Foto yon desen sou mi ki di Shape Your Future (Prepare Demen Ou) sou yon mi ki nan kwen lari a​​ 
Eleksyon​​  16 Oktòb 2025​​ 

16 Oktòb 2025​​ 

Otè: Madonna Hernandez , Editè Kontni​​ 

Anvan Eleksyon Jeneral la fèt, li enpòtan pou nou pran yon ti tan pou n reflechi sou to patisipasyon nou te konstate nan Eleksyon Primè a. Avèk apeprè 1.1 milyon moun ki te vote, moun New York te make listwa nan Eleksyon Primè ane 2025 lan. To patisipasyon elektè yo te nan nivo ki pi wo depi plis pase yon deseni pou yon eleksyon ki fèt nan tout vil la, kote gen 29.9% nan tout elektè ki enskri yo ki te patisipe.​​     

An n egzamine chif yo pi pre pou nou ka pi byen konprann moman istorik sa a.​​ 

Vote pa Chwa Preferansyèl an Aksyon​​   

Eleksyon Primè ane 2025 lan se te yon lòt okazyon moun New York yo te genyen pou yo te itilize zafè Vote pa Chwa Preferansyèl la (Ranked Choice Voting, RCV). RCV a kontinye bay moun New York yo plis chwa nan eleksyon minisipal yo. An jeneral, pifò elektè yo te pwofite okazyon sa a.​​    

  • 79.2% nan elektè yo te klase chwa yo pou omwen yon fonksyon sou bilten vòt la.​​    

  • Gen mwens pase 1% nan bilten vòt RCV yo ki te gen yon erè vòt ki grav (yon erè nan klasman, ki fè gen vòt yo pa konte pou kous elektoral yo te klase yo a), yon amelyorasyon parapò ak 2021!​​     

To Patisipasyon Nan Awondisman yo​​   

To patisipasyon an pa t menm nan toulè senk awondisman yo.​​  Pa rapò ak eleksyon primè ane 2021 an, te gen yon ogmantasyon nan to patisipasyon an nan tout awondisman yo sof nan Staten Island.​​   

  • Manhattan mennen vil la avèk yon to patisipasyon 40.5% , swa yon ogmantasyon sèt pwen pa rapò ak 2021.​​    

  • To patisipasyon an te pi ba nan Staten Island kote li te 16.2%.​​    

Nouvo Elektè yo Te Pran Devan​​   

Youn nan pi gwo istwa nan eleksyon primè a se te enpak elektè ki fenk enskri yo te fè. Nouvo Elektè a te fè yon gwo enpak sou eleksyon primè a.​​    

  • Apeprè 60% nan elektè ki fenk enskri yo te patisipe, sa ki reprezante doub pousantaj elektè ki te enskri pandan plizyè ane.​​    

Jèn Elektè yo Te Soti Al Vote​​   

Jèn moun New York yo te jwè yon gwo wòl nan eleksyon sa a. Jèn elektè yo ap enplike yo deplizanpli pou yo fè tande vwa yo nan eleksyon minisipal yo. Bagay yo sanble bon pi devan.​​     

  • Elektè ki genyen ant 18 ak 29 lane yo te reprezante pi gwo to patisipasyon nan tout tranch laj yo ki se 35.2%, swa apeprè de fwa to patisipasyon an nan lane 2021 ki se 17.9%.​​    

  • Lè w fè konparezon, elektè ki gen 80 lane oswa plis te reprezante to patisipasyon ki pi ba a ki se 20.9%, yon to  ki sanble ak to ane pase yo.​​   

Metòd Vòt yo nan Eleksyon Primè a​​   

Moun New York yo te itilize yon dividal metòd vòt an 2025. Jèn elektè ki genyen ant 18 ak 39 lane yo te reprezante pi gwo moso nan kantite elektè ki te vote alavans yo, alafwa fas-a-fas ak nan kourye lapòs. Elektè ki gen 70 lane e plis yo te vote plis avèk bilten vòt moun ki absan. Men detay la:​​     

  • Gen 56.9% elektè ki te vote fas-a-fas nan Jou Eleksyon an​​    

  • Gen 34.5% elektè ki te vote alavans fas-a-fas​​    

  • Gen 3.6% elektè ki te vote alavans pa lapòs​​    

  • Gen 3.4% elektè ki te vote avèk bilten vòt moun ki absan​​    

  • Gen 1.7% elektè ki te itilize lòt metòd, tankou deklarasyon sou sèman oswa bilten vòt pou militè​​    

Te Gen Plis Elektè ki Te Enskri pou Vote​​   

Te genyen plis elektè ki te enskri pou yo vote anvan Eleksyon Primè ane 2025 lan.​​   

  • Ant mwa janvye ak mwa jen ane sa a, te gen plis enskripsyon ki fèt chak jou kote te gen apeprè 17,000 elektè ki enskri, pa rapò ak sèlman 3,000 an 2021.​​    

  • Pandan menm peryòd sa a, jèn elektè ki gen ant 18 ak 29 lane yo te reprezante 67.3% nan nouvo moun ki enskri yo, yon gwo ogmantasyon 56.2% an 2021.​​    

2 tablo ki gen yon konparezon kòtakòt ki montre to patisipasyon elektè yo soti nan elektè ki gen ant 18 ak 29 lane yo ak sila yo ki gen 30 lane e plis yo nan eleksyon primè ane 2021 ak 2025 yo. 2025 te gen yon to patisipasyon ki te pi wo anpil soti nan elektè ki gen ant 18 ak 29 lane yo an 2025​​ 

Nan lane 2025, to patisipasyon elektè ki gen ant 18 ak 29 lane nan Eleksyon Primè 2025 lan te pi wo.​​ 

Eleksyon Jeneral la Ap Pwoche​​   

Eleksyon Primè 2025 lan te mete aksan sou yon elektora ki pi angaje, sitou pami nouvo ak jèn elektè yo. Avèk to patisipasyon ki pi wo ak yon bon valè elektè ki enskri , moun New York yo montre yo vle bati demen yo. Pandan Eleksyon Jeneral la ap pwoche, tandans sa yo montre moun nan vil la pare pou yo soti al fè tande vwa yo.​​  

Nouvèl ki lye​​