Early Voting Starts Saturday 10/25! Learn More.​​ 

Sa w ap wè sou bilten vòt la​​ 

Konsolide kat jeyografik awondisman yo epi adrese asiyasyon fonksyon yo, epi kreye yon Kat Jeyografik Minisipal nimerik nan Depatman Planifikasyon Minisipa la. Jodi a, Kat Jeyografik Minisipal la gen ladan l kat jeyografik an papye ki repati nan senk biwo.​​ 

“Wi” kreye yon Kat Jeyografik Minisipal nimerik byen konsolide.​​ 

“Non” kite an plas senk kat jeyografik separe epi adrese asiyasyon fonksyon yo, Biwo Prezidan Awondisman yo ap jere.​​ 

Kisa pwopozisyon sa a di​​ 

Pwopozisyon sa a ta dwe rann Depatman Planifikasyon Minisipal (Department of City Planning, DCP) la responsab pou li kreye, konsève epi nimerize yon sèl Kat Jeyografik Minisipal.​​ 

Kisa pwopozisyon sa a vle di​​ 

Kat Jeyografik Minisipal la defini non ri yo, lajè yo ak trasaj yo. Aktyèlman, se senk Biwo Topografik k ap jere Kat Jeyografik Minisipal la, nan chak biwo Prezidan Awondisman yo. Kat Jewografik Minisipal la gen ladan l 8,000 kat jewografik an papye. Pwopozisyon sa a ta dwe egzije Depatman Planifikasyon Minisipal la (Department of City Planning, DCP) pou konsolide kat jeyografik an papye yo ki konsève separeman nan yon sèl Kat Jeyografik Minisipal santralize e nimerize.​​ 

Yon vòt “wi” kreye yon Kat Jeyografik Minisipal nimerik santralize Depatman Planifikasyon Minisipal la konsève.​​ 

Yon vòt “non” kite kat jeyografik papye chak awondisman yo separe epi sou kontwòl biwo Prezidan Awondisman an.​​ 

Rezime Deklarasyon yo – Vote Wi sou Pwopozisyon 5 a​​ 

Moun ki kore Pwopozisyon 5 lan yo konsidere kreyasyon yon Kat Vil dijital inifye kòm yon etap enpòtan pou akselere pwosesis ki pran plizyè mwa oswa plizyè ane epi ki depannde kat vil yo, tankou pwojè enfrastrikti ak pwojè lojman. Moun ki kore pwopozisyon sa a panse l ap rann enfòmasyon ki piblik yo pi disponib, sitou pou moun New York ki gen andikap yo. "Modènizasyon administrasyon Kat Vil la ap ogmante efikasite operasyon gouvènman yo epi akselere tan ki nesesè pou avanse pwojè piblik ak pwojè prive ki enplike chanjman nan domèn piblik la" (Komisyon Bidjè pou Sitwayen). Center for Independence of the Disabled, New York (CIDNY) ekri pou di sistèm aktyèl 8,000 kat an papye nan senk biwo anwondisman diferan prezante defi pou moun ki gen pwoblèm deplasman oswa vizyon yo, epi yon kat nimerize ap bay enfòmasyon ki pi klè, pi fyab sou non ak plan lari yo, pandan l ap pèmèt rezidan yo jwenn enfòmasyon sa yo depi lakay yo.”​​ 

Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:​​ 

  • Citizens Budget Commission​​ 
  • Sant pou Endepandans Moun ki Gen Andikap nan New York (Center for the Independence of the Disabled, New York, CIDNY)​​ 
  • Open New York​​ 

Kantite deklarasyon: 6​​ 

Rezime Deklarasyon yo – Vote Non sou Pwopozisyon 5 a​​ 

Moun ki kont Pwopozisyon 5 lan yo gen plizyè rezònman, soti nan enkyetid konsènan fason pwopozisyon an vag ak dout sou valè li, pase nan kwè nan valè kat an papye yo, rive nan avètisman kòmkidire Depatman Planifikasyon Vil la pa byen ekipe pou jere travay Biwo Topografik ki nan chak awondisman. Prezidan Staten Island lan, Vito J. Fossella, ekri: “Depi nan konsepsyon yo, Biwo Topografik yo rete lokal epi yo toupre ekspètiz travayè yo, ki kenbe kat trè teknik yo, epi pou pwofesyonèl yo ak moun ki rete nan Awondisman yo ki souvan bezwen epi itilize kat sa yo,” epi lè moun Staten Island yo bezwen èd pou yo rezoud yon pwoblèm itilizasyon tè oswa pwopriyete, “paske se anplwaye ki konprann kominote yo a ki jere Biwo Topografik la, yo bay rezidan yo sèvis ki rapid e dirèk.” Fossella kontinye pou l di, “mouvman sa a ta mete fonksyon sa yo nan yon ajans ki manke boukantay lapawòl reyèl moun ak moun ki nesesè pou rezilta yo. DCP gen move repitasyon tou poutèt li chaje kou legba, avèk gwo reta ak mank presizyon. Aksyon sa a gen potansyèl pou li ralanti pwosesis yo, kreye plis reta nan sèvis yo, afebli responsablite a epi fè li pi difisil pou moun New York òdinè yo jwenn èd." Manm Konsèy Robert Holden ajoute pou l di, “Yon sèl kat dijital sanble itil, men mezi sa a vag sou pri, vi prive, ak ki moun ki gen dwa chanje li.”​​ 

Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:​​ 

  • Prezidan Awondisman Staten Islans Vito J. Fossella​​ 
  • Manm Konsèy Robert Holden​​ 

Kantite deklarasyon: 5​​ 

Dat Kle yo​​ 

  • Vòt Alavans | Eleksyon Jeneral​​ 

    Samdi 25 Oktòb 2025 - Dimanch 2 Novanm 2025​​ 
  • Dat Limit pou Depoze Aplikasyon pou Vote pa Lapòs (Fas-a-Fas)​​ 

    Lendi 3 Novanm 2025​​ 
  • Jou Eleksyon​​ 

    Madi 4 Novanm 2025​​