Analiz sou Elektè nan Vil New York
Chak ane, Komisyon Finansman Kanpay Vil New York la egzamine done elektè yo pou l ka konprann ki moun New York ki te soti al vote, ki moun ki te rele lakay yo, epi leson nou kapab tire pou n amelyore pwochen eleksyon yo pou tout moun. Men kèk pwen enpòtan ki nan rapò ane 2024 la.
Jèn Elektè yo Te Gen Difikilte Pou Yo Patisipe
- Vil New York gen plis jefò pou l fè pou l asire l jèn moun yo vote. To patisipasyon kay elektè ki poko gen 30 lane yo te rete ba an 2024, kote se sèlman 3.7% ki te vote nan mwa Avril, 5.0% nan mwa Jen, epi 57.1% nan mwa Novanm. Sa ki te anpeche jèn moun yo patisipe a se fèmti sistèm eleksyon primè New York la (ki mete deyò elektè ki pa afilye ak pati politik yo), mank edikasyon sivik, ak nivo enskripsyon alavans yo ki ba. Enskripsyon alavans lan pèmèt moun ki gen mwens pase 16 ak 17 lane yo asire yo pare pou vote lè yon gen 18 lane.
- Nan rechèch Jèn Anbasadè nou yo fè a, yo te souliyen pwoblèm sa yo epi mande pou gen plis sansibilizasyon ak angajman bòkote jèn elektè yo. NYC Votes Youth Ambassadors (Jèn Anbasadè) nou yo te aprann pwosesis vòt la, istwa demokrasi a nan Vil New York, fason pou yo enplike yo nan gouvènman ak politik lokal la, ak fason pou yo edike ak angaje jèn elektè yo.

Yon Jèn Anbasadè k ap enskri elektè yo
Gen Yon Elektè sou Senk Yo Te Bliye
- Yo te mete majorite elektè ki pa t enskri nan pati politik yo deyò an 2024. Elektè ki pa afilye ak pati politik yo gen tandans pou yo pi jèn, kote prèske mwatye ladan yo gen mwens pase 40 lane, epi jeneralman to patisipasyon yo pi ba pase to patisipasyon elektè ki enskri nan pati politik yo. Elektè ki pa afilye ak pati politik yo reprezante 21.1% nan elektè ki enskri nan Vil New York yo. Piske New York genyen yon sistèm eleksyon primè ki fèmen, kote se sèl Demokrat yo ki kapab vote nan eleksyon primè pati Demokrat la epi se sèl Repibliken yo ki kapab vote nan eleksyon primè pati Repibliken an, gen yon elektè sou senk nan Vil New York ki te an mezi pou vote nan eleksyon primè yo.
Pousantaj enskripsyon elektè ki pa afilye ak pati politik selon Distri Eleksyon
Distribisyon elektè yo selon gwoup pati politik ak laj
To patisipasyon selon pati politik nan Eleksyon Jeneral yo soti 2020 rive 2024
Twòp Eleksyon Lakoz Elektè yo Fatige
- Moun New York yo konnen detwa bagay sou zafè fatig vòt la. Nan 4 premye mwa nan ane 2025 lan, yo deja òganize 3 Eleksyon Espesyal yo men elektè yo poko menm ale nan biwo vòt la pou yo vote pou majistra nan eleksyon primè yo. Pou redui fatig elektè yo epi amelyore to patisipasyon an, New York ta dwe fizyone dat eleksyon yo chak fwa sa posib. Elektè yo fatige anpil lè genyen twòp eleksyon ki fèt souvan, Si nou òganize eleksyon yo nan menm dat, sa kapab fasilite vòt la epi pèmèt plis moun patisipe, sa ki vle di rezilta yo t ap reflete pi byen sa kominote a vle a. Mwens eleksyon t ap petèt lakoz to patisipasyon elektè a ogmante.
Bilten Vòt Manifestasyon Voye yon Mesaj
- Elektè te fè yo tande vwa yo nan fè silans. Te gen yon gwo ogmantasyon nan kantite bilten vòt ki vyèj nan eleksyon primè prezidansyèl pati Demokrat la, kote gen 14.8% nan bilten vòt yo ki pa anrejistre. Ogmantasyon sa a te lye ak kanpay manifestasyon yo te òganize nan tout peyi a akoz moun yo te fache poutèt fason Prezidan Biden t ap jere konfli Gaza a, sa ki te lakoz yon gwo ogmantasyon nan kantite bilten vòt ki vyèj pa rapò ak 1.1% an 2016 epi 4.2% an 2020. Nan senk awondisman Vil New York yo te gen pousantaj bilten vòt vyèj ki diferan. Gade fason nou te angaje elektè yo sou sijè sa a an 2024 avèk videyo Instagram sa a ki gen plis pase 22 mil moun ki gade l.
Kat ki eksplike to patisipasyon an nan lane 2024
Ou anvi konnen fason moun nan katye w la yo te patisipe an 2024? Fouye nan kat elektè sa yo.
To patisipasyon elektè nan eleksyon primè avril 2024 la
- To patisipasyon nan eleksyon primè mwa Avril ak mwa Jen an te ba nan vil la. De kat sa yo montre to patisipasyon nan toude eleksyon yo.
Ki Pwochen Etap la?
Rapò Analiz Elektè 2024 la montre aklè sa ki dwe fèt pou rann eleksyon yo ekitab pou tout moun. Pou nou bati yon demokrasi ki pi djanm ak pi ouvè nan Vil New York, fòk nou pi byen angaje jèn elektè yo ak elektè ki pa afilye ak pati politik yo, rann zafè eleksyon an pi senp, epi modènize fason nou jere enskripsyon elektè yo. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason Komisyon Finansman Kanpay la vle rezoud pwoblèm sa yo, analiz sou tandans vòt nou yo, ak done demografik ki detaye sou eleksyon ane pase yo, li tout rapò a!