Early Voting Starts Saturday 10/25! Learn More.​​ 

Sa w ap wè sou bilten vòt la​​ 

Otorize eski ak enstalasyon pis konèks yo sou teren forestye pwoteje ki pou Eta a. Sit la mezire 1,039 ekta. Li mande pou Eta a ajoute 2,500 ekta nouvo teren forestye nan Adirondack Park.​​ 

Yon vòt wi ap otorize kreyasyon nouvo pis eski ak enstalasyon konèks nan rezèv forestye Adirondack yo.​​ 

Yon vòt non p ap otorize itilizasyon sa a.​​ 

Kisa pwopozisyon sa a di​​ 

Pwopozisyon sa a ta dwe pèmèt elajisman nouvo pis eski nan Konplèks Espòtif Olenpik la nan Konte Essex nan New York. Konplèks Espòtif Olenpik la nan teren forestye pwoteje ki pou Eta a. Pwopozisyon sa a ta dwe egzije tou pou Eta New York ajoute 2,500 ekta teren forestye nan Adirondack Park.​​ 

Kisa pwopozisyon sa a vle di​​ 

Aktyèlman, genyen règleman ki estrik pou kalite konstriksyon yo otorize sou teren forestye ki pwoteje Eta a posede. Konplèks Espòtif Olenpik la nan rezèv forestye Adirondack la nan Konte Essex (nan nò Eta New York). Pwopozisyon sa a ta dwe pèmèt konstriksyon nouvo pis eski.​​ 

Pwopozisyon sa a ta dwe egzije tou pou Eta New York ajoute 2,500 ekta teren forestye nan rezèv forestye Adirondack la. Sa a se yon pwopozisyon ki sou bilten vòt nan tout Eta a paske li egzije yon chanjman nan Konstitisyon Eta New York la.​​ 

Yon vòt “wi” ap chanje Konstitisyon Eta New York la pou otorize kreyasyon nouvo pis nan Konplèks Espòtif Olenpik la sou teren forestye pwoteje yo nan Konte Essex nan New York.​​ 

Yon vòt “non” ap kite Konstitisyon New York la jan li ye a.​​ 

Rezime Deklarasyon yo – Vote Wi sou Pwopozisyon 1 a​​ 

Moun ki te soumèt deklarasyon an favè Pwopozisyon 1 an di lè mezi a otorize yon devlopman imobilye limite epi egzije pou Eta a dedomaje piblik la avèk 2,500 kawo tè nan nouvo teren forè ki pwoteje a, li pwoteje nati Forè Adirondack la kòrèkteman. Yo eksplike pou di nenpòt chanjman ki fèt nan rezèv forè Eta a dwe jwenn apwobasyon alafwa elektè yo ak pouvwa lejislatif la. Konsèy Adirondack la, ki se yon òganizasyon k ap travay pou pwoteje entegrite ekolojik Pak Adirondack la, di, "Amannman sa a ap pèmèt plizyè vyolasyon itilizasyon tè Otorite Devlopman Rejyonal Olenpik Eta a fè vin konfòm avèl Konstitisyon NY la nan pèmèt Eta a konsève etablisman Olenpik ki deja konstwi yo, konstwi nouvo etablisman espòtif pi devan, epi kenbe tè ki anba konplèks espòtif nan Rezèv Forè a. Mete sou sa, Konsèy Adirondack la ekri, “Lè sant fòmasyon yo vin demode, lwa Eta a ap egzije pou yo retire yo pou sit la kapab retounen vin yon forè sovaj. Epitou, amannman an sitou entèdi atraksyon touristik nan Mt. Van Hoevenberg (tiwolyèn, otèl, apatman, lokasyon machin zo reken, elatriye) epi li entèdi bilding komèsyal ki depase 2,200 pye (pou pwoteje forè sibalpen ki sansib lan).”​​ 

Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:​​ 

  • Sant pou Endepandans Moun ki Gen Andikap nan New York (Center for the Independence of the Disabled, New York, CIDNY)​​ 
  • The Adirondack Council​​ 

Kantite deklarasyon: 5​​ 

Rezime Deklarasyon yo – Vote Non sou Pwopozisyon 1 a​​ 

Patisipan yo di yo gen kè kase konsènan afeblisman oswa limitasyon pwoteksyon konstitisyonèl pou rezèv forè "toujou sovaj" New York la, swa paske lè yo fè sa, sa kapab kreye yon presedan pou pwochen pyetinman sou tè ki pwoteje a, swa paske yo sante forè ki nan Eta yo ta dwe rete yo san wout pou eski. Gen yon patisipan ki di li prevwa pa vote sou pwopozisyon sa a akoz li manke enfòmasyon sou kote li soti epi li manke sipò pou li. Manm Konsèy Robert Holden ekri, “pwoteksyon forè toujou sovaj New York’ la se pa yon sijesyon. Mwen kanpe an kwa kont kreyasyon règ espesyal nan Konstitisyon an ki otorize nouvo konstriksyon sou tè ki pwoteje yo. Depi nou afebli pwoteksyon sa yo, l ap vin pi fasil pou nou fè li ankò."​​ 

Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:​​ 

  • Manm Konsèy Robert Holden​​ 

Kantite deklarasyon: 3​​ 

Dat Kle yo​​ 

  • Vòt Alavans | Eleksyon Jeneral​​ 

    Samdi 25 Oktòb 2025 - Dimanch 2 Novanm 2025​​ 
  • Dat Limit pou Depoze Aplikasyon pou Vote pa Lapòs (Fas-a-Fas)​​ 

    Lendi 3 Novanm 2025​​ 
  • Jou Eleksyon​​ 

    Madi 4 Novanm 2025​​