Early Voting Starts Saturday 10/25! Learn More.​​ 

Sa w ap wè sou bilten vòt la​​ 

Senplifye egzamen montan modès pwojè lojman ak enfrastrikti minè adisyonèl yo, sa ki ap redwi tan an yon fason siyifikatif. Kenbe Egzamen Komisyon Kominotè a, kote desizyon final la se Komisyon Planifikasyon Minisipal la k ap pran l.​​ 

“Wi” senplifye egzamen pou chanjman limite itilizasyon teren yo, ki enkli pwojè lojman modès ak enfrastrikti minè.​​ 

“Non” soumèt chanjman sa yo anba yon egzamen ki pi long, ak desizyon final Konsèy Minisipal la.​​ 

Kisa pwopozisyon sa a di​​ 

Pwopozisyon sa a ap kreye yon pwosesis egzamen ki pi rapid pou sèten pwojè itilizasyon teren, tankou pwojè ki pi piti yo pou chanje fason yo itilize teren yo pou prepare vil la pou kondisyon meteyowolojik ekstrèm oswa lòt defi alavni. Pou pifò pwojè sa yo, pwosesis ki pwopoze a ta dwe retire egzamen final la nan men Konsèy Minisipal la.​​ 

Kisa pwopozisyon sa a vle di​​ 

Aktyèlman, pifò pwojè itilizasyon teren yo dwe pase atravè Pwosedi Inifòm pou Egzaminasyon Itilizasyon Teren yo (Uniform Land Use Review Procedure, ULURP), yon pwosesis egzamen ki dire sèt mwa. Pwopozisyon sa a ap kreye yon Pwosedi Akseslere pou Egzamen Itilizasyon Teren yo (Expedited Land Use Review Procedure, ELURP) pou pwojè ki pi piti yo pou chanje fason yo itilize teren yo pou prepare vil la pou tanperati ekstrèm oswa lòt defi alavni. Pwosesis sa a t ap gen ladan yon peryòd egzamen 60 jou pou Komisyon Kominotè lokal la ak Prezidan Awondisman lokal la, apresa ap gen yon egzamen 30 jou epi desizyon final nan men Komisyon Planifikasyon Minisipal (City Planning Commission, CPC) la.​​ 

Yon vòt “wi” kreye yon pwosesis ki pi rapid pou chajman zonaj ki pi piti ak lòt aksyon itilizasyon teren yo. Li retire egzamen Konsèy Minisipal la pou pifò pwojè yo.​​ 

Yon vòt “non” kontinye pwosesis egzamen piblik sèt mwa a avèk kontribisyon Komisyon Kominotè lokal la, Prezidan Awondisman lokal la, CPC a, Konsèy Minisipal la ak Majistra a.​​ 

Rezime Deklarasyon yo – Vote Wi sou Pwopozisyon 3 a​​ 

Moun ki kore pwopozisyon 3 a yo chita pale sou de rezon kle pou yo kreye yon nouvo pwosesis pou egzamine chanjman modès ki fèt nan itilizasyon tè yo: bati plis lojman ak prepare vil la pou enpak move tan ak enpak klimatik yo. Patisipan yo te mete aksan sou "fòmalite administratif" nan zafè lojman epi yo kwè nouvo pwosesis la ap ogmante konstriksyon lojman an anpil nan fè diferans ant pwosesis pou apwouve konstriksyon lojman ki "pa twò gwo yo" ak pwopozisyon pou bati "gwo kay, konplèks, e ki pafwa fè gen anpil polemik" (Konsèy Lojman ak Planifikasyon pou Sitwayen) pou ankouraje plis devlopman lojman nan diferan nivo. Yo di anba sistèm aktyèl la, "se sèlman gwo pwojè yo, ki kapab bay plis pwofi, yo pwopoze" (Abondans New York), epi soumèt pwopozisyon ki mwens enpòtan nan menm pwosesis la "ralanti yo, fè yo koute pi chè, epi yo souvan anpeche yo rive reyalize" (Konsèy Lojman ak Planifikasyon pou Sitwayen). Patisipan yo ki te konsantre yo sou rezilyans klimatik te mansyone ogmantasyon inondasyon, vag chalè, bès tansyon rezo elektrik la, ak nesesit pou gen enèji renouvlab tankou pano solè. Gen plizyè moun ki mansyone jan li enpòtan pou yo pa kite pwosesis fòmalite administratif la ralanti mezi pou prepare vil la ak rezidan li yo pou enpak move tan ak chanjman klimatik. Prèske tout patisipan ki kore pwopozisyon an panse devlopman pozitif yo bloke anba pwosesis ULURP a (pwosesis aktyèl la), epi vil la ta dwe kapab reponn pi vit ak pi rapidman ak bezwen k ap parèt yo.​​ 

Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:​​ 

  • Regional Plan Association​​ 
  • Abundance New York​​ 
  • Citizens Budget Commission​​ 
  • The Health & Housing Consortium​​ 
  • Citizens Housing and Planning Council​​ 
  • Dattner Architects​​ 
  • Climate Changemakers Brooklyn​​ 
  • Open New York​​ 

Kantite deklarasyon: 25​​ 

Rezime Deklarasyon yo – Vote Non sou Pwopozisyon 3 a​​ 

Patisipan ki opoze Pwopozisyon 3 yo panse li retire pouvwa nan men Konsèy Minisipal la epi li diminye patisipasyon kominote a pandan l ap itilize tèm ki malatchong epi ki twò laj (tankou "modès"), tèm pwomotè imobilye ta kapab eksplwate. Mensa Manm Konsèy Robert Holden ekri: “Tèm modès la kapab tounen yon fay.” Patisipan yo pè pou pwopozisyon sa a pa retire pouvwa pou pran desizyon an nan men moun New York òdinè yo epi rann li pi difisil pou kominote yo gen lavwa ochapit nan sa y ap konstwi nan katye yo. Detraktè yo avèti pou di pwojè sa yo kapab lakoz pwoblèm tankou deplasman, lavi chè ki p ap janm bese, koupe envestisman nan katye yo, epi chanjman zonaj enpoze ki sitou bon pou pwomotè imobilye yo.​​ 

Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:​​ 

  • Manm Konsèy Robert Holden​​ 

Kantite deklarasyon: 4​​ 

Dat Kle yo​​ 

  • Vòt Alavans | Eleksyon Jeneral​​ 

    Samdi 25 Oktòb 2025 - Dimanch 2 Novanm 2025​​ 
  • Dat Limit pou Depoze Aplikasyon pou Vote pa Lapòs (Fas-a-Fas)​​ 

    Lendi 3 Novanm 2025​​ 
  • Jou Eleksyon​​ 

    Madi 4 Novanm 2025​​