Avni nou nan Bilten Vòt yo
Anba a gen yon lis kous elektoral ki sou bilten vòt mwa jwen sa a. Klike sou yon kous elektoral anba a pou w rankontre kandida yo.
Chwazi yon kous
Lòt Fonksyon Ki Sou Bilten Vòt Ou a
Anplis fonksyon minisipal ki mansyone pi wo yo, ka gen lòt kous elektoral sou bilten vòt ou a, tankou jij lokal yo. Elektè Manhattan yo gen yon eleksyon primè pou Pwokirè Distri, epi y ap ajoute enfòmasyon sou kandida ki nan eleksyon sa a nan gid la anvan lontan. Pou w jwenn yon lis konplè ki gen kous elektoral ki sou bilten vòt ou a, ou kapab ale nan Lokalizatè Biwo Vòt Konsèy Elektoral la epi mete adrès ou ladan l. Aprè ou fin mete adrès ou a, klike sou "View Sample Ballot" (Afiche Echantiyon Bilten Vòt) ki nan tèt paj la.
Sa a se yon Eleksyon Chwa Klase
NYC ap itilize Vòt pa Chwa Preferansyèl nan eleksyon primè pou fonksyon minisipal yo, tankou Konsèy minisipal la. Avèk Vòt pa Chwa Preferansyèl, ou ka klase jiska senk kandida nan lòd preferans olye pou w chwazi youn sèlman.
Konsènan Gid Elektè a
Sa a se vèsyon dijital Gid Elektè ofisyèl pou eleksyon primè Vil New York nan mwa jen 2025 la. Kandida yo te soumèt pwofil ak foto ki nan Gid sa a bay Komisyon Finansman Kanpay la, yo tout di enfòmasyon yo bay yo se verite selon sa yo konnen. Opinyon yo eksprime nan deklarasyon kandida yo pa reprezante opinyon Komisyon Finansman Kanpay la. Gid sa a bay lis tout kandida yo ki sipoze sou bilten vòt la nan moman piblikasyon an.