Prepare w pou Vote nan NYC
Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo se madi 16 septanm 2025! Kit w ap enskri pou premye fwa, verifye enskripsyon ou, kit w ap ede kominote w la patisipe nan pwosesis la, nou genyen tout sa w dwe konnen sou youn nan jou nou pi renmen nan ane a.
Kisa Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo ye?
Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo (NVRD) se yon fèt sivik endepandan ki la espesyalman pou selebre demokrasi nou an. Chak mwa septanm, moun nan tout peyi a selebre NVRD a lè yo reyini avèk kominote yo fas-a-fas ak anliy.

Lis verifikasyon NVRD
Verifye Enskripsyon w
Lè ou fin enskri
Prepare w pou vote lè w rete enfòme sou dat limit, opsyon vòt alavans yo ak dat vòt yo.
Jwenn rapèl yo
Enskri pou w resevwa alèt nan mesaj tèks oswa nan imèl pou w pa janm rate enfòmasyon ki enpòtan sou eleksyon an.
Aprann fason pou w vote
Konprann dwa ou genyen, fason vòt la fonksyone, ak plis ankò!
Gaye nouvèl la
Ede zanmi w ak fanmi w prepare, tou. Pataje yon lyen pou yo enskri oswa telechaje kit resous nou an pi ba a.
Kit resous NVRD
Telechaje resous sa yo pou w ka sansibilize kominote w la sou Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo!
![]() |
- Kit resous NVRD pou 2025 Bangla | Imaj NVRD pou 2025 Bangla
- Kit resous NVRD pou 2025 Chinwa (Senplifye) | Imaj NVRD pou 2025 Chinwa (Senplifye)
- Kit resous NVRD pou 2025 Chinwa (Tradisyonèl) | Imaj NVRD pou 2025 Chinwa (Tradisyonèl)
- Kit resous NVRD pou 2025 Koreyen | Imaj NVRD pou 2025 Koreyen
- Kit resous NVRD pou 2025 Panyòl | Imaj NVRD pou 2025 Panyòl
Enskri nan Lang Ou Pale a
Nou angaje n pou n rann enfòmasyon sou vòt la disponib nan lang ou pale a. Biwo Majistra ki Responsab Afè Imigran (Mayor’s Office of Immigrant Affairs) an te bay lòt tradiksyon pou fòm enskripsyon nan lis elektoral yo nan lang sa yo. Fòm sa yo dwe ranpli ann anglè.