Kontak Media Jeneral
Si ou se yon manm nan medya yo epi ou gen yon kesyon oswa yon lòt demann, tanpri rele nan lè ouvrab regilye yo oswa voye yon imèl bay: press@nyccfb.info | 212-409-1800
Demiana Rizkalla, Analis Politik pou Konsèy Finansman Kanpay NYC (Campaign Finance Board, CFB), ak Patrick Hart, Direktè Pwogram nan CUNY Institute for State and Local Governance, te patisipe nan BronxTalk, emisyon nouvèl ki pi ansyen nan BronxNet ki pale sou gwo pwoblèm Bronx genyen yo. Yo te pale sou tandans patisipasyon elektè Bronx yo ak fason pwogram bous sa a pral ogmante patisipasyon elektè yo nan awondisman an.
Jadel Munguia, Atache Deprès Adjwen pou Konsèy Finansman Kanpay NYC a, ak Madeline Mendoza, yon patisipan nan pwogram lan nan Madison Square Boys and Girls Club e aktyèlman yon elèv nan dènye ane li nan CUNY Baruch College, te patisipe nan "Diálogo Abierto," pwogram nouvèl ak deba ki fèt nan lang Panyòl BronxNet TV pwodui, pou pale sou tandans patisipasyon elektè yo nan Bronx, pwochen eleksyon Eta yo pou ane 2026 la, epi bay yon apèsi jeneral sou pwogram bous la.
Konsèy Finansman Kanpay NYC a, nan patenarya avèk CUNY Institute for State & Local Governance, te lanse yon Pwogram Bous pou Angajman Sivik (Civic Engagement Fellowship), ki se yon pwogram tounèf ki fèt pou ankouraje edikasyon ak angajman elektè nan Bronx pou entegre etidyan CUNY yo nan òganizasyon kominotè yo (CBO yo). Objektif patenarya sa a deklanche angajman elektè yonan bay yon edikasyon elektè ki egzat epi ogmante patisipasyon kominote a nan pwosesis demokratik Vil New York la.
Bousye yo se etidyan dènye ane nan fakilte CUNY yo ki, pandan de ane k ap vini yo, pral dekouvri kominote y ap sèvi yo epi ede elabore estrateji angajman sivik k ap pèmèt moun nan kominote yo fè tande vwa yo nan deba politik la. Inisyativ bousye yo ap mennen yo ap soti nan kanpay enskripsyon elektè pase nan kanpay edikasyon politik rive nan òganize reyinyon kominotè.
Jwenn plis enfòmasyon sou pwogram nan la a.
Ou kapab gade toude entèvyou yo pi ba a:
Anglè: BronxTalk | Bronx Voter Participation
Panyòl: Diálogo Abierto | Programa de Participación Cívica