Vòt Alavans la! Vote alavans samdi mas 23 - samdi mas 30. Jou Eleksyon an se madi avril 2.

NYC itilize vòt avèk Klasman Chwa yo pou fonksyon lokal yo

Nan eleksyon primè ak eleksyon espesyal minisipal yo, kounye a ou ka klase jiska senk *5) kandida nan lòd preferans olye pou w chwazi youn sèlman.

Gade transkripsyon an Kache transkripsyon

Nouyòkè yo genyen yon nouvo fason pou yo eksprime yo pandan eleksyon vil yo. Yon fason ki bay Moun k ap vote yo plis chwa epi ki ka mennen ak plis gayan ki divèsifye. 

Yo rele sa Vòt avèk Klasman Chwa. 74% elektè nan New York te chwazi sèvi ak li nan eleksyon primè ak eleksyon espesyal pou fonksyon minisipal yo tankou Majistra ak Konsèy Minisipal (City Council). Ou p ap jwenn Vòt avèk Klasman Chwa nan eleksyon jeneral oswa nan eleksyon pou fonksyon Eta a oswa fonksyon nasyonal yo. Men, nan eleksyon ki gen Vòt avèk Klasman Chwa yo, ou kapab kounye a klase jiska 5 nan kandida ou pi renmen yo pou chak fonksyon.

Men ki jan Vòt avèk Klasman Chwa yo fonksyone:

  • Sou Bilten Vòt ou a, ou pral wè kandida yo ki make sou liy epi klasman ki nimewote yo nan kolòn
  • Fè 1ye chwa ou a epi ranpli oval ki bò kote non li an anba premye kolòn nan nèt
  • Kòm toujou, ou ka jis vote pou grenn kandida ou pi renmen an epi soumèt bilten vòt ou a
  • Men, ou ta ka prefere plizyè moun
  • Si ou gen yon 2yèm chwa, ranpli oval ki kote non li an nan dezyèm kolòn nan
  • Fè menm bagay la pou twazyèm, katriyèm ak senkyèm chwa w yo si ou genyen

Kèk bagay pou w pa fè:

  • Pa klase menm kandida a plis pase yon fwa. Sa a p ap ede l epi li retire sou chans ou genyen pou w klase lòt moun ki nan kous la. 
  • Pa met plizyè kandida nan menm ran. Li kapab diskalifye bilten vòt ou a.
  • Pa enkyete w! Li konsène yon nouvo pwosesis epi ou ka toujou mande yon manm pèsonèl elektoral oswa yon nouvo Bilten Vòt, si ou fè yon erè.

Kidonk, ki jan yo konte bilten vòt ak Vòt avèk Klasman Chwa yo?

Si yon kandida fè plis pase 50% nan vòt premye chwa tout moun, li genyen eleksyon an touswit. Se sa! Si okenn kandida pa rive fè plis pase 50%, yo ap konte bilten vòt yo an plizyè tou. Tou apre tou, kandida ki gen mwens vòt la elimine. Kidonk, si yo elimine kandida ki pi wo a, vòt ou a ale nan pwochen chwa ki pi wo a. Sa ap kontinye konsa jiskaske se sèlman de kandida ki rete. Moun ki gen plis vòt la genyen!

Vòt avèk Klasman Chwa yo deja popilè nan anpil vil atravè peyi a paske Moun k ap vote yo wè li ede yo tande plis vwa. Kounye a se tou pa nou. 

Jwenn repons pou kesyon ou yo epi aprann plis sou nyccfb.info/rcv.

 

Poukisa nou itilize vòt avèk Klasman Chwa yo?

Nouyòkè yo te chwazi itilize Vòt avèk Klasman Chwa yo nan kad yon mezi pou bilten vòt an 2019. Li te pase ak 73.5% sipò.

Ki Eleksyon ki sèvi ak Vòt avèk Klasman Chwa yo?

NYC sèlman ap itilize Vòt avèk Klasman Chwa yo nan Eleksyon primè ak Eleksyon Espesyal pou Fonksyon nan vil la ki gen ladan: 

  • Majistra
  • Defansè Piblik
  • Kontwolè
  • Prezidan Awondisman an
  • Konsèy Minisipal

Ki avantaj ki genyen nan Vòt avèk Klasman Chwa yo?

Gen plizyè fason Vòt avèk Klasman Chwa yo kapab benefisye elektè Vil Nouyòk yo:

  • Li ba ou plis pwa nan chwazi ki moun ki ap eli. Menm si kandida premye chwa ou a pa genyen, ou ka toujou ede chwazi moun k ap genyen an.
  • Li ba ou plis chwa. Ou ka klase jiska senk kandida, sa ki pèmèt ou sipòte kandida ou pi pito a san ou pa enkyete w pou chans pou li genyen yo. 
  • Kandida ki plis divèsifye yo genyen eleksyon yo. Vil ki te vin ak Vòt avèk Klasman Chwa yo te eli plis fanm, epi plis fanm nwa, sa ki lakoz fonksyonè ki eli yo pi reprezantatif pou kominote yo a.

Kijan pou w ranpli bilten Vòt avèk Klasman Chwa ou a

Aprann kijan pou w ranpli bilten Vòt avèk Klasman Chwa ou a kòrèkteman. Apre sa a, pratike klasman chwa ou yo!

Ilistrasyon yon bilten vòt pa klasman

Eseye yon bilten vòt pratik

Kijan yo konte vòt yo ak Vòt avèk Klasman Chwa yo

Aprann kijan yo konte Vòt avèk Klasman Chwa yo nan eleksyon. Epi apre gade rezilta eleksyon fiktif yo!

Ilistrasyon yon bilten vòt pa klasman y ap fè kakil ladan l

Aprann kijan yo konte vòt yo

FAQ ki pi kouran

Èske mwen ka toujou vote pou yonsèl kandida?

Wi! Ou ka toujou vote pou kandida 1ye chwa w la sèlman. Men, klase lòt kandida yo pa nwi 1ye chwa w la. Si yo elimine sèl grenn 1ye chwa w la, vòt ou a p ap gen okenn enfliyans sou rezilta eleksyon an.

Èske mwen oblije klase yon total 5 kandida?

Non. Ou ka klase jiska senk kandida, men ou pa bezwen klase tout senk. 

Èske mwen ka klase kandida mwen pi pito a plis pase yon fwa?

Non. Si ou klase kandida ou pi pito a plis pase yon fwa (pa egzanp kòm 1ye, 2yèm, 3yèm, 4yèm ak 5yèm chwa w), se sèl premye klasman ou an k ap konte. Pa gen okenn avantaj estratejik nan bay menm kandida a plizyè klasman.