Kandida yo ki sou Bilten Vòt ou an
Mete adrès ou pou w ka wè kandida ki sou Bilten Vòt ou a.
Konsilte lis kandida ki nan bilten vòt la pou eleksyon mwa jen sa.
ELEKSYON PRIMÈ 2025Konsènan Gid Elektè a
Sa a se vèsyon dijital Gid Elektè ofisyèl pou eleksyon primè Vil New York nan mwa jen 2025 la. Kandida yo te soumèt pwofil ak foto ki nan Gid sa a bay Komisyon Finansman Kanpay la, yo tout di enfòmasyon yo bay yo se verite selon sa yo konnen. Opinyon yo eksprime nan deklarasyon kandida yo pa reprezante opinyon Komisyon Finansman Kanpay la. Gid sa a bay lis tout kandida yo ki sipoze sou bilten vòt la nan moman piblikasyon an.