Vote nan NYC​​ 

Twa Fason Pou Vote​​ 

  Vote Alavans​​ 

Ou pa bezwen rete tann jis nan jou eleksyon an pou w al vote an pèsòn! Vòt antisipe yo ap kòmanse 26 oktòb epi y ap kontinye rete disponib chak jou jiska 3 novanm.​​ 

Sèl diferans ki genyen ant vote alavans ak vote nan Jou Eleksyon an se kote ak kilè ou vote a. Biwo vòt alavans ou a ka diferan pa rapò ak biwo vòt ou nan Jou Eleksyon an, epi lè yo varye. Aprann plis sou vòt alavans.​​ 

Jwenn plis enfòmasyon sou vòt antisipe yo​​ 

  Vòt pa Korespondans​​ 

Ou ka mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan si w gen yon rezon valab, tankou si w pa Nouyòk nan Jou Eleksyon an oswa si w gen yon maladi oswa yon andikap fizik. Aprann plis sou Vòt nan Kourye (Vòt pa korespondans).​​ 

Aprann plis sou vòt nan kourye ​​ 

  Jou Eleksyon​​ 

Menm jan ak avan, ou ka vote an pèsòn nan Jou Eleksyon 5 novanm sa a. Biwo vòt yo louvri soti 6 a.m. rive 9 p.m.​​ 

Ou dwe vote nan biwo vòt yo make pou w an. Jwenn plis enfmasyon sou Jou Eleksyon an.​​ 

Jwenn plis enfòmasyon sou jou eleksyon an​​ 

Dat Kle yo​​ 

  • Vòt Alavans | Eleksyon Espesyal pou Distri Sena Eta 22​​ 

    Samdi 10 me 2025 - Dimanch 18 me 2025​​ 
  • Jounen Eleksyon Espesyal | Distri Sena Eta 22​​ 

    Madi 20 me 2025​​ 
  • Vòt Alavans | Eleksyon Primè​​ 

    Samdi, 14 Jen 2025 - dimanch 22 Jen 2025​​ 
  • Dat Limit pou Enskripsyon Elektè | Eleksyon Primè​​ 

    Samdi, 14 Jen 2025​​ 
Lyen ekstèn​​ 

Ki kote pou vote​​ 

Vizite sit entènèt Konsèy Elektoral (Board of Elections) la pou w konnen ki kote w ka vote!​​ 

Jwenn Biwo vòt Mwen an​​ 
Lyen ekstèn​​ 

Mande Bilten Vòt Moun ki Absan​​ 

Ou ka mande Bilten Vòt Moun ki Absan pa w la nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la​​ 

Mande kounye a​​