Biwo ki sou bilten vòt ou a
Montre rezilta pou
Adrès ou deyò New York.Ou ka jwenn enfòmasyon sou eleksyon pou eta w la sou USAGov.Vizite sit entènèt USAGov la.
Adrès ou an deyò New York. Ou ka jwenn enfòmasyon sou eleksyon pou konte w la nan Konsèy Elektoral Eta Nouyòk la. Vizite sit entènèt Konsèy Elektoral Eta Nouyòk la.
Distri vòt ou yo pati konsa:
- Distri Konsèy Minisipal la
Kous elektoral pou vil la
Majistra
Majistra a se chèf gouvènman vil nou an. Li gen yon manda 4 lane (li fè jiska 2 manda youn apre lòt). Li pwopoze bidjè vil la, li siyen oswa mete veto sou pwojè lwa Konsèy Minisipal la adopte, li nonmen dirijan nan ajans minisipal yo, tankou Chanselye Lekòl ak Komisè Lapolis la, li fikse priyorite ak politik pou ajans minisipal yo, li jere tè ki nan vil la, sa ki fè enpak sou lojman abòdab, pak piblik yo, ak netwayaj lari yo.
Rankontre kandida yo
Defansè Piblik
Defansè Piblik la se yon manm ki pa gen dwa vote nan Konsèy Minisipal New York. Li gen yon manda 4 lane (li fè jiska 2 manda youn apre lòt). Si Majistra a kite fonksyon li, Defansè Piblik la ap jwe wòl Majistra jiskaske yo òganize yon eleksyon espesyal. Li elabore epi kore pwojè lwa nan tèt ansanm nan Konsèy Minisipal la, li sipèvize ajans minisipal yo, epi li mennen ankèt sou plent sitwayen yo depoze pou sèvis minisipal yo.
Rankontre kandida yo
Kontwolè
Kontwolè a jere lajan vil la epi li asire l vil la pa gen pwoblèm lajan. Li gen yon manda 4 lane (li fè jiska 2 manda youn apre lòt). Li fè odit sou ajans minisipal yo ak kontra yo, li anpeche yo fè kout maltaye nan pasasyon mache yo, li jere bidjè, envestisman minisipal yo tankou fon fidisyè ak fon pansyon, ak obligasyon, epi li bay Majistra a ak Konsèy Minisipal la konsèy sou sitiyasyon finansyè vil la.
Rankontre kandida yo
Prezidan Awondisman an
Prezidan Awondisman an jwè wòl defansè pou awondisman li an. Li gen yon manda 4 lane (li fè jiska 2 manda youn apre lòt). Li chita pale avèk Majistra a sou bidjè anyèl la, li bay òganizasyon lokal yo sibvansyon, li bay konsèy sou zafè rezonaj, epi li nonmen reprezantan nan Komite Ibanis lan ak Komisyon Kominotè a.
Rankontre kandida yo
Konsèy Minisipal
Konsèy Minisipal la se branch lejislatif, oswa branch ki fè lwa, nan gouvènman Vil New York la. Genyen 51 manm. Manm Konsèy yo gen yon manda 4 ane (yo fè jiska 2 manda youn apre lòt). Yo prezante ak vote pwojè lwa, yo negosye epi apwouve bidjè Vil la, yo voye je sou ajans minisipal yo, epi yo pran desizyon sou kwasans ak devlopman vil nou an.
Rankontre kandida yo
Kous Elektoral nan Eta a
Pwokirè Jeneral
Pwokirè Jeneral la se pwokirè prensipal nan Konte l la. Yo sèvi pou 4 lane. Pa gen limit nan manda. Li deside ki dosye pou li pouswiv (ak ki dosye pou l pa pouswiv), li sipèvize tout pwosè penal yo, epi li mennen ankèt sou konpòtman kriminèl epi pouswiv konpòtman sa yo.
Rankontre kandida yo
Pa gen Eleksyon Primè nan Distri pou vote w. Gen kèk Distri ki pa gen biwo sou Bilten Vòt pou Primè yo a, paske Kandida nan Distri sa yo ap patisipe san konteste nan Pati politik yo. Sepandan, ka toujou genyen kous pou pòs nan majistrati ak pòs nan pati a sou Bilten Vòt ou a.
Lòt kous sou Bilten Vòt ou
Elektè Manhattan yo gen yon eleksyon primè pou Pwokirè Distri, epi y ap ajoute enfòmasyon sou kandida ki nan eleksyon sa a nan gid la anvan lontan.
Pou w jwenn lis konplè kous elektoral yo sou bilten vòt ou a, anplis de kandida yo, ou ka konsilte Lokalizatè Biwo Vòt Konsèy Elektoral (Board of Elections) la epi antre adrès ou a. Aprè ou fin antre adrès ou a, klike sou "Afiche Echantiyon Bilten Vòt" nan tèt paj la.
Vizite lokalizatè Biwo vòt Konsèy Elektoral la
Konsènan Gid Elektè a
Sa a se vèsyon dijital Gid Elektè ofisyèl pou eleksyon primè Vil New York nan mwa jen 2025 la. Kandida yo te soumèt pwofil ak foto ki nan Gid sa a bay Komisyon Finansman Kanpay la, yo tout di enfòmasyon yo bay yo se verite selon sa yo konnen. Opinyon yo eksprime nan deklarasyon kandida yo pa reprezante opinyon Komisyon Finansman Kanpay la. Gid sa a bay lis tout kandida yo ki sipoze sou bilten vòt la nan moman piblikasyon an.