Vòt Alavans Fas-a-Fas​​ ​

Ou dwe vote nan lokal Vòt Alavans yo make pou w an. Lokal Vòt Alavans ou a ka diferan de sit biwo vòt ou a Jou Eleksyon an, kidonk asire w verifye anvan ou ale!​​ ​

Jwenn Biwo vòt Mwen an​​ ​

Vote Alavans pa Lapòs​​ ​

Lwa sou Elektè ki Vote Alavans pa Lapòs nan New York la pèmèt tout elektè vote alavans pa lapòs. Ou pa bezwen bay yon rezon pou w vote pa lapòs ankò!​​ ​

Men kisa w dwe konnen​​ ​

  • Nenpòt elektè ki enskri a ka aplike pou yon bilten vòt alavans.​​ ​
  • Si w gen yon bilten vòt alavans oswa pa korespondans pandan eleksyon an, ou pa ka itilize yon machin pou vote nan biwo vòt la.​​ ​
  • Si w pa itilize bilten vòt alavans oswa pa korespondans ou an, ou ka sèlman vote an pèsòn avèk yon bilten vòt sou sèman nan biwo vòt ou a, men w pa ka fè sa avèk yon machin pou vote.​​ ​

Kijan pou Aplike pou yon Bilten Vòt nan Kourye Lapòs​​ ​

Kilè pou Mande yon Bilten Vòt nan Kourye Lapòs​​ ​

Asire w mande yon bilten pou vòt alavans pa lapòs oswa bilten vòt pou moun ki absan, nan kourye lapòs oswa anliy anvan dat limit lan ki se dis jou anvan eleksyon an. Ou kapab aplike an pèsòn jiska lavèy yon eleksyon.​​ ​

Aprè w fin resevwa bilten vòt ou a​​ ​

  • Chwazi biwo yo epi ansèkle yo nan bilten vòt la.​​ ​
  • Mete bilten vòt la nan anvlòp sekirize yo te ba ou li a.​​ ​
  • Siyen epi mete dat sou anvlòp la.​​ ​
  • Mete so sou anvlòp la.​​ ​
  • Mete anvlòp sekirize a nan anvlòp ki pi laj w ap voye tounen an ki gen adrès biwo Konsèy Elektoral ou a ladan avèk tout logo a devan l ki make “Official Election Mail”.​​ ​
  • Sele anvlòp retou a.​​ ​
  • Jwenn yon bwat postal epi mete l ladan. Ou p ap bezwen peye pyès frè pou sa!​​ ​

FAQ ki pi kouran​​ ​

Ki dat Vòt Alavans la?​​ ​

Vòt Alavans lan kòmanse 10 jou anvan Jou Eleksyon an epi li fini jou Samdi anvan Jou Eleksyon an.​​ ​

Ki avantaj ki genyen nan Vòt Alavans?​​ ​

Vòt Alavans yo bay Moun k ap vote yo plis fleksibilite, li diminye tan datant yo nan Jou Eleksyon an, epi li soulaje fado mandatè yo, sa ki kreye yon eksperyans vòt ki pi bèl pou tout moun!​​ ​

Poukisa nou Vote alavans?​​ ​

Gouvènè a te apwouve pwojè-lwa Vòt Alavans la an 2019. Li te gen sipò toulède pati nan Sena a ak nan Asanble Eta a.​​ ​

Lyen ekstèn​​ ​

Kibò mwen dwe vote?​​ ​

Vizite sit entènèt Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la pou w jwenn kote w ap vote alavans​​ ​

Dat Kle yo​​ ​

  • Post-Election Hearing​​ ​

    Jedi 10 desanm 2026​​ ​