Sa w ap wè sou bilten vòt la
Akselere konstriksyon lojman ki abòdab fon piblik la finanse. Akselere demann ki fèt pou founi lojman ki abòdab nan distri kominotè ki ofri mwens lojman ki abòdab yo, sa ki ap redwi tan analiz la konsiderableman. Kenbe Egzamen Komisyon Kominotè a.
“Wi” pou akselere aplikasyon yo nan Komisyon Nòm ak Apèl ak oswa Komisyon Planifikasyon Minisipal la.
“Non” soumèt lojman abòdab la anba yon revizyon ki pi long ak desizyon final la nan Konsèy Minisipal la.
Kisa pwopozisyon sa a di
Pwopozisyon sa a ap kreye de nouvo pwosesis pou akselere sèten pwojè lojman abòdab. Premye pwosesis la se pou pwojè lojman abòdab fon piblik la finanse. Dezyèm pwosesis la se pou pwojè lojman abòdab ki nan 12 distri kominotè yo ak tarif devlòpman lojman abòdab ki pi ba.
Kisa pwopozisyon sa a vle di
Pifò pwojè lojman yo dwe pase atravè Pwosedi Inifòm pou Egzaminasyon Itilizasyon Teren yo (Uniform Land Use Review Procedure, ULURP), yon pwosesis egzamen ki dire sèt mwa. Pwopozisyon sa a ap kreye de nouvo pwosesis pou sèten pwojè lojman abòdab.
Premye an ap pèmèt Komisyon Nòm ak Apèl (Board of Standards and Appeals, BSA) la apwouve pwojè lojman abòdab fon piblik la finanse, apre yon egzamen 60 jou Komisyon Kominotè lokal la fè ak yon egzamen 30 jou BSA fè.
Dezyèm pwosesis la ap kreye yon egzaminasyon pi rapid pou pwojè yo nan 12 distri kominotè yo ak tarif devlòpman lojman abòdab ki pi ba. Pwosesis sa a ap pèmèt Komisyon Kominotè a ak Prezidan Awondisman lokal la fè egzamen an menm tan, apresa gen yon egzamen 30 jiska 45 jou Komisyon Planifikasyon Minisipal (City Planning Commission, CPC) la fè. Se CPC a ki ta gen apwobasyon final la olyede Konsèy Minisipal la.
Yon vòt “wi” fè de pwosesis yo akselere pwojè lojman abòdab yo.
Yon vòt “non” kontinye pwosesis egzamen sèt mwa a avèk kontribisyon Komisyon Kominotè lokal la, Prezidan Awondisman lokal la, CPC a, Konsèy Minisipal la ak Majistra a.
Rezime Deklarasyon yo – Vote Wi sou Pwopozisyon 2 a
Moun ki kore Pwopozisyon 2 yo wè li kòm yon solisyon pou mank lojman an ak pwoblèm lavi chè a nan Vil New York. Plizyè patisipan fè referans ak pwopozisyon an kòm yon seri "refòm lojik" epi yo di ta dwe gen yon pwosesis apa pou apwouve epi bati ti kay yo pa rapò ak gratsyèl yo epi gwo bilding yo. Moun ki kore mezi yo di li ap pèmèt yo akselere konstriksyon lojman abòdab, diminye fòmalite administratif oswa konsiderasyon politik yo, epi ede plis moun ki gen ti revni ak revni modere yo jwenn kay. Anpil moun pale de pri lwaye a ki pa sispann ogmante ak kantite lojman abòdab yo ki limite. Yo di san refòm, moun New York ki nan klas ouvriye ak klas mwayèn yo ap kontinye gen difikilte pou yo rete nan kominote yo. Gen plizyè ki di pwopozisyon sa a ap fè oblije tout katye yo bati pwòp lojman abòdab pa yo. Konferans Lojman New York la fè remake selon rechèch yo a, "Pandan dis dènye ane yo, 10 distri Konsèy Minisipal ki pi pwodiktif yo te ajoute an mwayèn apeprè 540 apatman abòdab pa ane, alòske 10 distri ki mwens pwodiktif yo te ajoute sèlman 11." Konsènan enkyetid kòmkwa yo p ap mete Konsèy Minisipal la nan nouvo pwosesis apwobasyon yo, Komisyon Bidjè Sitwayen an ekri, "Avèk manm li yo Majistra a, Prezidan Awondisman yo, ak Defansè Piblik la nonmen, Komisyon Ibanis la kapab fasilman fè ekilib ant bezwen tout vil la genyen nan zafè lojman ak enkyetid nan divès katye yo. Sa ki enpòtan an, egzamen Komisyon Kominotè a ak Prezidan Awondisman an fè kontinye bay katye yo yon vwa enpòtan.”
Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:
- Habitat for Humanity New York City and Westchester County
- Asosyasyon pou Devlopman Katye ak Lojman (Association for Neighborhood & Housing Development, ANHD)
- Regional Plan Association
- Abundance New York
- Konferans Lojman New York
- Citizens Budget Commission
Kantite deklarasyon: 8
Rezime Deklarasyon yo – Vote Non sou Pwopozisyon 2 a
Sila yo ki di yo kont Pwopozisyon 2 a kwè li ap afebli sipèvizyon piblik la nan desizyon nan zafè lojman nan retire Konsèy Minisipal la nan pwosesis la epi nan redwi posiblite pou kominote a patisipe nan fè Prezidan Awondisman an ak Komisyon Kominotè a egzamine pwopozisyon yo an menm tan. Epitou, patisipan yo di metòd yo pwopoze pou akselere devlopman an ap ka fè pwofi imobilye a pase anvan aksesibilite reyèl la, kote gen plizyè ki di pwopozisyon an bon pou pwomotè imobilye yo. Yo mande pou gen politik ki pi klè pou asire gen lojman ki vrèman abòdab ak solisyon ki priyorize bezwen moun ki mande lojman yo nan plas bezwen sektè imobilye a, tankou nan redwi lojman ki nan pri mache a oswa lojman liks yo epi nan ankouraje envestisman kominotè global.
Moun ki reprezante enstitisyon ak moun ki eli nan eleksyon yo:
- Manm Konsèy Robert Holden
Kantite deklarasyon: 8