Early Voting Starts Saturday 10/25! Learn More.​​ 

Sa w ap wè sou bilten vòt la​​ 

Deplase dat eleksyon primè minisipal yo ak eleksyon jeneral yo konsa eleksyon Minisipal yo ap fèt nan menm ane ak eleksyon Prezidansyèl Federal yo, lè lwa Eta a pèmèt sa.​​ 

“Wi” deplase eleksyon minisipal yo ale nan menm ane ak eleksyon Prezidansyèl Federal yo, lè lwa Eta a pèmèt sa.​​ 

“Non” ap kite lwa yo jan yo ye a.​​ 

Kisa pwopozisyon sa a di​​ 

Pwopozisyon sa a ta dwe deplase dat eleksyon pou fonksyon vil yo ale nan menm ane ak eleksyon prezidansyèl federal yo.​​ 

Kisa pwopozisyon sa a vle di​​ 

Aktyèlman, eleksyon minisipal yo fèt nan ane ki fini ak chif enpè epi eleksyon prezidansyèl federal yo fèt nan ane ki fini ak chif pè, chak kat lane. Pwopozisyon sa a pral fè eleksyon minisipal ak eleksyon prezidansyèl federal yo fèt nan menm ane a. Sa a vle di eleksyon pou fonksyon minispal yo (pou Majistra, Defansè Piblik, Kontwolè, Prezidan Awondisman ak Konsèy Minisipal) ta dwe fèt nan menm ane ak eleksyon prezidansyèl federal yo. Pwopozisyon sa pral egzije yon chanjman nan lwa Eta New York la anvan li efektif.​​ 

Yon vòt “wi” deplase eleksyon minisipal yo pou yo fèt nan menm ane ak eleksyon federal yo, selon yon chajman ki fèt nan lwa Eta a.​​ 

Yon vòt “non” kite eleksyon minisipal la fèt nan ane ki fini ak chif enpè, nan yon sik eleksyon ki diferan ak eleksyon prezidansyèl federal yo.​​ 

Rezime Deklarasyon yo – Vote Wi sou Pwopozisyon 6 a​​ 

Moun ki kore Pwopozisyon 6 la di chanje kalandriye eleksyon lokal la pou l aliyen ak ane eleksyon prezidansyèl yo ap ogmante to patisipasyon elektè anpil epi pèmèt elektè yo pi byen reflete popilasyon vil la. Yo endike lòt vil Ameriken tankou – Los Angeles, Baltimore, Phoenix, El Paso, Austin – ki aplike chanjman sa a epi konstate avantaj yon demokrasi ki pi enklizif ak pi reprezantatif” (Brennan Center for Justice). Sant pou Endepandans Moun ki Gen Andikap nan New York (CIDNY) fè remake tou "eleksyon kote gen anpil elektè ki patisipe yo vini jeneralman avèk plis envestisman nan sant vòt ki aksesib, pi bon fòmasyon pou moun k ap travay nan biwo vòt yo, ak pi gwo kontak ak elektè yo." Patisipan yo dakò pou di mete eleksyon lokal yo nan ane pè yo ap pèmèt plis moun New York gen lavwa ochapit nan lidèchip vil la. Plizyè deklarasyon yo soumèt remake diferans ki genyen ant to patisipasyon nan eleksyon prezidansyèl yo ki se (60% an 2020) pa rapò ak to patisipasyon nan eleksyon lokal yo ki se (23% an 2021). Abundance New York fè remake, “Lidè k ap dirije vil nou an chak jou yo gen yon gwo enpak sou lavi chè nan vil la, kalite lavi ak sekirite vil la; eleksyon entèmedyè yo vle di gen yon vyepti kantite elektè nan New York k ap chwazi kiyès lidè sa yo ye toutbonvre.” ... To patisipasyon ki pi wo vle di gen plis moun New York ki gen lavwa ochapit nan politik nou an, plis reprezantasyon ak reyaksyon bòkote lidè ki eli yo, ak pi bon rezilta pou tout moun." Plizyè deklarasyon yo soumèt ajoute pou di chanjman sa a ap ekonomize plizyè milyon dola nan redui kantite eleksyon yo an jeneral.​​ 

Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:​​ 

  • Citizens Union​​ 
  • Abundance New York​​ 
  • Brennan Center for Justice​​ 
  • Sant pou Endepandans Moun ki Gen Andikap nan New York (Center for the Independence of the Disabled, New York, CIDNY)​​ 
  • Reinvent Albany​​ 
  • League of Women Voters of the City of New York​​ 

Kantite deklarasyon: 14​​ 

Rezime Deklarasyon yo – Vote Non sou Pwopozisyon 6 a​​ 

Moun ki kont Pwopozisyon 6 la kwè pwoblèm lokal yo merite atansyon patikilye pandan yon ane eleksyon ki pa menm ak eleksyon prezidansyèl yo. Gen kèk ki di yo pa fin kwè nan chanjman sitiyasyon aktyèl la epi yo panse kalandriye aktyèl la mete atansyon ki nesesè sou pwoblèm lokal yo. Deklarasyon yo reflete dout kòmkwa se kalandriye a ki fè gen to patisipasyon elektè ki fèb la, epi yo di retabli konfyans ak ranfòse angajman sivik la ap pi byen rezoud pwoblèm patisipasyon elektè ki fèb la. Manm Konsèy Robert Holden di, “Nan ane 1960 ak 1970 yo, to patisipasyon an nan New York te konn souvan depase 70 pousan avèk yon sèl jou pou vote. Pwoblèm nan se pa kalandriye a, se angajman ak konfyans nan gouvènman lokal la."​​ 

Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:​​ 

  • Manm Konsèy Robert Holden​​ 

Kantite deklarasyon: 5​​ 

Dat Kle yo​​ 

  • Vòt Alavans | Eleksyon Jeneral​​ 

    Samdi 25 Oktòb 2025 - Dimanch 2 Novanm 2025​​ 
  • Dat Limit pou Depoze Aplikasyon pou Vote pa Lapòs (Fas-a-Fas)​​ 

    Lendi 3 Novanm 2025​​ 
  • Jou Eleksyon​​ 

    Madi 4 Novanm 2025​​