Ou pa bezwen okenn eskiz: Chak elektè ki enskri nan New York kapab vote pa lapòs​​ 

Pa genyen okenn egzijans espesyal, epi ou pa bezwen ni eskiz ni rezon. Ou jis bezwen enskri epi pare pou w vote!​​ 

Vote alavans nan kourye lapòs se yon opsyon ki san danje, fasil, epi sekirize.​​ 

Mande bilten vòt ou nan kourye lapòs jodi a.​​ 

Kijan pou w vote pa lapòs​​ 

De fason pou Vote pa Lapòs​​ 

Ki diferans ki genyen ant yon Bilten Vòt Alavans nan Kourye Lapòs ak yon Bilten Vòt Moun ki Absan?​​ 

Nenpòt elektè ki enskri kapab itilize yon Bilten pou Vòt Alavans pa Lapòs pou l vote.​​ 

Oparavan, elektè yo te sèlman kapab vote pa lapòs lè yo te mande yon bilten vòt moun ki absan, ki te egzije pou yo bay yon rezon valab pou di yo pa kapab vote an pèsòn paske yo pa nan vil la, yo malad oswa blese, yo mete yo nan prizon anvan pwosè oswa pou yon enfraksyon.​​ 

Vote atravè Bilten Vòt Moun ki Absan an se yon opsyon ki toujou valid, men jounen jodi a nenpòt elektè kapab mande yon Bilten Vòt Alavans nan kourye Lapòs. Nan New York, ou pa bezwen eskiz. Se sa ki pi enpòtan pou elektè yo konnen.​​ 

Kit ou mande yon Bilten Vòt Alavans nan kourye Lapòs oswa yon Bilten Vòt Moun ki Absan, vòt ou a ap konte menm jan an – depi li gen so lapòs sou li anvan Jou Eleksyon an.​​ 

Lyen ekstèn​​ 

Mande yon Bilten Vòt nan Kourye Lapòs​​ 

Ou kapab mande bilten vòt nan kourye lapòs ou an nan Konsèy Elektoral NYC a​​ 

Mande Kounye a​​ 
Lyen ekstèn​​ 

Swiv Bilten Vòt Moun ki Absan mwen an​​ 

Ou ka swiv Bilten Vòt sou an liy sou sit Konsèy Elektoral (Board of Elections) Vil Nouyòk la​​ 

Swiv Bilten vòt mwen an​​ 

Dat Kle yo​​ 

  • Dat limit pou Chanje Adrès | Eleksyon Primè​​ 

    Lendi, 9 jen 2025​​ 
  • Dat Limit pou Enskripsyon Elektè | Eleksyon Primè​​ 

    Samdi, 14 Jen 2025​​ 
  • Vòt Alavans | Eleksyon Primè​​ 

    Samdi, 14 Jen 2025 - dimanch 22 Jen 2025​​ 
  • Jounen Eleksyon Primè a​​ 

    Madi 24 Jen 2025​​