W ap jwenn imaj dekoupe Jèn Anbasadè yo ki chita nan pati anba a nan yon grafik an ble ki di 'Youth Ambassador Program' (Program Jèn Anbasadè) yo.

Jèn Anbasadè 2024 nou yo, nan foto anlè a nan kad yon sòti edikatif. Èske ane sa a ta kapab ane pa w la?

Elections, Youth 12 fevriye 2025

12 fevriye 2025

Otè: Nahal Amouzadeh , Redaktè Kontni Jinyò

Èske w te konnen Vil New York se youn nan vil nan peyi a kote to patisipasyon jèn elektè yo nan eleksyon pi fèb

Sa yon tijan fè w sezi, pa vre? Èske se yon bagay ou vle chanje? Èske angajman sivik, vòt, ak demokrasi enterese w, men ou poko kapab vote legalman oswa ou fenk genyen 18 lane? 

Si se wi, NYC Votes genyen yon opòtinite pou ou! Antre nan Pwogram Jèn Anbasadè nou an pou w ka vin fè pati pwochen jenerasyon lidè Vil New York la.

Antanke Anbasadè NYC Votes, mwen kapab kontribye ak tout fòs mwen nan ankouraje jèn yo patisipe nan gouvènman an,

Se pawòl Ronae Watson, ki se yon ansyen Jèn Anbasadè nan Brooklyn.

Kisa Pwogram Youth Ambassador NYC Votes la ye?

Pwogram Youth Ambassador NYC Votes la akeyi jèn moun nan Vil New York ki vle fè yon enpak nan kominote kote y ap viv la. 

"Lefètke nou jèn, sa fè moun yo souvan panse nou pa kapab chanje bagay yo, men pwogram sa a ede mwen konnen vil kote m ap viv la pi byen epi li ban mwen opòtinite pou mwen chanje bagay yo nan kominote pa mwen an" se pawòl ansyen anbasadè Dustin Wang nan Queens.

Pwogram nan ap dewoule soti mwa me rive mwa out. Y ap peye w epi w ap gen posiblite pou w rete jiska mwa novanm 2025. Jèn Anbasadè yo ap travay selon yon pwogram fleksib an twa (3) faz Prentan (Jen), Ete (Jiyè-Out), epi Otòn (Septanm-Novanm). Patisipan yo ap fè jiska $500 pa mwa pou 10 a 15 èdtan travay.

Aplikan yo aksepte yo ap aprann pwosesis vòt la, istwa demokrasi a nan Vil New York, fason pou yo patisipe nan gouvènman ak politik lokal la, fason pou yo edike jèn elektè yo epi fè yo patisipe, elatriye. Bòkote pèsonèl Komisyon pou Finans Kanpay (Campaign Finance Board, CFB) Vil New York la, Jèn Anbasadè yo ap gen okazyon tou pou yo gen konpetans nan devlopman pwofesyonèl, fòmasyon pou medya, ak kreyasyon kontni. 

 Yon gwoup Jèn Anbasadè 2024 kanpe ansanm avèk krèm nan men yo nan kad yon soti edikatif.

Yon gwoup Jèn Anbasadè 2024 pandan yon sòti edikatif — gen krèm nan men yo.

Detay pwogram

Imajine sa: Ou nan pwogram nan! Ou se yon Jèn Anbasadè NYC Votes. Donk, kisa sa vle di?

Se Responsab Pwogram pou Jèn CFP a ak Kowòdonatè Angajman Jèn yo ki ap dirije Jèn Anbasadè yo. Kourikilòm nan konsantre sou yon "kad byen piblik" sa ki vle di anbasadè yo ap konprann kisa byen piblik yo — danre yo  oswa sèvis ki benevòl yo ye — epi yo ap konprann poukisa yo enpòtan pou yon sosyete demokratik.

Premye faz pwogram nan ap kòmanse nan mwa jen epi l ap dewoule sitou anliy sou Zoom. Reyinyon yo ap fèt jou mèkredi soti 5 rive 7 p.m., epi ap gen kominikasyon ekstèn k ap fèt sou sistèm mesajri Slack la. 

Pandan dezyèm faz la, nan mwa jiyè ak mwa out, anbasadè yo ap gen chans tou pou yo rankontre avèk anbasadè parèy yo fas-a-fas nan kad sòti edikatif yo nan vil la, yo chak ap baze sou yon sijè diferan chak semèn.

Apre sezon ete a, ap genyen yon ti poz nan pwogramasyon an. Dènye faz nan seton otòn nan pa obligatwa.

Pandan pwogram nan, men sa w ap oblije fè:

  • Patisipe nan reyinyon yo chak semèn
  • Pataje enfòmasyon sou eleksyon endepandan avèk anbasadè parèy ou yo
  • Patisipe nan pwojè yo avèk pèsonèl CFB a
  • Finalize yon dènye pwojè rechèch
  • Òganize evènman Mete Vòt la Deyò (Get Out the Vote, GOTV) la

Kondisyon pou patisipe

Kisa w bezwen pou w vin yon Jèn Anbasadè?

Men kondisyon yo. Fòk:

  • Ou se yon moun ki toujou ap viv nan Vil New York
  • Ou gen otorizasyon pou w travay nan peyi Etazini
  • Ou genyen ant 14 ak 18 lane
  • Ou disponib jou mèkredi swa soti 5 rive 7 è p.m.
  • Ou disponib jou mèkredi ak jou jedi soti 9 è a.m. rive 4 è p.m. pandan mwa sezon ete yo

Èske sa sanble ak ou menm oswa yon moun ou konnen? Donk, kontinye li pou w jwenn plis detay sou fason pou w antre nan pwochen kowòt anbasadè a.

Pwosesis aplikasyon ak dat limit

Pa bliye dat sa yo: Aplikasyon yo louvri 10 fevriye epi yo ap fèmen 28 fevriye a 5 è p.m. Yo p ap pwolonje delè yo bay la pou okenn rezon, kidonk planifye an konsekans!

Nan kòmansman mwa mas la, aplikan yo ap konnen si yo kenbe yo pou premye seri entèvyou yo. Entèvyou sa a se ap yon reyinyon Zoom k ap dire 30 minit avèk Kowòdonatè Angajman Jèn yo.

Nan kòmansman mwa avril, yo ap envite aplikan yo kenbe yo nan dezyèm ak dènye seri entèvyou yo, ki ap gen ladan yon entèvyou k ap dire 30 minit avèk 3 manm pèsonèl CFB yo. 

Yo ap pwolonje òf yo nan fen mwa avril la, epi finalis yo ap genyen jiska 30 avril pou yo aksepte.

Si w gen kesyon pandan tout pwosesis aplikasyon an, ou kapab voye yon imèl nan adrès sa a youth@nyccfb.info.

Mwen te santi mwen kontan ak fyè anpil paske yo te chwazi mwen pou m vin yon Jèn Anbasadè NYC Votes,

pawòl Jainaba Sowe, ki se yon ansyen anbasadè nan Bronx.

Jèn Anbasadè yo chita bò yon tab NYC Votes nan Bibliyotèk Piblik New York la.

Yon gwoup Jèn Anbasadè 2024 chita bò yon tab demachaj nan Bibliyotèk Piblik New York la.

Enpòtans angajman jèn elektè yo genyen

"Jounen jodi a, vòt elektora a pa pafè; moun ki nan gwoup demografik ki pi jèn yo vote mwens anpil pase moun ki nan gwoup laj ki pi gran yo", pawòl Stella Vrapi, ki se yon ansyen anbasadè. 

Se sèlman 6.1% nan elektè ki elijib ki gen ant 18 ak 29 lane ki te vote nan Eleksyon Primè ane 2023 a, selon Rapò Analiz Elektè 2023 nou an. Chif sa a mete aksan sou jan li enpòtan pou nou angaje jèn elektè yo epi fè yo patisipe ak tout fòs yo nan eleksyon yo.

Moun yo gen yon move konsepsyon kòmkwa politik pa enterese jèn elektè yo. Men se pa sa bagay la ye. An reyalite, gen yon pakèt kesyon ki enterese elektè ki gen ant 18 ak 29 lane yo soti nan politik etranje rive nan jistis sosyal. Yo jis pa konnen sa yo pa konnen — tankou kijan pou yo enskri pou vote, poukisa vòt yo a konte, poukisa vòt jèn yo enpòtan, kisa yo riske lè yo pa al vote, elatriye.

Pwogram Youth Ambassador nou an vize touche pwochen jenerasyon an gras ak jèn parèy yo. 

Men sa Vrapi ki se yon Jèn Anbasadè di: "Angajman sivik la nesesè nan demokrasi nou an jounen jodi a, epi pwogram sa a pèmèt jèn moun ki New York yo montre lòt moun yo kapab sèvi ak opinyon yo pou yo fè yon diferans."

Kòmanse aplikasyon w lan

Chanjman an kòmanse avèk ou. Kòmanse aplike pou Pwogram Youth Ambassador NYC Votes 2025 lan jodi a!

Nouvèl ki lye