Yon sal ki plen moun ki chita ap gade yon prezantasyon avèk yon gwo plan sou men yon moun ki leve​​ 
Eleksyon​​  25 Novanm 2025​​ 

25 Novanm 2025​​ 

Otè: Madonna Hernandez , Editè Kontni​​ 

Jou aksyon de gras la se yon moman pou n pran poz, reflechi, epi apresye pouvwa kominote a. Pandan n ap mete bout nan yon lòt peryòd eleksyon, NYC Votes di chak grenn moun New York ki te enskri, chèche, vini nan biwo vòt yo, sipòte vwazen yo, oswa ede fè pase mesaj la mèsi. Eleksyon ane sa a te chaje ak moman ki te montre zafè angajman sivik la se yon jefò kominotè.​​ 

Mo vote ki ekri ak lakrè sou beton​​ 

Pwen ki Enpòtan nan Peryòd Eleksyon 2025​​ 

  • Gen de milyon moun New York ki te vote — se to patisipasyon elektè ki pi wo depi plis pase yon deseni!​​ 
  • Total kontribisyon Pwogram Fon an Kontrepati a an 2025 = $40,393,176​​ 

  • Kantite moun ki kontribye nan Pwogram Fon an Kontrepati a an 2025: 252,364​​ 

  • Kontribisyon mwayèn nan Pwogram Fon an Kontrepati a se: $160​​ 

To patisipasyon elektè nan Vil New York ak kontribisyon nan kanpay yo nan Eleksyon Jeneral la se te yon bagay istorik, angajman elektè yo ane sa a te ogmante, epi moun yo te pi antouzyas nan chak awondisman. Soti nan vòt alavans rive nan Jou Eleksyon an, moun New York yo te montre yo sansib pou demen vil yo a.​​ 

Yon sal ki ranpli ak moun diferan​​ 

Patenarya Kominotè Ki te Fè yon Diferans​​ 

  • 116 òganizasyon patnè yo te patisipe avèk NYC Votes​​ 
  • 325 evènman fòmasyon ak sansibilizasyon elektè​​ 
  • 620 èdtan fòmasyon​​ 
  • 10,000 moun patisipe nan evènman fòmasyon elektè​​ 

Peryòd eleksyon sa a, patnè kominotè nou yo te pote kole avèk NYC Votes pou yo òganize kanpay enskripsyon elektè sou lis elektoral, enfòme moun k ap vote pou premye fwa yo, epi ankouraje angajman sivik nan katye a.​​ 

Yon manm pèsonèl NYC Votes k ap pale nan yon sal ki chaje ak koulè​​ 

Sansibilizasyon sou Entènèt: Sa Nou Te Akonpli Ansanm​​ 

  • Piblisite anliy yo te kreye 35 milyon enpresyon — se kantite fwa nou te fè itilizatè yo wè piblisite nou yo.​​ 
  • Pasaje metwo yo te wè piblisite nou yo nan 9 lang, avèk plis pase 1,000 plasman MTA ki resevwa ​14 milyon enpresyon.​​​ 
  • Moun New York yo te tande 355 ​piblisite nan radyo nan plizyè lang ki fè sansibilizasyon sou eleksyon.​​ 
  • Moun ki itilize rezo sosyal yo te gade sa nou te pibliye a plis pase 25 milyon fwa sou entènèt epi yo te entèyaji plis pase 35,000 fwa.​​  

Mesaj nou pibliye sou entènèt yo rive touche plizyè milyon moun ki abite nan tout vil la, li te bay enfòmasyon ki klè, aksesib, e san paspouki pou ede moun New York yo fè bon chwa nan biwo vòt yo.​​ 

Yon piblisite nan metwo ki reprezante yon imaj nimerik nycvotes pou kanpay piblisite nou an.​​ 

Onore Benevòl Ki Te Rann Peryòd Sa a Posib​​ 

  • Benevòl yo te fè 877 woulman travay epi yo te fè 30,000 konvèsasyon sou zafè vote avèk moun nan vil la.​​  

  • Yo te voye 1.5 milyon rapèl nan mesaj tèks pou ede elektè yo anvan Jou Eleksyon an rive.​​ 
  • 14,640 moun New York te pwomèt pou yo vote.​​ 

Soti nan enstale tab nan kèmès nan lari rive nan enskri elektè nan fèt sou katye, benevòl yo te pase plizyè èdtan sèvis pou ede elektè yo santi yo konfyan ak prepare.​​ 

Yon gwoup benevòl ki gen kostim Halloween sou yo​​ 

Mèsi, NYC​​ 

Nou di chak grenn elektè, benevòl, patnè, ak moun nan kominote a ki te rann angajman sivik la posib yon gwo mèsi. Rete an kontak avèk nou pou w jwenn plis opòtinite pou ede ranfòse demokrasi nan vil sa a pandan tout ane a. N ap kontinye travay ansanm pou nou bati yon gouvènman ki pi solid epi ki reprezante tout moun New York toutbonvre.​​ 

Yon manm pèsonèl NYC Votes ap pale ak moun nan kominote a​​ 

Nouvèl ki lye​​