Chak Moun New York Merite Gen Aksè pou Vote​​ 

Si w bezwen èd pou w ranpli Bilten Vòt ou a akoz yon andikap oswa akoz ou pa metrize anglè, genyen asistans ki disponib. Aprann plis sou dwa w antanke Moun k ap vote nan vil Nouyòk ak kikote pou w jwenn èd si w bezwen.​​ 

Aparèy pou make Bilten Vòt​​  

Dispozitif pou make bilten yo disponib nan tout biwo vòt yo pou ede elektè yo ranpli bilten vòt yo a pandan vòt antisipe a ak jou eleksyon an. Dispozitif sa yo ka itil pou elektè ki avèg, pa wè byen oswa ki genyenn yon andikap oswa yon eta oswa pwoblèm sante ki rann difisil oswa enposib posibilite pou yo make bilten vòt yo ak yon plim. Malgre sa, nenpòt elektè ka mande pou yo itilize yon Dispozitif pou Make Bilten.​​ 

Ou ka itilize yon aparèy pou make Bilten Vòt pou w ka wè Bilten Vòt ou a sou yon ekran afichaj, koute chwa w yo nan kas, oswa tradui Bilten Vòt ou a nan lòt lang. Si w ta renmen itilize yon aparèy pou make Bilten Vòt, jis mande yon mandatè!​​ 

Aparèy la bay kat fason pou make Bilten Vòt ou a:​​ 

  • Ekran tòtch​​ 
  • Aparèy Sip & soufle​​ 
  • Klavye (Bray)​​ 
  • Manèt a baskil​​ 

Aprann plis sou Aparèy pou make bilten vòt yo nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) la​​ 

Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la esplike kijan pou yo itilize diferan fonksyon Aparèy pou make Bilten Vòt yo​​ 

Bilten Vòt ki Aksesib​​ 

Si w gen pwoblèm vizyon oswa ou pa ka make yon bilten vòt an papye, ou ka toujou vote pa korespondans. Yon lektè ekran kapab li Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib la epi tou ranpli l pa mwayen yon òdinatè. Ou ka mande yon bilten Vòt ki aksesib nan Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la.​​ 

Elektè ki fè demann bilten Vòt aksesib yo kapab itilize pwòp teknoloji adaptasyon pèsonèl yo pou yo make epi enprime bilten Vòt aksesib yo depi lakay yo. Pou vote ak yon Bilten Vòt ki aksesib, ou dwe enprime Bilten Vòt ou an anvan ou revoye li bay Konsèy Elektoral la.​​ 

Mande yon bilten vòt aksesibAksè nan Lang​​ 

Dapre lalwa, bilten vòt Vil Nouyòk ak lòt materyèl pou vote yo tradui an Bengali, Chinwa, Koreyen, ak Panyòl nan sèten sit biwo vòt ki baze sou Done Resansman lokal yo.​​ 

Men tou, genyen entèprèt ki disponib nan kèk biwo vòt pou bay yon asistans nan lang sa yo ak nan lòt, tankou arab, kreyòl ayisyen, ris, yiddish. Ou ka aprann ki sit vòt ki pwopoze tradiktè nan chak lang sou wèbsayt Komisyon Angajman Sivil (Civic Engagement Commission) a.​​ 

Si w bezwen asistans pou lang nan yon biwo vòt, ou gen dwa tou pou w vini ak pwòp entèprèt ou.​​ 

Aprann plis sou dwa w antanke elektè​​ 

Lyen ekstèn​​ 

Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib​​ 

Ou ka mande yon Bilten Vòt Moun ki Absan ki aksesib nan Konsèy Elektoral (Board of Elections) la​​ 

Mande yon bilten vòt aksesib​​ 
Lyen ekstèn​​ 

Asistans pou Lang​​ 

Komisyon pou Angajman Sivik Vil Nouyòk (NYC Civic Engagement Commission) la bay entèprèt nan kèk biwo vòt​​ 

Gade Biwo vòt yo​​ 

FAQ ki pi kouran​​ 

Èske mwen ka mennen yon moun pou ede m vote?​​ 

Wi! Depi se pa anplwaye w oswa yon reprezantan sendikal, ou ka mennen yon moun pou ede w vote. Ou ka toujou mande yon mandatè pou l ede w.​​ 

Èske mwen kabap fè demann yon bilten Vòt aksesib?​​ 

Wi! Si w gen pwoblèm vizyon oswa si w gen yon andikap ki mande w pou w sèvi ak yon vèsyon aksesib Bilten Vòt Moun ki Absan yon lektè ekran kapab li epi make dijitalman, ou ka mande yon bilten Vòt aksesib nan Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la. Mande yon bilten vòt aksesib.​​ 

Èske Biwo vòt yo aksesib?​​ 

Wi! Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la asire l tout biwo vòt nan vil la aksesib pou tout Moun k ap vote yo pandan peryòd Vòt Alavans yo ak nan Jou Eleksyon an. Si w gen nenpòt pwoblèm ak biwo vòt ou a, ou ka kontakte Konsèy Elektoral (Board of Elections) la nan 1-866-Vote-NYC (212-487-5496).​​