Kontak Media Jeneral
Si ou se yon manm nan medya yo epi ou gen yon kesyon oswa yon lòt demann, tanpri rele nan lè ouvrab regilye yo oswa voye yon imèl bay: press@nyccfb.info | 212-409-1800
Allie Swatek, ki se direktè politik ak rechèch nan Komisyon Finansman Kanpay Vil New York la, te sou NY1 semèn pase a pou l pale sou pwen enpòtan ki nan Rapò Analiz Elektè (VAR) 2024 la.
Rapò a detaye to patisipasyon ak enskripsyon elektè yo nan 3 eleksyon ki te fèt ane pase a. Mete sou sa, li genyen ladan l yon analiz konplè sou dezyèm pi gwo blòk vòt vil la: elektè ki pa afilye ak pati politik yo.
"Elektè ki pa afilye ak pati politik yo se elektè ki pi jèn yo – gen plis pase yon ka ladan yo ki poko gen 30 lane, epi gen prèske mwatye ladan yo ki poko gen 40lane. Sa vle di elektè ki pi jèn yo gen mwens chans toujou pou fè tande vwa yo nan eleksyon ki ka detèmine ki moun k ap reprezante yo nan gouvènman an," pawòl Swatek.
Epitou, Rapò Analiz Elektè (VAR) 2024 la rekòmande de refòm kle pou ankouraje plis moun patisipe, amelyore entegrite eleksyon yo, epi elimine obstak elektè nan Vil New York yo ap rankontre.
Swatek ajoute pou l di "nan sa ki konsène to patisipasyon, nou toujou klase tankou yon Eta ki anba 20%, e sa se yon pwoblèm pou nou.
Ou kapab li tout Rapò Analiz Elektè a la a, epi gade tout entèvyou avèk Swatek la nan NY1 pi ba a.