18 Jen 2025
Kit ou se yon moun k ap vote pou premye fwa kit ou se yon pwofesyonèl ki gen eksperyans, gid konplè sa a, soti nan A rive nan Z, gen tout sa ou dwe konnen pou w ka vote nan Eleksyon Primè k ap fèt kounye a. Avèk gwo fonksyon lokal ki sou bilten vòt la tankou Majistra, Kontwolè, Defansè Piblik, Konsèy Minisipal ak Prezidan Awondisman, vòt ou a kapab fè yon enpak reyèl sou demen vil la. E nou la pou nou ede w nan chak etap.
A jiska E
Repons pou tout kesyon w yo
A – Absentee Voting (Vòt Moun ki Absan)
Dat limit la pase pou mande yon bilten vòt pa lapòs anliy oswa pa lapòs, menm si ou kapab toujou mande youn fas-a-fas nan biwo Konsèy Elektoral ki nan zòn ou an jiska 23 jen, pou eleksyon sa a. Men, li enpòtan pou konnen vòt moun ki absan an se pa sèl fason pou vote pa lapòs ankò. Tout moun New York kapab fè l. Jwenn plis enfòmasyon nan lyen sa a nycvotes.org/mail
B – Ballot (Bilten Vòt)
Bilten vòt ou an gen ladan l kandida ki nan eleksyon primè nan pati w la ak lòt fonksyon nan distri ou an. Gade plis enfòmasyon nan lyen sa a nycvotes.org/whats-on-the-ballot
C – Candidates (Kandida)
Dekouvri kandida ki nan eleksyon primè a, gade videyo, epi wè sa yo panse sou pwoblèm enpòtan yo nan lyen sa a nycvotes.org/compare
D – Debates (Deba)
Gade deba Eleksyon Primè yo anliy nenpòt lè pou w tande pawòl ki soti dirèkteman nan bouch kandida yo nan lyen sa a nycvotes.org/debates
E – Early Voting (Vòt Alavans)
Vòt Alavans lan ap dewoule kounye a!
Vòt alavans lan ap dewoule rive jiska dimanch 22 jen
F jiska J
Jwenn tout sa w dwe konnen
F – Find Your Poll Site (Jwenn Kote Pou Vote a)
Itilize yon lokalizatè biwo vòt pou w jwenn kote pou vote nan Jou Eleksyon an oswa pandan vòt alavans lan. Ale nan lyen sa a nycvotes.org/pollsite
G – Get Out the Vote (Ankouraje Moun Vote)
Kit w ap pataje enfòmasyon avèk kominote w la kit w ap fè benevola, lè w gaye nouvèl la, sa pèmèt tout moun patisipe nan demokrasi nou an. Jwenn resous ki itil nan lyen sa a nycvotes.org/resources
H – Voting Hours (Orè Vòt yo)
Biwo vòt yo ap ouvè soti 6:00 nan maten pou rive 9:00 nan apremidi 24 jen, Jou Eleksyon Primè a. Gade orè vòt alavans lan nan kalandriye anwo a.
I – ID Requirements (Egzijans pou Pyès Idantite)
Pifò elektè nan vil NYC pa bezwen pyès idantite pou vote. Men, yo ka mande moun k ap vote pou premye fwa yo e ki pa t bay youn lè yo t ap enskri pyès idantite.
J – Judicial Races (Kous Elektoral pou Jij)
Jij yo ka sou bilten vòt ou a nan eleksyon sa a. Sa yo se fonksyon onivo konte, se pa onivo minisipal. Se poutèt sa, pa gen twòp enfòmasyon ki disponib pou piblik la sou moun ki kandida pou fonksyon jij yo epi enfòmasyon yo kapab difisil pou jwenn. Elektè yo kapab chèche kandida yo nan Asosyasyon Bawo ak lòt gwoup k ap defann dwa moun ki nan zòn yo a.

Yon nan resous nou yo ki disponib pou pataje
K jiska O
Konnen sa ki anje nan eleksyon sa a
K – Know Your Rights (Konnen Dwa Ou Yo)
Èske w te konnen ou kapab vini avèk dokiman vòt ou lè w ap vote? Dekouvri dwa ou genyen nan lyen sa a nycvotes.org/rights
L – Language Access (Aksè nan Lang)
Gen sèvis entèpretasyon ak dokiman ki tradwi nan anpil biwo vòt. Sèvis yo varye selon awondisman an. Jwenn plis enfòmasyon nan lyen sa a nycvotes.org/accessibility
M – Mayor (Majistra)
Se pa sèl fonksyon majistra a k ap sou bilten vòt la nan Eleksyon Primè mwa Jen an, men se fonksyon ki pi gwo a. Dekouvri ki moun k ap kandida pou Majistra nan Gid Elektè anliy nou an: nycvotes.org/voterguide
N – Nonpartisan (Endepandan)
NYC Votes disponib anpèmanans pou ede w vote ak konfyans avèk enfòmasyon endepandan pou tout moun!
O – Outreach (Sansibilizasyon)
NYC Votes òganize evènman nan tout vil la, soti nan mete estann nan kèmès nan lari rive nan fè kanpay pou enskripsyon elektè, pou ede moun New York yo prepare pou vote. Jwenn evènman nan yo nan lyen sa a nycvotes.org/events-calendar/

Pa rete anpil tan pou fè yo tande vwa w mwa jen sa a
P jiska S
Gade tout enfòmasyon ki nan men w yo
P – Primary Election (Eleksyon Primè)
NYC òganize eleksyon primè ki fèmen. Ou dwe enskri nan yon pati politik pou w vote nan eleksyon primè pati sa a. Jwenn enfòmasyon sou diferan kalite eleksyon yo nan lyen sa a nycvotes.org/why-vote/types-of-elections/
Q – Questions (Kesyon)
Ou gen kesyon sou vòt pou nou? Voye yon imèl ba nou nan nycvotes@nyccfb.info
R – Ranked Choice Voting (Vote pa Chwa Preferansyèl)
Yo itilize RCV a nan eleksyon primè a ak eleksyon espesyal yo nan NYC pou fonksyon ki lye ak tout vil la. Klasman an kapab amizan tou! Sitou lè w klase bèt ou pi renmen yo nan bilten vòt pou fè pratik nou an nan lyen sa a nycvotes.org/rcv
S – Sample Ballots (Echantiyon Bilten Vòt)
Vizyalize bilten vòt ou a anvan w vote pou w ekonomize tan epi evite sipriz. Gade yon echantiyon bilten vòt nan lyen sa a nycvotes.org/pollsite
Bilten vòt pou fè pratik RCV nou an se menm bagay ak sa yo itilize nan reyalite a…men li pi bèl
T jiska W
Done ou bezwen pou w vin yon elektè ki enfòme
T – Turnout (To Patisipasyon)
Ou vle konnen to patisipasyon elektè nan eleksyon 2024 yo? Ki diferans k ap genyen ant Eleksyon Primè mwa jen ane pase a ak sa k ap fèt ane sa a? Li Rapò Analiz Elektè nou an.
U – Unaffiliated Voters (Elektè ki Pa Afilye ak Pati Politik)
Gwoup elektè sa a reprezante 21.1% nan elektè ki enskri yo nan NYC, sa vle di yo pa patisipe nan eleksyon primè tankou sa k ap fèt kounye a. Li plis enfòmasyon sou efè yo te genyen sou eleksyon ane pase a nan Rapò Analiz Elektè ki nan lyen pi wo a.
V – Vote (Vote)
Nou renmen vote. Pa lapenn, li reflete non nou. Men plis pase sa, se pi bon mwayen pou asire w yo wè, tande, ak valorize bezwen w yo. Al vote (si w poko fè sa).
W – Write-In Candidates (Kandida Elektè a Ekri Alamen)
Kandida elektè a ekri alamen yo te jwe yon gwo wòl nan istwa Eleksyon Primè Prezidansyèl mwa avril 2024 la. Èske y ap jwe yon wòl nan Eleksyon Primè mwa jen sa a? Jwenn plis enfòmasyon sou enpak yo fè sou to patisipasyon an nan Rapò 2024 nou an!

Jwenn enfòmasyon sou eleksyon ane pase a
X jiska Z
Nou kontan paske w rete an kontak avèk nou pandan tout ane a pou w vote!
X – Follow NYC Votes on X (Suiv NYC Votes sou X)!
Pou jwenn enfòmasyon ki ajou sou to patisipasyon elektè nan Eleksyon Primè a, ale sou X: https://x.com/nycvotes
Y – Youth Voters (Jèn Elektè)
Èske w tande pale de enskripsyon alavans? Tout jèn moun eklere yo ap fè l. Si w poko gen 18 lane, prepare w pou eleksyon k ap vini yo nan lyen sa a nycvotes.org/pre-register
Z – Zero excuses (Zewo eskiz)
Angaje w nan vòt la (epi avèk nou). Swiv nou @nycvotes oswa enskri pou resevwa alèt nan imèl ak mesaj tèks pou rete enfòme! nycvotes.org/stayinformed
Menm yon ekirèy resevwa alèt nou voye sou eleksyon yo