Logo Youth Unplugged an woz ak nwa ak 2 priz toupre youn ak lòt men ki pa konekte
Press Releases, Youth 10 fevriye 2025
Kontak Media Jeneral

Si ou se yon manm nan medya yo epi ou gen yon kesyon oswa yon lòt demann, tanpri rele nan lè ouvrab regilye yo oswa voye yon imèl bay: press@nyccfb.info | 212-409-1800

Jadel Munguia, Atache Près Adjwen nan Komisyon pou Finans Kanpay Vil New York, te patisipe nan pòdkas animatris Stella Vrapi a ki rele Youth Unplugged pou l pale sou konsèy karyè ak enpòtans angajman sivik genyen pou jèn moun yo. Stella, ki se yon ansyen elèv nan Pwogram Youth Ambassador NYC Votes, analize fason angajman sivik kapab enspire jèn yo nan peyi a pou yo pran inisyativ epi genyen konfyans nan tèt yo.

Vote se pa fen angajman sivik la, li se kòmansman an,” pawòl Munguia. "Genyen anpil fason pou jèn moun yo enplike yo kit yo elijib pou yo vote kit yo pa elijib pou yo vote – soti nan fè benevola pou yon kanpay oswa yon jefò GOTV endepandan, pase nan defann yon kesyon ki enterese w avèk lidè ki eli nan zòn ou an, rive nan prezante kòm kandida pou yon fonksyon piblik ou menm. 

Pwogram Youth Ambassador a se yon inisyativ pou elèv lekòl segondè nan Vil New York ki angaje yo pou yo ogmante patisipasyon jèn yo nan eleksyon lokal yo. Pwogram sa a anseye jèn moun yo zafè vòt, demokrasi, ak diferan fason pou yo òganize yo pou pote chanjman. 

 

"Lè mwen t ap fè sansibilizasyon elektè yo, m te pran plezi nan ede jèn moun yo enskri pou yo vote. Mwen te patisipe nan yon seremoni natiralizasyon avèk NYC Votes epi sa te rete nan lespri mwen paske sa te rechofe kè m pou m wè moun yo te rive enskri pou yo vote. Se te yon eksperyans emosyonèl", se sa Vrapi di lè l t ap pale sou jefò sansibilizasyon elektè li te patisipe ladan atravè pwogram Jèn Anbasadè a. 

Ou kapab aplike pou w fè pati pwogram ane sa a epi jwenn plis enfòmasyon la a.  Al koute pòdkas Youth Unplugged la sou Spotify.

Nouvèl ki lye