3 desanm 2024
Kijan nou kapab rive kreye aksesiblite nan zafè vote? Toudabò, fòk nou konprann obstak ki anpeche tout moun jwenn aksè a.
Lè nou gade fason moun ki gen andikap yo te konn goumen pou egalite nan peyi sa a, sitiyasyon aktyèl kominote moun ki gen andikap yo nan Vil New York, ak mezi yo pran pou rann zafè vote a pi aksesib pou tout moun, nou kapab prevwa sa ki nesesè pou yon demen kote zafè vote a pi aksesib nan vil sa a ak lòt kote.
Yon Istwa Kout: Enpòtans 504 Sit-In la
Lwa ane 1973 sou Reyabilitasyon (Rehabilitation Act) an se te premye lejislasyon ki te entèdi yo fè diskriminasyon kont moun sou baz andikap. Lwa a te defini andikap tankou "nenpòt moun (A) ki gen yon andikap oswa yon twoub mantal ki vrèman limite moun sa a nan youn oswa plizyè gwo aktivite li yo, (B) ki abitye gen yon twoub konsa, oswa (C) yo konsidere ki gen yon twoub konsa". Lwa sou Ameriken ki Gen Andikap yo (American with Disabilities Act, ADA), ki te vin lwa nan lane 1990, ta pral itilize tèm sa a pi devan kòm baz pou pote yon chanjman, sa ki te elaji sans lan. Se sa ki fè yo te elimine tèm "andikape" a pou yo itilize tèm "andikap” la pito.
Yo te pwomilge seksyon 504 nan Lwa sou Reyabilitasyon an nan lane 1973 (byenke yo te mete veto sou li 2 fwa). Men, yo pa t aplike li nèt lapoula, sa ki fè moun ki gen andikap yo pa t gen okenn aranjman ak aksè nesesè pou yo itilize sèvis piblik yo. Li te rete nan tiwa pandan kat lane. Sa te rive sitou paske biznis ak òganizasyon t ap fè presyon pou yo pa t aplike Seksyon 504 la. Yo te di li twò difisil ak enjis pou yo oblije yo amelyore aksesiblite sinon yo ap pèdi finansman gouvènman federal la.
Pandan manifestasyon istorik ane 1977 la ki rele "504 Sit-in” la, yon gwoup moun ki gen andikap te òganize yon manifestasyon sou fòm sitin nan plizyè vil pou yo mande plis aksesiblite ak aranjman pou moun ki gen andikap yo. Bilding federal yo te okipe pandan pi lontan an se te nan San Francisco. Moun yo te pase 25 jou ladan l. Manifestasyon sa a te kontribye nan amelyore dwa moun ki gen andikap yo nan Etazini epi li te finalman fè yo adopte nouvo lejislasyon.
Annatandan, pandan moun ki gen andikap yo t ap jwi dwa pou vote a, te toujou gen obstak an plas ki te rann li difisil oswa enposib pou yo vin vote nan Jou Eleksyon an. Men, lè yo te vote Lwa ane 1984 sou Aksesiblite Vòt pou Moun Aje ak Moun ki Gen Andikap (Voting Accessibility for the Elderly and Handicapped Act) yo , li te rann bagay yo posib nan egzije pou gen sant vòt ki aksesib pou yo nan eleksyon federal yo oswa yon lòt mwayen pou yo vote nan Jou Eleksyon an.
Pandan ane ki sot pase yo, Lwa Rosa (Rosa’s Law) a, yo te adopte nan lane 2009, te ranplase epi kondane itilizasyon tèm "reta" a pou defini moun ki gen andikap entèlektyèl yo. Tout moun te vote lwa a nan chanm reprezantan an. Adopsyon lwa sa a te montre yo te rekonèt gen kèk mo ki te vin gen yon sans negatif epi yo te pran angajman pou yo chanje fason moun yo te konn pale de moun ki gen andikap yo. Mo yo enpòtan. Antanke yon kominote, nou travay di pou nou konteste fason yo itilize langaj pou yo kontwole oswa bafwe moun ki gen andikap yo epi ede chanje fason piblik la wè itilizasyon mo sa yo.
Mo yo enpòtan. Antanke yon kominote, nou travay di pou nou konteste fason yo itilize langaj pou yo kontwole oswa bafwe moun ki gen andikap yo epi ede chanje fason piblik la wè itilizasyon mo sa yo.
Kominote Moun ki gen Andikap nan Vil New York ak Lòt Vil
Sou 1 milyon, gen anviwon 1 moun New York sou 6 ki di yo gen yon andikap, selon Biwo Majistra a pou Moun ki Gen Andikap yo (Mayor’s Office for People With Disabilities). Malgre gwo tonton chif sa a, nan yon ankèt Enstiti Rechèch ki nan Inevitable Foundation mennen, gen 66% nan moun ki gen andikap oswa ki pa genyen yo ki te dakò pou di yo pa twò reprezante moun ki gen andikap yo nan fim oswa medya yo.
Men, malerezman se yon bagay ki nòmal. Pifò espas prive ak espas piblik yo pa konsevwa pou yo entegre moun ki gen andikap. Ki rezilta? Moun ki gen andikap yo pa kapab vini nan espas sa yo. Moun ki pa gen andikap yo panse moun ki gen andikap yo swa pa gen enterè nan espas sa yo swa yo pa gen plas yo ladan yo. Kidonk, espas sa yo kontinye pa aksesib pou yo. Zafè pa aksesib la se yon pongongon.
Èske w te konnen? Selon Konsèy Minisipal New York la, genyen 283 estasyon MTA ki pa aksesib epi ki pa gen okenn plan finansman aktyèl. Epi 73% nan asansè yo an pàn. Mete sou sa, 96% nan sitwèb MTA yo pa respekte vèsyon Enstriksyon pou Aksesiblite Kontni sou Entènèt la (Web Content Accessibility Guidelines, WCAG) 2.1.
Genyen senk kategori obstak moun ki gen andikap yo fè fas: obstak fizik, sistemik, atitid, teknolojik ak kominikasyon. Pami egzanp obstak yo kapab genyen yon eskalye pou antre nan yon bilding (fizik), yon estereyotip (atitid), tèm ki denigran nan yon ansyen lwa (sistemik), yon sitwèb ki pa aksesib (teknolojik), oswa mank soutit nan videyo yo (kominikasyon).
Malgre fason New York kapab pote amelyorasyon, li se tou youn nan sèl 22 Eta yo, ansanm avèk District of Columbia, ki gen yon lwa ki detèmine si yon moun ki gen enkonpetans mantal ka patisipe nan eleksyon. [1] Lwa sou Eleksyon nan Eta New York § 5-106(6) di moun yon òdonans tribinal di ki gen enkonpetans yo p ap gen dwa pou yo vote. Lè yon tribinal pran desizyon pou di yon moun ki gen yon Twoub Devlopmantal (Developmental Disorder, DD) enkonpetan, li refize li dwa konstitisyon an ba li pou l vote epi li kore estereyotip ki di moun ki gen DD yo pa kapab pran pwòp desizyon pa yo.
Aksesiblite Vòt nan Vil New York
Vote se yon dwa fondamantal. Anfèt, se 15yèm, 19yèm, 24yèm ak 26yèm dwa nan Konstitisyon an. Moun ki gen andikap yo vle jwi menm dwa sa yo ak libète yo ofri chak sitwayen nan peyi sa a, san difikilte ni jijman.
Selon yon ankèt Center for the Independence of the Disabled (Sant pou Endepandans moun andikape yo) mennen, menm pou moun ki gen andikap yo mete pye yo nan pòt antre biwo vòt ki nan katye yo pou yo al vote se toujou yon gwo obstak pou yo.
Gen antou 64% nan sant vòt yo nan Vil New York ki gen youn oswa plizyè obstak aksesiblite moun ki gen andikap devlopmantal yo idantifye. Men, genyen plizyè metòd pou yo rann zafè vote a aksesib pou moun ki gen andikap yo. Pa egzanp: anpil ajans minisipal bay mwayen transpò gratis pou yo ale nan plis pase 77 biwo vòt.
Inite ADA ki nan Konsèy Elektoral (Board of Elections, BOE) la angaje l pou li asire l biwo vòt yo nan toulesenk awondisman yo aksesib pou tout elektè yo nan Jou Eleksyon an epi pandan Vòt Alavans lan. Yo asire genyen omwen yon Aparèy pou Make Bilten Vòt ak yon izolwa ADA nan chak biwo vòt yon fason pou chak moun kapab make bilten vòt yo. Lefètke yo te mete sou pye Vòt Alavans lan, sa te ede rann zafè vote a pi fasil tou. Epitou, gen yon bilten vòt pa korespondans ki aksesib epi ki disponib.
Mete sou sa, anpil antite endepandan ak antite minisipal, san wete CFB, ap travay pou jere zafè aksesiblite nan biwo vòt yo nan rekonèt obstak ki deja la yo epi bay aksesiblite tanporè lè sa posib, fè kanpay pou ogmante edikasyon elektè yo, epi bay opòtinite aprantisaj oswa fòmasyon pou fè plis sansibilizasyon sou aksesiblite elektè yo. Pou nou rann zafè vote a aksesib, nou tou senpleman dwe prezan epi montre sipò nou. Nou fè benevola epi nou patisipe nan evènman kominote moun ki gen andikap yo patwone epi òganize pou tèt yo pou nou ka tande yo epi aji lè sa nesesè.
Pou nou rann zafè vote a aksesib, nou tou senpleman dwe prezan epi montre sipò nou. Nou fè benevola epi nou patisipe nan evènman kominote moun ki gen andikap yo patwone epi òganize pou tèt yo pou nou ka tande yo epi aji lè sa nesesè.
Plan Aksesiblite CFB a
Selon Biwo Majistra a pou Moun ki gen Andikap yo ak Lwa Lokal la 12, CFB elabore yon Plan Aksesiblite Senk Lane ki global pou nou ka pi byen sèvi elektè yo. Nou prevwa abòde aspè aksesiblite a selon kalite aksè ki nesesè a: nan kad amelyorasyon fizik, nimerik, pwogram, kominikasyon, ak espas travay nou kapab fè pou nou garanti yon CFB ki pi ekitab. Plan an la pou nou egzekite l: sa nou kapab fè pou nou kreye yon eksperyans ki pi aksesib pou moun anndan ak moun deyò.
Plan Aksesiblite CFB a bay kontèks ak ide ki pi reyalis pou fè amelyorasyon. Se yon pwomès nou fè pou n rann zafè vote a aksesib pou elektè yo depi nan kòmansman jiska lafen. Pou nou fè sa, nou te òganize espas pou piblik la egzamine epi fè kòmantè sou plan an pou nou bat pou n elebore li avèk patisipasyon kominote a nan chak etap. Kominikasyon an enpòtan anpil. San li, nou ap echwe nan misyon nou ki se rann demokrasi lokal la pi ouvè, pi transparan, ak ekitab.
Men, sa se senpman yon pati. Nou pa ta dwe trete aksesiblite a tankou yon kaz pou koche. Depreferans, nou ta dwe pran san n pou koute epi konprann sa moun yo bezwen toutbonvre. Aksesiblite a se pa yon bagay ou annik rezoud epi w fini — se yon dyalòg pèmanan ki mande konpasyon ak konpreyansyon.