Bèt Vil New York yo (yon pijon, ekirèy, rat, chat, rat dlo ak oposòm) kanpe sou liy.​​ 

Kandida bèt NYC Votes yo nan Bilten Vòt pou fè Pratik Vote pa Chwa Preferansyèl nou an​​ 

Eleksyon​​  5 Jen 2025​​ 

5 Jen 2025​​ 

Otè: Nahal Amouzadeh , Redaktè Kontni Jinyò​​ 

Tès sipriz: Kisa ki la depi ane 1850 yo, li bay elektè tankou w plis lavwa ochapit nan biwo vòt la, epi li pral jwe yon gwo wòl nan eleksyon primè Vil New York pou ane 2025 lan?​​  

Si w devine se vote pa chwa preferansyèl (RCV), ebyen ou kòrèk! Yo itilize zafè vote pa chwa preferansyèl la nan eleksyon espesyal Vil New York la ak eleksyon primè nan tout vil la. Men sa w dwe konnen.​​ 

Kisa Vote pa Chwa Preferansyèl ye?​​  

Chwa preferansyèl la se yon metòd vòt kote elektè yo kapab chwazi plizyè kandida sou bilten vòt yo a lè yo klase yo nan lòd yo prefere a.​​  

Enfòmasyon ki amizan:​​  Ashtabula nan Ohio te vini premye kote nan peyi Etazini ki itilize metòd vote pa chwa preferansyèl nan lane 1915, yo te itilize l pou eli konsèy minisipal li an.​​ 

Vil New York itilize zafè vote pa chwa preferansyèl la pou eleksyon primè ak eleksyon espesyal ki gen ladan yo fonksyon minisipal ki vini annapre yo: Majistra, Defansè Piblik, Kontwolè, Prezidan Awondisman an, ak Konsèy Minisipal.​​  

Nan eleksyon ki fèt nan vil la kote yo itilize chwa preferansyèl la, ou gen opsyon pou w klase jiska senk kandida men ou kapab toujou vote pou yon sèl kandida. Ou klase kandida ou pi renmen an anvan, apresa ou kontinye monte jiskaske ou rive nan 5yèm chwa w la.​​  

Èske w te konnen?Yo itilize vote pa chwa preferansyèl la nan lòt zòn nan peyi Etazini, tankou San Francisco, California; Cambridge, Massachusetts; ak Minneapolis, Minnesota; epitou yo itilize l lòt kote tou tankou nan seremoni Oscar yo!​​ 

Poukisa nou itilize Vòt pa Chwa Preferansyèl?​​ 

Nan lane 2019, moun New York yo te chwazi itilize zafè vote pa chwa preferansyèl la nan eleksyon minisipal yo, sa ki fè se te pi gwo jiridiksyon ki te fè sa. Mezi ki sou bilten vòt la te pase avèk yon sipò 73.5%.​​ 

Poukisa chanjman an? Brèf, zafè vote pa chwa preferansyèl la pèmèt ou asire w kandida ki genyen an genyen sipò yon bon valè moun epi li pèmèt ou elimine eleksyon dezyèm tou ki koute chè.​​  

Jan nou eksplike sa nan Rapò Analiz Elektè 2019 nou an: “Nan eleksyon primè pou Konsèy yo, ansyen sistèm nan te regilyèman bay kandida ki fè plis vòt pase lòt yo kote gen mwens pase yon elektè sou twa nan distri yo a ki sipòte yo. Nan kous elektoral minisipal yo, lè yon kandida ki fè plis vòt pase lòt kandida yo pa fè 40 pousan nan vòt la, yo oblije òganize yon dezyèm tou eleksyon apa, men prèske pa gen elektè ki tounen nan biwo vòt la."​​ 

Epitou, metòd vote sa a ankouraje kandida yo pi respektab pandan eleksyon yo. Kòm yo kapab toujou genyen lè yo se dezyèm, twazyèm, katriyèm oswa menm senkyèm chwa yon elektè, yo gen mwens chans pou yo pale lòt kandida yo mal.​​  

Kijan zafè vote pa chwa preferansyèl la fè enpak sou
moun New York yo?​​  

Nan premye eleksyon vil la kote yo te itilize vote pa chwa preferansyèl nan lane 2021, 83% nan moun New York te chwazi klase plizyè kandida sou bilten vòt yo a, epi 77% te di yo vle vote pa chwa preferansyèl yo itilize nan lòt eleksyon yo, selon yon rapò Unite America Institute.​​ 

Nou poko ka di si zafè vote pa chwa preferansyèl la ogmante to patisipasyon elektè, men li klè moun New York yo te renmen opsyon klase plizyè kandida a.​​ 

Poukisa? Paske sa pèmèt chak moun genyen plis enfliyans nan biwo vòt la. Avèk zafè vote pa chwa preferansyèl la:​​ 

  • Si premye chwa w la pa genyen eleksyon an, pwochen chwa w la toujou genyen yon chans.​​ 
  • Vòt ou a kontinye konte pandan plizyè tou, sa ki pèmèt ou eli yon moun ou sipòte.​​ 
  • Ou gen plis lavwa ochapit nan rezilta final la.​​ 

Aranje w, pare, klase!​​ 

Yon bilten vòt pou vote pa chwa preferansyèl ki gen bèt Vil New York sou li (yon pijon, ekirèy, rat, chat, rat dlo ak oposòm) ki reprezante sis kandida.​​ 

Pratike fason pou itilize vote pa chwa preferansyèl la avèk bèt NYC Votes yo!​​ 

Kounye a lè a rive pou w prepare chwa preferansyèl anvan Eleksyon Primè mwa Jen an.​​  

Pa bliye: Gen yon bon fason pou klase. Evite fè erè lè w fè pratik vote pa chwa preferansyèl avèk bèt NYC Votes yo anvan w ale nan biwo vòt la.​​  

Apresa, dekouvri fason yo konte vòt yo. Vin yon ekspè nan zafè vote pa chwa preferansyèl anvan eleksyon an epi asire w vòt ou a rive pi lwen!​​ 

Nouvèl ki lye​​