrès ou a. Aprè ou fin antre adrès ou a, klike sou "Afiche Echantiyon Bilten Vòt" nan tèt paj la.
Vizite Lokalizatè Biwo Vòt Konsèy Elektoral la
Konsènan Gid Elektè a
Sa a se vèsyon dijital Gid Elektè ofisyèl pou eleksyon primè NYC nan mwa jen 2024 la. Se kandida yo ki te soumèt pwofil ak foto yo ki nan Gid sa a bay Konsèy Finansman Kanpay la (Campaign Finance Board), kote yo tout te deklare enfòmasyon yo bay yo se verite daprè sa yo konnen. Opinyon ki eksprime nan deklarasyon kandida yo se pa opinyon Konsèy Finansman Kanpay la. Gid sa a bay lis tout kandida ki dwe parèt nan Bilten Vòt la nan moman piblikasyon an.