Campaign Finance 20 Mas 2025

20 Mas 2025

Sarah Schreib , Kowòdonatè Evènman

Pandan Sik Eleksyon 2025 ap kòmanse, Pwogram Fon an Kontrepati NYC pral jwe yon wòl enpòtan nan pèmèt moun New York yo pataje opinyon yo nan demokrasi nou an. Depi lè pwogram nan lanse sa gen kèk deseni, li bay ti donatè yo plis pouvwa epi li kreye nouvo opòtinite pou moun ki petèt pa t ap kapab prezante nan eleksyon pou fonksyon minisipal nan yon lòt mannyè. Moun sa yo se fanm, moun ki pa blan, ak jèn moun.

Fason Pwogram Fon an Kontrepati a Fonksyone

Pwogram Fon an Kontrepati NYC a  bay yon kontribisyon 8$ a 1$ pou tout kontribisyon ki rive jiska 250$. Lè moun New York yo fè yon donasyon pou yon kanpay ki nan pwogram nan, moun ki kandida pou fonksyon an resevwa 8 fwa premye montan an. Kidonk, menm yon ti kontribisyon fè yon gwo enpak.

Si ou bay yon kandida lokal ki prezante nan eleksyon pou yon plas nan Konsèy Minisipal la 10$, li resevwa 90$ pou l finanse kanpay li – sa ap pèmèt li kouvri depans tankou peye  pèsonèl, enpresyon dokiman kanpay, ak konsepsyon sitwèb.

Èske w te konnen: Nan eleksyon 2013 ki te fèt nan tout vil la, se te donatè endividyèl ki te bay plis pase 90% nan fon yo te kolekte a, se pa t komite politik ni sendika. Plis pase 2 sou 3 kontribisyon te $175 oswa mwens.

Pifò kandida itilize Pwogram nan: Nan eleksyon primè 2021 yo, 94% nan kandida yo te patisipe nan pwogram nan. 84.6% nan kontribisyon pou eleksyon primè kandida sa yo se te "ti kontribisyon."

Female candidate at podium. Your donation gives more candidates a chance to win!

Donasyon w lan bay plis kandida yon chans pou genyen.

Fason Pwogram Fon an Kontrepati a Te Kòmanse nan Vil New York

Ansyen Majistra Ed Koch te mete pwogram nan sou pye nan ane 1980 yo kòm pi gwo pwogram fon an kontrepati nan peyi a pou l te kapab limite enfliyans koripsyon gwo lajan genyen nan demokrasi lokal nou an epi rann li pi ekitab. 

Èske w te konnen: Premye Pwogram Fon an Kontrepati NYC yo te kreye nan lane 1988 te sèlman bay kandida yo 1$ pou chak 1$.

Yo te kreye plizyè pwogram menm jan an nan peyi a pou kore demokrasi a nan lòt vil ak Eta yo: Yon gwo pwogram nan Denver, Colorado pèmèt kandida ki aksepte kolekte ti montan lajan epi pran kontribisyon sèlman nan men moun ak komite ti donatè yo jwenn yon kontrapati 50$ oswa mwens.  

Lyen ekstèn

Sondaj sou Fon an Kontrepati

Nou renmen kòmantè yo!

Fason Fon an Kontrepati a Enfliyanse Demokrasi NYC a

Non sèlman Pwogram Fon an Kontrepati NYC a fè plis moun New York patisipe nan eleksyon nou yo, li pèmèt tou nou asire n kandida yo kapab konte sou elektè yo – pa sou enterè espesyal – pou yo finanse kanpay yo. 

Lè li ogmante pouvwa ti kontribisyon yo, li ankouraje kandida yo finanse kanpay yo lè yo antre an kontak avèk moun New York òdinè yo olye yo chèche gwo kontribisyon nan men gwoup enterè espesyal. 

Pwogram Fon an Kontrepati NYC a enpòtan tou nan fè kandida yo rann kont bay popilasyon y ap sèvi a. Lè pwogram nan bay plis kandida posiblite pou yo mennen kanpay solid, li pèmèt titilè pòs yo benefisye yon "aksè gratis" nan men elektè yo.

Èske w te konnen: Yon etid Center for Urban Research nan CUNY Graduate Center fè sou eleksyon 2013 yo montre elektè nan vil la ki te kontribiye nan yon kanpay politik te gen twa fwa plis chans pou yo vote nan eleksyon sa a. 

The impact of public matching funds on NY. Voters holding signs.

Fon an Kontrepati a pèmèt tout moun New York fè yon enpak.

Nouvo Opòtinite pou Kominote ki Defavorize yo

Moun New York ki soti tout kote epi ki vle sèvi kominote yo ta dwe gen chans pou yo prezante nan eleksyon pou fonksyon epi gen yon chans reyèl pou yo eli. Nou konnen li mande anpil resous – tan, lajan, konesans – pou prezante nan eleksyon pou fonksyon. Oparavan, li te trè difisil pou moun ki soti nan kominote ki defavorize yo prezante yo nan eleksyon, sa ki te vle di fonksyonè ki eli yo pa t toujou reflete imaj moun New York òdinè a.

Pwogram Fon ak Kontrepati NYC a pèmèt moun New York ki soti tout kote epi ki vle sèvi kominote yo ta dwe gen chans pou yo prezante nan eleksyon epi gen yon chans reyèl pou yo eli. 

Li kreye nouvo opòtinite pou moun ki petèt pa t ap kapab prezante nan eleksyon pou fonksyon minisipal nan yon lòt mannyè. – Moun sa yo se fanm, moun ki pa blan, ak jèn moun. Anfèt, rechèch yo montre fanm ak moun ki pa blan yo konte sou ti donatè yo pi souvan pase tokay gason yo oswa moun blan parèy yo. 

Avèk sipò Pwogram fon an kontrepati Vil New York la, Konsèy minisipal ki te eli an 2021 te konsèy ki te piplis divèsifye nan listwa vil la tankou premye majorite fanm nan Konsèy la.  

Èske w te konnen: Moun ki pa blan yo ogmante reprezantasyon yo nan konsèy la soti nan 51 pousan rive nan 67 pousan avèk sipò Pwogram Fon an Kontrepati NYC a.

Nou konnen demokrasi nou an pi fò lè tout moun kapab patisipe. Sa sitou enpòtan nan yon vil ki divèsifye menm jan ak vil sa a. 

A group of diverse New Yorkers

Chak moun New York ta dwe gen lavwa ochapit.

Jwenn Plis Enfòmasyon sou Pwogram nan

Pwogram Fon an kontrepati

Nouvèl ki lye