Vòt ou a ka chanje Konstitisyon an.​​ 

Pwopozisyon nan Eleksyon sa a se pou Amannman nan Konstitisyon Eta a. Gen de pwopozisyon nan tout eta sou Bilten Vòt otòn sa a. Ou ka vote "Wi" oswa "Non" pou chak pwopozisyon sa yo. Pwopozisyon ki sou Bilten Vòt yo ap apwouve si yo resevwa majorite vòt yo.​​ 

 Lejislati Eta New York la pwopoze mezi Bilten Vòt nan tout eta a pou Nouyòkè yo vote.​​ 

Yo rezime de pwopozisyon sa yo anba a.​​ 

Pwopozisyon yo nan yon kout je​​ 

Retrè Distri Eskolè ti Vil yo nan Limitasyon Espesyal Dèt Konstitisyonèl la​​ 

Amannman konstitisyonèl sa a retire limit dèt espesyal pou distri eskolè ti vil yo. Yo ta etabli limit dèt nan lwa Eta a pou tout distri eskolè yo.​​ 

Pwolonje peryòd limit dèt pou pwojè rezo egou​​ 

Amannman ke yo pwopoze nan Atik 8, seksyon 5 Konstitisyon an pwolonje pou dizan otorite konte yo, vil yo ak vilaj yo pou retire nan limit dèt konstitisyonèl yo dèt pou konstriksyon enstalasyon dlo egou yo.​​ 

Demann Deklarasyon Piblik​​ 

Soti nan mwa dawout 25 ale septanm 13, Finansman kanpay la te mande piblik la pou fè kòmantè pou sipòte ak kape anfas adopsyon chak pwopozisyon ki sou Bilten Vòt yo.CFB a te solisite deklarasyon atravè sit entènèt NYC Votes la, sansibilizasyon kominote a ak medya sosyal yo.Yo pa t resevwa okenn repons.​​ 

Dat Kle yo​​ 

  • Dat limit pou Chanjman Adrès (Eleksyon Primè Jen)​​ 

    Lendi, 8 jen 2026​​ 
  • Peryòd Vòt Alavans (Eleksyon Primè Jen)​​ 

    Samdi, 13 Jen 2026 - dimanch 21 Jen 2026​​ 
  • Dat Limit pou Mande Bilten Vòt pa Lapòs - An Pèsòn​​ 

    Lendi, 22 jen 2026​​ 
  • Dat limit so lapòs pou bilten vòt yo voye pa lapòs​​ 

    Madi 23 Jen 2026​​