NYC Votes staff members share voting info with Bronx residents at a voter registration table​​ 
Eleksyon​​  16 Septanm 2025​​ 

16 Septanm 2025​​ 

Otè: Madonna Hernandez , Editè Kontni​​ 

Chak septanm, Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo (NVRD) fè nou sonje demokrasi a kòmanse avèk patisipasyon. Nan dat 16 septanm 2025, moun New York yo te mete tèt ansanm avèk plizyè milyon moun nan tout peyi a pou yo enskri elektè, verifye estati yo, epi prepare pou pwochen Jeneral Eleksyon la nan mwa novanm nan.​​ 

Nan yon vil ki gen plis pase 8 milyon moun, gen plizyè milye elektè ki pa enskri. Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo se okazyon vil nou an genyen pou konble vid sa a anvan Jou Eleksyon an epi asire li chak awondisman reprezante.​​ 

Rezon ki Fè Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo Enpòtan pou Eleksyon 2025 lan nan NYC​​ 

Mwa novanm sa a, moun New York yo pral vote pou yo chwazi lidè ki pral dirije vil la pandan ane k ap vini yo. Eleksyon lokal yo fè yon gwo enpak tout vil la santi.​​ 

Desizyon fonksyonè ki eli yo pran fè enpak sou lojman ak pri abòdab, sekirite piblik, edikasyon ak transpò plizyè milyon moun konte sou yo chak jou.​​ 

Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo pèmèt chak elektè ki elijib gen okazyon pou enskri epi fè yo tande vwa yo lè l pi enpòtan an.​​ 

Kisa Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè 2025 lan Ye?​​ 

Depi lansman l nan lane 2012, NVRD vin tounen pi gwo jou ferye sivik endepandan nan Etazini. Plizyè milye òganizasyon, benevòl, ak gwoup kominotè òganize evènman atravè peyi a, k ap travay ansanm pou enskri elektè yo epi sansibilize moun sou angajman sivik.​​ 

Kit Resous NVRD pou 2025 :Telechaje ak Pataje​​ 

Ou vle ede gaye nouvèl sou Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo? Sèvi ak Kit resous NVRD 2025 lan pou w pataje imaj ak afich ki pare pou itilize avèk kominote w la.​​ 

Kit w ap pibliye sou rezo sosyal yo, òganize yon evènman, oswa raple yon vwazen pou l enskri, resous sa yo rann li fasil pou fè mesaj la pase: lè a rive pou nou enskri pou n vote.​​ 

Fason pou Enskri pou Vote nan NYC​​ 

Bon nouvèl: li rapid e fasil pou w enskri pou vote nan NYC.​​ 

Istwa Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo​​ 

Se yon kowalisyon òganizasyon san bi likratif, gwoup sivik, ak benevòl k ap travay pou redui eka ki genyen nan zafè enskripsyon elektè ki te fonde Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo nan lane 2012. Depi lè sa a, li:​​ 

  • Enskri plis pase 5 milyon elektè nan tout peyi a.​​ 

  • Angaje plizyè milye òganizasyon lokal.​​ 

  • Enspire lidè kominotè yo pou ankouraje elektè yo patisipe.​​ 

An n Tounen Dèyè: Istwa Vòt nan NYC​​ 

Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo se yon okazyon tou pou n reflechi sou kantite pwogrè zafè vòt la fè nan vil la:​​ 

  • 1665: Yo òganize premye eleksyon minisipal nan NYC.​​ 

  • 1970: Kongrè a te elaji Lwa ane 1965 sou Dwa pou Vote a pou yo mete aksè nan kominote yo atravè Brooklyn, Bronx, ak Manhattan.​​ 

  • 1971: Laj pou vote a te soti nan 21 lane pou pase a 18 lane nan tout Etazini.​​ 

  • 1988: Yo kreye Komisyon Finansman kanpay la pou ogmante aksè ak transparans nan eleksyon minisipal yo.​​ 

Chak etap enpòtan raple nou yo te goumen pou n gen dwa pou vote epi nou dwe pwoteje dwa sa yo.​​  

Fason Ou Kapab Enplike nan NVRD 2025​​ 

Gen anpil fason pou fè yon diferans ane sa a:​​ 

Yon ti rapèl pou yon zanmi oswa yon vwazen ba li ankourajman pou li enskri epi vote.​​ 

Vote Pou Blòk Ou A​​ 

Eleksyon Jeneral 2025 lan pral deside sou demen vil nou an. Nan Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo pou 2025 lan, an n pran angajman pou nou fè tout moun New York ki elijib yo enkri epi pare pou yo vote nan mwa novanm sa a.​​ 

Opinyon ou enpòtan. Katye ou enpòtan. An n fè li konte.​​ 

Nouvèl ki lye​​