Fonksyon Minisipal yo ki sou Bilten Vòt ou an
Montre rezilta pou
Fonksyon Eta a ak Konte a ki sou Bilten Vòt ou a
Anplis fonksyon minisipal yo site la yo, kapab genyen lòt fonksyon Eta a ak Konte a ki make sou Bilten Vòt ou a.
- Pwokirè Distri (Manhattan ak Brooklyn)
- Kou Siprèm Eta Nouyòk
- Tribinal Sivil
- Surrogate Court (Brooklyn)
Pou jwenn lis konplè kous elektoral yo sou Bilten vòt ou a, anplis de kandida yo, ou ka konsilte Lokalizatè Biwo Vòt Konsèy Elektoral (Board of Elections) la epi antre adrès ou a. Aprè ou fin antre adrès ou a, klike sou "Afiche Echantiyon Bilten Vòt" nan tèt paj la.
Eleksyon Espesyal yo
In addition to the offices on the ballot listed above for the general election, there will be two special elections for state offices. Special elections are held when an elected official leaves office before the end of their term.
Learn more about special elections
Special Elections on November 2
- Sena Eta Nouyòk la (Distri 30, Manhattan)
Aprann plis
- Asanble Eta Nouyòk (Distri 86, Bronx)
Aprann plis
Konsènan Gid Elektè a
Sa a se vèsyon dijital Gid Elektè pou Eleksyon Jeneral Novanm 2021 ofisyèl Vil Nouyòk (General Election Voter Guide) la. Daprè lalwa, NYC Votes voye yon Gid Elektè (Voter Guide) enprime nan kourye lapòs bay chak fwaye kay ki genyen yon elektè ki enskri epi ki elijib nan vil Nouyòk la. Tout elektè ki enskri yo kapab vote nan Eleksyon Jeneral la pou kandida nenpòt ki pati. Kandida yo te soumèt pwofil ak foto ki nan Gid sa a bay NYC Votes, kote yo tout te deklare enfòmasyon yo bay yo se verite dapre sa yo konnen. Opinyon ki eksprime nan deklarasyon kandida yo pa reprezante opinyon NYC Votes. Gid sa a bay lis tout kandida ki te soumèt pwofil yo bay NYC Votes epi ki te dwe parèt nan bilten vòt la nan moman piblikasyon an. Kandida nan eleksyon espesyal ki te konfime aprè yo te enprime gid la, enfòmasyon sou kandida sa yo ap disponib sou Entènèt sèlman.