Eleksyon​​  9 Oktòb 2025​​ 

9 Oktòb 2025​​ 

Otè: Madonna Hernandez , Editè Kontni​​ 

Teren an Pare​​   

Lè se zafè chwazi pwochen dirijan pou vil la, pa gen anyen ki ede elektè yo jwenn plis enfòmasyon pase deba ofisyèl yo. Anvan w vote pou Majistra, Konsèy Minisipal, elatriye, se okazyon w genyen pou w konprann kandida yo ak pwoblèm yo pi byen.​​  

Gras ak deba ofisyèl yo, piblik la gen yon okazyon inik pou li wè kandida yo an tan reyèl, reponn kesyon moderatè yo sou pwoblèm kle yo tankou lojman, transpò, ak sekirite piblik. Nan kad yon eleksyon enpòtan, deba sa yo kreye espas pou gen yon dyalòg sensè ant kandida yo ak elektè yo, sa ki pèmèt moun k ap gade yo konprann prensipal pwoblèm ki afekte katye yo a.​​    

Ou kapab prepare w pou vote lè w branche pou gade Deba ofisyèl ant kandida pou Majistra NYC yo k ap fèt jou k ap 16 ak 22 oktòb la!​​    

Kandida yo Sèvi Ou​​   

Deba yo mete kandida yo fas-a-fas ak elektè yo espere sèvi yo. Ou kapab evite latwoublay peryòd eleksyon an lè w gade televizyon an dirèk pou w ka tande sa kandida yo panse toutbonvre, nan moman y ap di l la. Deba yo pèmèt elektè yo koute kandida yo dirèkteman epi yo pèmèt yo jistifye yo devan moun New York òdinè yo.​​ 

Èske Nou Pa Fenk Sot Gen Deba?​​   

Nan kòmansman ane sa a, kandida Demokrat yo te patisipe nan deba pou detèmine kiyès k ap reprezante pati yo a. Pandan deba mwa Oktòb la, w ap wè​​  kandida ki patisipe nan deba yo sou bilten vòt Eleksyon Jeneral la​​ .​​  

Deba yo se yon okazyon inik pou elektè yo ka wè tout kandida yo reyini, sa ki pèmèt yo konpare chwa yo byen fasil. Kontrèman ak eleksyon primè a, eleksyon jeneral la pa itilize zafè Vote pa Chwa Preferansyèl la. Depreferans, se kandida ki genyen plis vòt la ki ranpòte lamayòl.​​    

Ou kapab vote pou nenpòt nan kandida sa yo, men se pa yon pwoblèm si w pa konnen pozisyon yo egzakteman. Deba yo se yon bon mwayen pou w jwenn plis enfòmasyon ki soti tou dwat nan bouch kandida yo.​​    

Kiyè ki Patisipe?​​   

Kandida k ap resevwa fon piblik atravè Pwogram Fon an Kontrepati vil la dwe patisipe nan deba yo si yo reponn ak kèk egzijans. Pou yon kandida kalifye pou premye deba ant kandida pou majistra a, li dwe sou bilten vòt la epi ranmase omwen 198,300 dola anvan 3 oktòb 2025. Yon dezyèm seri deba, ki rele deba ant "Kandida k ap Mennen yo", egzije pou yo kolekte lajan gras ak​​  ti kontribisyon ki elijib pou fon an kontrepati a.​​  

  • Konsèy Finansman Kanpay NYC a, ki se ajans k ap dirije inisyativ NYC Votes la, sipèvize alafwa Pwogram Fon an Kontrepati a ak deba yo pou li asire genyen ekite ak transparans.​​ 
  • Medya lokal yo òganize deba yo, detèmine fòma a, chwazi moderatè yo, epi yo deside si y ap genyen yon piblik an dirèk.​​    

Nenpòt Moun Kapab Gade​​   

Deba yo gratis pou moun gade epi yo disponib toupatou. Y ap difize yo sou YouTube ak sou sitwèb patnè medya nou yo — ou pa bezwen okenn abònman pou sa. Epitou, ou kapab gade restransmisyon deba yo an dirèk nan lang Panyòl, epi yo chak ap vini ak yon entèpretasyon Lang Siy Ameriken k ap afiche sou ekran an. Anrejistreman konplè yo ap rete disponib pou gade lè w mande.​​   

Suiv Deba yo​​ 

Fè Li Tounen Yon Evènman Kominotè​​  

Ou kapab gade avèk zanmi, patisipe nan yon sware sinema lokal, oswa menm fè li tounen yon aktivite an gwoup ki amizan avèk bingo deba ak chita pale gide nou yo. Òganizasyon lokal yo nan vil la ap kole zepòl avèk NYC Votes pou yo òganize sware elektoral, epi gen kit resous ki disponib pou ede gwoup yo mennen konvèsasyon yo.​​    

Sware Deba​​ 

Gide Konvèsasyon an​​   

Vòt ou a ap ede deside ki moun k ap dirije Vil New York. Deba yo se pi bon okazyon ou genyen pou wè fason kandida yo jere kesyon difisil yo sou plas epi konpare repons yo bay yo dirèkteman.​​    

Deba yo se yon poto mitan demokrasi a, yo ba w konfyans pou w pran desizyon eklere lè sa enpòtan. Lè w gade, aprann, epi patisipe, ou kapab jwe yon wòl aktif nan fòme demen vil ou an.​​  

Nouvèl ki lye​​