Plizyè maskòt bèt ki poze devan senbòl selèb vil la ki gen ladan yon taksi jòn, pitza, ak bilding apatman​​ 
Eleksyon​​  22 desanm 2025​​ 

22 desanm 2025​​ 

Otè: Madonna Hernandez , Editè Kontni​​ 

To patisipasyon ak angajman elektè te ogmante nan vil la ane sa a. Patisipasyon nan eleksyon lokal yo te ogmante nan diferan kominote nan NYC pa rapò ak ane anvan yo.​​  

Fouye nan done sou to patisipasyon, tandans vòt yo, ak pwen enpòtan ane 2025 la, epi wè poukont ou jan moun New York yo te vote ak sa chif yo vle di toutbon.​​ 

To Patisipasyon an Te Ogmante Anpil Ane Sa a​​ 

Kijan angajman an te ogmante? Elektè yo te ale nan biwo vòt yo. Te gen plis moun tout tranch laj, elektè ki fenk enskri ki te patisipe epi ki te pote boure nan biwo yo, epi te gen plis jèn moun New York ki te pare pou vote.​​ 

Ilistrasyon kòtakòt ki montre yon ti komik yon oposòm ak yon ekirèy k ap itilize esmatfòn. Oposòm nan parèt nan yon poubèl NYC Votes, alòske ekirèy la mete yon chapo NYC Votes epi li pote yon sak ki gen mak, sa lese kwè se angajman sivik.​​ 

To Patisipasyon nan Eleksyon Primè an 2025​​ 

Te gen yon ogmantasyon jeneral nan eleksyon primè ki te fèt nan vil la:​​ 

  • To patisipasyon elektè 29.9% -- se to patisipasyon elektè nan eleksyon primè ki pi wo depi plis pase dis lane.​​ 
  • Elektè ki fenk enskri yo te pote yon nouvo enèji nan biwo vòt yo, avèk yon to patisipasyon 59.6%.​​  
  • Elektè ki gen ant 18 ak 29 yo te double patisipasyon yo pa rapò ak 2021, kote to patisipasyon an te rive a 35.2%. Jèn elektè yo te konprann antouzyas yo te kapab fè to patisipasyon an ogmante.​​  
  • Te gen 17,000 nouvo elektè ki enskri chak jou, prèske senk fwa ogmantasyon nou te wè an 2021.​​ 

To Patisipasyon nan Eleksyon Jeneral an 2025​​ 

Kantite moun ki te patisipe nan eleksyon jeneral 2025 lan nan tout vil la se yon bagay san parèy. Plis pase 2 milyon elektè te vin vote -- pi gwo to patisipasyon nan eleksyon jeneral pou majistra depi plis pase dis lane.​​ 

Te gen plis moun ki te vote anvan Jou Eleksyon an pase nan nenpòt ane elektoral ki pa ane eleksyon pou prezidan!​​ 

Zafè Vote pa Chwa Preferansyèl la nan NYC Ap Fonksyone Byen​​  

Zafè Vote pa Chwa Preferansyèl la kontinye defini nòm nan zafè posiblite ki genyen lè elektè yo klase chwa yo sou bilten vòt yo a. Li te rete yon eleman ki popilè nan eleksyon NYC yo an 2025, kote kandida yo te itilize li yon fason estratejik pou ede elektè yo fè chwa ki fè enpak reyèl. 79.2% nan elektè yo te klase kandida yo pou omwen yon fonksyon.​​ 

Ilistrasyon yon ekirèy ki mete yon chapo NYC Votes ki make yon bilten vòt pa chwa preferansyèl ki ekri 1ye rive nan 5yèm avèk yon kreyon.​​ 

Ti Kontribisyon yo Te Fè Gwo Enpak​​  

Pwogram Fon an Kontrapati a te kontinye chanpyon, nan ede kore kandida ki soti tout kote. Gras ak kontribisyon moun New York nan tout vil la, pwogram nan te franchi plizyè gwo etap enpòtan.​​  

  • Yo te bay kandida yo nan vil la plis pase 40 milyon dola.​​  
  • Apeprè 200,000 kontribisyon endividyèl te fèt pou kanpay yo e se 252,364 moun New York ki te bay kontribisyon sa yo.​​  
  • 91.2% nan kontribisyon yo se te 250 dola oswa mwens, sa ki montre ti monnen yo fè yon gwo diferans.​​  
  • Montan kontribisyon mwayèn nan se te 160 dola, sa ki pwouve nenpòt montan ede kandida yo ale nan eleksyon.​​  

Ane Chanje, Yon Lòt Angajman​​  

2025 lan se te yon gwo ane pou vil sa a gras ak ou. Gen plis bagay anje an 2026, epi nou espere w ap kontinye jwe yon gwo wòl nan sa k ap vini an.​​  

Nouvèl ki lye​​