Eleksyon sou pouvwa ou. Nou te fè.​​  

Pwogram Fon an Kontrepati NYC a bay moun New York òdinè yo yon bon mwayen pou fè lidè yo fè travay yo. Li ajoute fon piblik sou kontribisyon ou yo pou kandida yo kapab konsantre yo sou kominote yo sèvi yo - se pa jis sou donatè ki pi rich yo.​​ 

Videyo a Disponib Kounye a nan Lang Anglè Sèlman. Gen lòt lang k ap disponib byento.​​ 

Gade transkripsyon an​​  Kache transkripsyon​​ 

New York se pwopriyete popilasyon an. Pwofesè yo, enfimyè yo, chofè taksi ak chofè ki fè livrezon yo, pwopriyetè ti antrepriz yo. Se nou menm ki fè vil la kontinye fonksyone. Se nou menm ki fè vil sa a sa li ye a. Antanke moun New York òdinè, nou vle pou lidè nou yo rann kont. Èske yo konprann sa k ap pase nan katye nou yo toutbon? Nou eli lidè ki di y ap goumen pou nou. Men, twò souvan nan politik lokal, moun ki gen enterè espesyal yo depanse plizyè milyon dola pou yo achte enfliyans. Ki rezilta?​​ 

Lè se gwo chabrak ki finanse kanpay yo, lidè yo gen kont pou yo al rann yo, se pa moun New York òdinè yo. Men isit la nan Vil New York, moun òdinè yo kapab reyini ansanm pou yo asire yo lidè yo rann nou kont. Kijan? Gras ak Pwogram Fon an Kontrepati vil la. Men kijan l fonksyone. Nenpòt lè yon moun New York bay yon ti kontribisyon pou yon moun ki kandida pou fonksyon minisipal, nou ajoute sou li epi nou miltiple li pa uit. Kidonk, yon kontribisyon 10 dola vin tounen 90 dola, kandida a kapab depanse nan afich, evènman, ak lòt aktivite pou l rive touche elektè yo.​​ 

Pwogram fon an kontrepati a rann li pi fasil pou tout moun New York kandida pou fonksyon, pi fasil pou moun kore kandida yo kwè ladan yo a, epi li rann pi difisil pou gwo chabrak enfliyanse eleksyon yo. Sa vle di ou pa bezwen rich pou kandida pou fonksyon epi genyen eleksyon an. Epi ou pa bezwen bay plizyè milyon dola pou fè yon diferans nan yon kanpay politik ou kwè ladan l. Pwogram fon an kontrepati a rann li pi fasil pou tout moun New York kandida nan eleksyon. Epi nou ede moun New York yo chwazi lidè ki kapab rann kont bay popilasyon an.​​ 

Nou egzamine chak grenn dola ki kolekte e ki depanse nan eleksyon lokal yo pou n asire nou kandida yo respekte prensip yo ak règ jwèt la. Lè Kandida oblije di kote chak grenn dola soti, elektè yo kapab wè kiyès k ap sipòte kanpay yo. Lè moun New York òdinè yo mete tèt ansanm, nou kapab reyalize gwo chanjman. Ti kontribisyon nou yo kapab fè yon gwo tonton diferans. Gras ak pwogram fon an kontrepati a, menm yon kandida moun pa konnen kapab kandida pou fonsyon epi genyen eleksyon an. Donk al mache di moun sa. Epi pa bliye, vote se pa sèl mwayen pou fè tande vwa w. Jwenn plis enfòmasyon nan lyen sa a nycvotes.org/matchingfunds.​​ 

Kisa Pwogram Fon an Kontrepati a ye?​​ 

Li pran ti kontribisyon ou yo epi li miltipliye yo.​​ 

  • Pou chak kontribisyon ki rive jiska 250 dola, pwogram nan bay yon kontribisyon ki egal ak yon to 8 dola pou 1 dola. Kidonk, si w bay yon kandida 10 dola, nou bay 80 dola nan fon piblik laKanpay la jwenn 90 dola, sa ki pèmèt li peye frè yo tankou pèsonèl la oswa materyèl kanpay la.​​ 

Li ba w yon posiblite pou patisipe.​​  

  • Prezante pou fonksyon pa ta dwe sou ki moun ki gen plis lajan. Li ta dwe sou kiyès ki vle fè pi gwo enpak epi ede plis moun.​​  

Poukisa pwogram fon an kontrepati a enpòtan pou NYC?​​  

Pwogram fon an kontrepati an:​​  

  • ede Nouyòkè yo prezante pou fonksyon.​​  
  • Asire ou lajan ou kolekte difisilman ale pi lwen.​​  
  • Vle di kandida yo reponn ou.​​  
  • Ranfòse transparans nan kòlèk lajan ak depans kanpay yo.​​  
  • Bay vwa ou fòs sou izolwa.​​ 
  • Kreye yon administrasyon ki divès menmjan ak moun li reprezante yo.​​  

Èske w te konnen? Avèk sipò Pwogram Fon an kontrepati Vil New York la, Konsèy minisipal ki te eli an 2021 an te konsèy ki te plis divèsifye nan istwa vil la tankou premye majorite fanm nan Konsèy la.​​  

Imaj yon kandida fanm k ap souri epi k ap voye men bay yon gwoup espektatè ki deyò a.​​ 

Chak ti donasyon konte — vil la mete sou kontribisyon yo pou ranfòse vwa kominote a.​​ 

Kijan pou kontribye nan pwogram fon an kontrepati a​​ 

Premyeman, yon kandida ki poze kandida pou Majistra, Kontwolè, Defansè Piblik, Prezidan Awondisman oswa Konsèy Minisipal kolekte montan minimòm ki nesesè a (tablo anba a) pou l patisipe nan Pwogram nan.​​  

Fonksyon​​  Fon minimòm ki kolekte​​  Kantite Donatè​​ 
Majistra​​  $250,000​​  1,000​​ 
Defansè Piblik, Kontwolè fiskal​​  $125,000​​  500
Prezidan Awondisman an​​  $10,000 - $54,721​​  100
Konsèy Minisipal​​  $5,000​​  75

 

Apresa, yon moun New York tankou ou fè yon don dirèkteman atravè kanpay la oswa atravè nou menm.​​   

Èske w te konnen? Kontribisyon mwayèn lan nan sikl Eleksyon 2025 an te aprepè $160. Men, pa gen okenn kontribisyon ki twò piti!​​  

Lyen ekstèn​​ 

Kontribye kounya​​ 

Imaj men yon moun ki kenbe yon esmatfòn ki afiche yon ekran donasyon ki genyen opsyon kontribisyon yo: 25 dola, 50 dola, 75 dola, 100 dola, 175 dola, ak “Lòt.”​​ 

Kidonk, ou te kontribye. E kounya?​​ 

Chak kanpay ki resevwa fon piblik dwe bay detay sou fason yo te depanse lajan an, ki pèmèt ou suiv tras chak dola ki depanse nan kanpay la.​​ 

Nan CFB a, objektif nou se pou nou asire nou kandida yo rann kont devan moun New York yo, epi pou fon piblik yo depanse ak kontwòl.​​ 

Men pa annik kwè nan sa nou di a. Ou kapab suiv kontribisyon yo ak plis ankò avèk  Zouti Follow the Money (Swivi Lajan an) nou an.​​ 

Lyen ekstèn​​ 

Follow the Money (Swivi Lajan an)​​ 

Ki Kote Lajan Piblik la Soti?​​ 

Nan NYC, lè moun New York yo bay kontribisyon pou kandida lokal yo, kontribisyon yo bay la kapab al ajoute sou fon piblik la. Vil New York bay fon sa yo, epi yo reprezante mwens pase 1% nan bidjè total vil la.​​  

Se yon ti envestisman nan yon demokrasi ki pi transparan e ki pi responsab. Piske fon an kontrepati a soti nan lajan piblik la, chak moun New York ede kore pwogram nan. Sa vle di fason yo itilze lajan an afekte nou tout.​​ 

Fason Kanpay yo Itilize Fon an Kontrepati a​​ 

Kandida yo ka sèlman itilize fon an kontrepati a pou regle zafè kanpay yo. Yo pa kapab itilize fon sa a pou depans pèsonèl nan okenn sikonstans.​​  

Fon an kontrepati a pèmèt kandida yo pran kontak avèk elektè yo epi fè kanpay ki jis ak transparan.​​ 

Yo ka itilize fon an pou:​​  

  • Fè piblisite (televizyon, radyo, medya nimerik, ak rezo sosyal)​​  
  • Lwe espas biwo​​ 
  • Enpresyon, frè postal, ak dokiman kanpay​​  
  • Peye pèsonèl kanpay​​  
  • Evènman pou ranmase lajan ak sansibilize elektè​​  
  • Vwayaj ak patisipasyon nan evènman kominotè​​  
  • Frè jiridik ak frè konfòmite​​  
  • Gadri timoun pou timoun ki poko gen 13 lane (avèk apwobasyon)​​ 
  • Yon sèl evènman pou di mèsi apre eleksyon​​ 

Fason Kanpay yo Pa Kapab Itilize Fon Piblik yo​​ 

Yo pa kapab itilize fon piblik la pou zafè pèsonèl ak bagay ki pa gen pou wè ak kanpay la, tankou rad, koupe cheve, oswa swen pèsonèl; lwaye oswa depans pou kay, ekolaj oswa gadri timoun san apwobasyon; machin, enskripsyon nan klèb, oswa tikè espektak; ak kado ki depase 50 dola.​​ 

Konsèy Finansman Kanpay la egzamine chak depans atravè yon pwosesis odit ki solid pou li asire l depans yo etik epi yo gen rapò ak kanpay. Kandida yo dwe montre egzakteman fon an te depase lajan an epi remèt nenpòt fon ki rete.​​  

Sila yo ki pa respekte règ jwèt la oswa ki dwe lajan sou ansyen kanpay yo p ap kapab resevwa nouvo fon an kontrepati toutotan yo pa rezoud pwoblèm ki poko rezoud yo.​​ 

Fason Yo Fè Kandida yo Rann Kont​​  

Lè yon kandida antre nan Pwogram Fon an Kontrepati Piblik Vil New York la, li dakò pou l respekte règ ki klè ak limit depans ki baze sou fonksyon li kandida pou li a.​​  

Epitou, kandida k ap patisipe yo aksepte pou yo di piblik la nan men ki moun yo pran lajan ak fason yo depanse li. Ou kapab wè fason kanpay yo itilize fon piblik yo avèk zouti Follow the Money (Suiv Lajan an) nou an.​​ 

Lyen ekstèn​​ 

Follow the Money (Swivi Lajan an)​​ 

Evolisyon Pwogram nan​​ 

Pwogram Fon an Kontrepati a pa t rete konsa li kreye. Depi plis pase 30 lane, Vil New York ap mete mwayen an plas pou pèmèt rezidan òdinè yo fè tande vwa yo pi byen. Ofiyamezi vil la ap chanje, pwogram nan ap evolye pou l reponn ak bezwen yon elektora ki pi divès epi ki pi angaje.​​ 

Gade kijan nou evolye. Nou te kòmanse tou piti nan lane 1988. Jounen jodi a, nou se sistèm fon an kontrepati ki pi pisan nan peyi a nan zafè kolekte ti kontribisyon lajan.​​ 

Jounal la gen pou tit “Yon Istwa Kout sou Pwogram Fon an Kontrepati a” ki prezante etap kle yo. 1988: NYC kreye Komisyon Finansman Kanpay la ak pwogram fon an kontrepati a avèk yon kontribisyon piblik 1 dola pou 1 dola rive jiska 1,000 dola. 1998: Gen ogmantasyon, pou chak 1 dola kontribitè a bay, pwogram nan ajoute 4 dola, men limit pou chak kontribitè se 250 dola. 2007: Gen ogmantasyon, pou chak 1 dola kontribitè a bay, pwogram nan ajoute 6 dola, men limit pou chak kontribitè se 175 dola. 2018: Elektè yo bay apwobasyon yo. Pou chak 1 dola ,pwogram nan ajoute 8 dola pou fonksyon lokal ak fonksyon ki lye ak tout vil yo. Jodi a: nan lane 2021, 94% nan kandida yo te itilize pwogram nan, sa ki te kontribye nan eleksyon Konsèy Minisipal ki pi divèsifye nan istwa NYC.​​