Yon gwo gwoup moun ki poze pou fè yon foto nan yon oditoryòm nan St. Francis College. Yo kanpe ak mete ajenou nan plizyè ranje devan yon ekran pwojeksyon ki di: “Confronting Hate, Bias & Islamophobia: Building Collective Strategies to Protect Communities” (Fè Fas ak Rayisman, Prejije ak Islamofobi: Bati Estrateji Kolektif pou Pwoteje Kominote yo), dat 13 janvye 2025. Drapo Etazini ak Eta Nouyòk sou kote sèn nan, epi gen yon logo SFC ou kapab wè sou mi an. Anpil patisipan mete badj ki gen non yo sou li epi genyen ki mete rad biznis, rad senp ak rad desan.​​ 
Patenarya​​  11 fevriye 2026​​ 

11 fevriye 2026​​ 

Travay Ekip Redaksyon an​​ 

Sa pa gen lontan depi nou mande Muslim Community Network (MCN), ki se yon patnè kominotè NYC Votes, pou l pataje plis enfòmasyon sou travay òganizasyon an ak kominote y ap sèvi yo nan Vil New York. Ruksana Ruhee, ki se yon Responsab Angajman Sivik, te mete aksan sou travay MCN ap fè pou fè pwomosyon pou ekite, lidèchip, ak angajman sivik pandan l ap rezoud pwoblèm Mizilman, imigran, ak moun New York yo mete sou kote yo ap rankontre chak jou. Jwenn plis enfòmasyon sou travay y ap fè a nan ribrik Kesyon ak Repons sa a.​​  

Pale nou yon ti kras de MCN, moun ou travay avèk yo, ak pwoblèm ki pi enpòtan nan lavi chak jou yo nan NYC.​​ 

MCN pran angajman pou l redefini ak ranfòse eksperyans Mizilman yo nan peyi Etazini atravè edikasyon kominotè, angajman sivik, devlopman lidèchip, ak defans dwa moun. Travay nou an vize fè pwomosyon pou ekite, diyite, ak apatenans pou kominote yo souvan mete sou kote oswa ki manke resous yo.​​  

Pwogram prensipal MCN yo gen ladan yo devlopman lidèchip kay jèn, pwogram pou fanm, prevansyon krim rayisman, divèsite ak edikasyon moun divès relijyon, atelye sou dwa imigran, ak jesyon dosye kominotè ki mete moun yo ak fanmi yo an kontak ak sèvis sosyal enpòtan tankou gadri timoun ak lòt sipò yo. Epitou, nou òganize pwogram manje gratis chak mwa, nou fè atelye sou zafè enskripsyon elektè ak edikasyon sivik, epi nou patisipe nan travay avèk moun diferan relijyon ak kowalisyon nan Vil New York.​​ 

Nou sèvi yon gwo kominote ki gen tout kalite moun ladan l - moun tout kwayans relijye, orijin, ak idantite - pandan nou konsantre nou sou bezwen kominote Mizilman diferan ras, orijin etnik ak sosyo-ekonomik yo.​​ 

Anpil nan moun n ap travay avèk yo fè fas ak blokaj sistemik ki gen rapò ak sitiyasyon imigrasyon, inegalite nan zafè revni, aksè nan lang, ak diskriminasyon. Pwoblèm ki gen plis enpak sou lavi chak jou yo gen ladan yo kapasite pou jwenn lojman bon mache, aksè nan sèvis sosyal, sekirite piblik, edikasyon, estabilite ekonomik, ak kapasite pou patisipe nan lavi sivik yon fason ki serye. MCN anvizaje yon demen kote divès kominote yo gen pouvwa pou yo defann ansanm lajistis, lapè ak enklizyon, epi kote konpreyansyon youn lòt ak responsablite youn anvè lòt se bagay nòmal.​​ 

Ki jan kominote w la viv vil la, e kijan MCN ede yo navige oswa fòme eksperyans sa yo?​​  

Pa gen yon sèl fason pou kominote nou yo viv Vil New York. Pou anpil moun, definisyon lavi chak jou a se yon ekilib ant orè travay ki difisil, responsablite pou pran swen lòt moun, ak pri lavi a k ap monte, tout bagay sa yo pandan y ap eseye kenbe bon jan lyen avèk fanmi yo epi avèk kominotè a. Inegalite sistemik, diskriminasyon, ak politik ki kreye laperèz ak enstabilite, sitou pou imigran, Mizilman, ak lòt kominote yo mete sou kote yo souvan agrave presyon sa yo.​​ 

MCN ede manm kominote yo navige epi fòme eksperyans yo nan vil la nan kreye chemen ki mennen nan sekirite, enklizyon, ak granmounite. Atravè pwogram nou yo, nou bay moun zouti pratik tankou konesans finansye, dijital, ak sivik; nou aprann yo konnen dwa ou atravè atelye sou dwa imigran yo; epi nou fè prevansyon krim rayisman ak fòmasyon sou divèsite pou ankouraje sekirite, konpreyansyon, ak responsablite. Pwogram nou genyen pou jèn ak fanm yo kreye filyè lidèchip epi ofri espas kote patisipan yo kapab devlope konpetans, eksprime enkyetid yo, epi fòme lekòl, katye ak kominote yo yon fason aktif. Atravè jesyon dosye, nou ede moun navige nan sistèm vil la nan mete yo an kontak avèk sipò pou lojman, asistans pou peye sèvis piblik, sèvis imigrasyon, ak avantaj piblik nan tèt kole avèk ajans minisipal yo.​​  

Nan tout travay n ap fè a, MCN ranfòse tisi sosyal vil la lè nan ankouraje swen kolektif, patisipasyon sivik, ak kolaborasyon ant kominote yo, pou l asire li Vil New York se yon vil ki gen plis sekirite, ki pi ouvè, epi ki reponn ak bezwen moun ki rete ladan l yo pi vit​​ 

Uit moun poze pou fè yon foto gwoup sou yon podyòm. Gen yon rido nwa ak plizyè drapo dèyè yo, ki gen ladan yo drapo peyi Etazini ak drapo Eta New York. Gen plizyè fanm ki mete hijab, epi gen youn ki mete yon nikab ak yon kepi ble. Gwoup la kanpe youn toupre lòt sou yon kapèt wouj, y ap souri, epi yo gen rad biznis sou yo.​​ 

Kijan moun nan kominote w yo patisipe nan vil la nan sa ki gen pou wè ak vote, di sa yo panse, oswa rete enfòme?​​  

Moun nan kominote yo angaje anpil nan lavi sivik epi yo anvi patisipe nan amenajman vil yo a. Anpil moun vote ak tout nanm yo, patisipe nan kanpay enskripsyon elektè yo, epi chèche enfòmasyon sou pwochen eleksyon yo, kandida yo, ak inisyativ bilten vòt yo. Menm pami moun ki pa kalifye pou vote yo - akòz sitiyasyon imigrasyon oswa lòt obstak jiridik - genyen yon gwo anvi pou yo rete enfòme epi pou yo kontribye ak tout fòs yo nan byennèt kominote yo.​​  

Obstak tankou orè travay men longè, responsablite bay moun swen, aksè nan lang, ak sansibilizasyon limite nan katye yo mete sou kote yo souvan rann patisipasyon sivik la pi difisil, se pa mwens enpòtan. Malgre difikilte sa yo, moun nan kominote yo regilyèman eksprime enkyetid yo nan legliz yo, rasanbleman kominotè, inisyativ pou ede youn lòt, ak òganizasyon lokal yo. MCN fasilite enskripsyon elektè ak edikasyon sivik nan moske yo ak ozalantou yo, kote moun nan kominote yo pataje enfòmasyon enpòtan sou delè vòt yo, kalifikasyon, ak demach sivik yo san yo pa fòse yo.​​ 

Epitou, anpil moun rete enfòme atravè rezo kominotè yo fè konfyans yo, tankou gwoup tchat WhatsApp, platfòm rezo sosyal yo ak radyo dyòl.​​ 

Angajman sivik la pran plizyè fòm, tankou volontarya, ede youn lòt, epi responsablite kolektif tankou prepare manje, pataje resous, ak sipòte vwazen, se pa sèlman zafè vote a.​​ 

Aksyon sa yo reflete yon angajman solid anvè responsablite kominotè a ak patisipasyon sivik, menm lè yo pa jwenn mwayen fòmèl yo.​​  

Ki kesyon oswa difikilte moun yo genyen pi souvan ki konsène zafè vote oswa angajman nan vil la, e ki kote ou wè ki gen pi gwo vid nan zafè enfòmasyon?​​  

Kèk nan kesyon ak difikilte moun genyen pi souvan yo gen rapò ak kalifikasyon, sitou pou moun ki te deja annafè avèk sistèm jistis penal la oswa moun ki poko sitwayen ameriken, ki gen ladan yo moun ki gen kat rezidans ak lòt estati imigrasyon. Gen anpil moun ki pa konnen dwa yo oswa ki panse yo mete yo deyò nèt nan zafè patisipasyon nan sivik la, menm lè se pa sa. Pi gwo vid ki genyen zafè kominikasyon an chita nan kominote kote moun gen ti revni yo ak kominote yo mete sou kote yo, sitou nan kominote BIPOC yo. Anpil rezidan pa jwenn ase enfòmasyon ki klè, ki adapte ak kilti yo, epi nan plizyè lang sou eleksyon, kandida, ak pwosesis vòt yo. Ou sitou jwenn vid sa yo plis kay jèn moun yo, ki souvan benefisye mwens edikasyon sivik sible pase jenerasyon moun ki pi gran yo.​​  

Epitou, genyen yon gwo vid nan zafè enfòmasyon aksesib sou fason pou angaje avèk vil la, tankou konprann kiyès fonksyonè lokal ki eli yo ye, ki wòl ak responsablite espesifik yo genyen, ak fason konstitiyan yo kapab kontakte yo byen, defann bezwen yo, oswa rann yo responsab onivo lokal, onivo Eta ak onivo federal, se pa sèlman sou fason pou vote. Li enpòtan anpil pou bouche vid sa yo pou asire gen yon patisipasyon sivik ekitab ak yon gouvènman vil ki reyaji pi vit.​​ 

Kijan kolaborasyon avèk NYC Votes la entegre li nan travay MCN jiskaprezan, e kisa ki fè sipò yo itil oswa enpòtan pou kominote w la?​​ 

Working with NYC Votes has extended MCN's civic engagement and voter education efforts. The resources, tools, and nonpartisan information have strengthened our ability to provide accurate, accessible, and culturally responsive civic education to communities that are often underrepresented or excluded from traditional outreach. For instance, they have resources to engage voters about election dates/times, where to locate their poll sites, how to vote, what's on the ballot, and why to vote (underlining the different duties of local, state, and federal officials), all accessible in a digestible manner. This website is translated in a variety of languages, such as Bengali, Urdu, Arabic, French, and many other languages, useful to our communities that we serve.​​ 

Sipò NYC Votes bay la sitou enpòtan paske li ede diminye obstak ki anpeche patisipasyon moun yo nan ofri yo konsèy klè sou enskripsyon elektè, delè eleksyon, ak enfòmasyon sou bilten vòt yo nan fason ki aksesib pou tout moun. Gras ak patenarya sa a, MCN pi byen ekipe pou l pèmèt moun nan kominote yo, kèlkeswa kalifikasyon yo pou vote, rete enfòme, angaje, epi konekte ak pwosesis demokratik la, sa ki ranfòse yon kilti sivik ki pi enklizif e responsab nan tout Vil New York.​​ 

Gen yon logo jewometrik ble e blan sou bò goch lèt "MCN" yo ki ekri "Muslim Community Network" (Rezo Kominote Mizilman) anba li tout an ble.​​ 

 

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou MCN ak misyon li, pwogramasyon yo, ak inisyativ kominotè yo, ale sou sitwèb li a.​​ 

Nouvèl ki lye​​